Maurice A. Sixto 1919-1984

0
1894
Maurice A. Sixto

Moris Siksto te fet Gonayiv, 23 me 1919, li se pitit Maria Bourand ak Alfredo Siksto ki se te moun Zile Lavyèj (Iles Vierges). Moris te kòmanse etid li nan lekòl frè Gonayiv yo. Fanmi l te vin kite Gonayiv epi janbe Senmak ak li,  Moris te gentan pase yon ti bout tan lekòl Senmak avan li antre Pòtoprens lan pansyon kay frè Senlwi Gonzag yo. Se nan klas 9vyèm li te antre  lekòl la, li kenbe pou jouk li fini etid segondè li.

Apresa Moris pat rete kanpegade, li te antre nan lame  pou l t al makelepa kòm ofisye. Li te antre lan Akademi militè a  nan pwomosyon lane 1947 la.. Erezman Moris pat rete fini pwomosyon an paske apre 3 mwa nan Akademi an, yo te mete l deyò poutèt li pa t vle fè tèt bese devan yon pwofesè.

Moris kite lame, li antre  nan medya yo, se konsa li te vin anplwaye nan jounal “Le Matin” kote li pase dizan. Pandanstan soti lane 1941 pou rive 1944, li te konn travay tou nan radyo tankou radyo HHBM ki pita vin tounen radyo MBC. Misye pat rete la senpman li te kontinye ap bouske lavi, se konsa limenm ak yon asosye te vin fonde ajans Sitadèl. Siksto te konn bay kou nan plizyè lekòl segondè sitou kay Madan Desvarieux ak Gaetjens.

Nan lane 1961, Siksto kite Ayiti li pati pou Kongo kote li viv jiska 2 me 1969. Okongo, Siksto kontinye anseye, li te vin pwofesè anglè e li te enterese tou nan kilti popilè pèp Kongolè a. Apre li fin pase six mwa nan vil Pari, yon mwa Matinik, li antre ak madanm li Filadèlfi kote li fè rès vi jouk lanmò pase pran l jou samdi 12 me 1984, li te gen 65 lane.

Siksto se te yon gwo atis, yon gran dizè, yon zetwal nan syèl kilti popilè Ayisyen an. Anfèt Moris Siksto pa yon odyansè jan kèk moun konn ap di, li se yon jeni nan fason jan li mete devan je chak moun sitiyasyon sosyal peyi a. Sa k pi rèd li pa itilize okenn gwo mo, se ak vokabilè kotidyen pèp la l ap detaye tout move mès yon klas sosyal malpouwont.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here