Mathias jwenn yon djòb

0
1255
Soti agoch pou ale adwat, Premye minis Jouthe Joseph ak Mathias Pierre

Mathias Pierre, ansyen kandida pou eleksyon prezidansyèl ki te vin krazekitesa epi al jwenn Moise Jean-Charles nan Pitit Desalin, fenk jwenn yon ti degaje nan men Jovenel Moise. Se Premye minis la Joseph Jouthe  ki te enstale misye kòm minis responsab pou zafè elektoral ak relasyon ak pati politik yo. 

Mathias  te reponn Premye Minis Jouthe konsa : mwen felisite w tou premye minis,  paske ou aksepte kolaborasyon mwen nan gouvènman w ap dirije a. Pou ekselans lan Jovenel Moïse ak ou, Premye minis, mwen pwomèt pou mwen aji kòm yon bon konpatriyòt e pou mwen pote lwayalman patisipasyon mwen nan sekou bato nasyonal la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here