Manifestasyon Liseyen yo

0
550
Tigwav, manifestasyon elèv yo

Gonayiv, anpil elèv diferan lekòl te pran lari jou lendi 5 mas la pou mande ministè Edikasyon Nasyonal pwofesè ki pou vin travay nan klas Lise yo. Anpil lekòl sa yo pwofesè yo angrèv, y ap mande salè yo ak pibon kondisyon pou yo travay.

Kèk elèv k ap fèmen pòt yon biwo nan Tigwav

Nan Latibonit elèv Lise yo sou twazyèm semèn yo san pwofesè. Didier Pierre ki se reprezantan sendika pwofesè yo nan Depatman Latibonit la fè konnen : pwofesè yo pap fè yon pa kita, yon pa nago toutotan Premye minis la Jack Guy Lafontant ak Pierre Josué Agénor Cadet minis Edikasyon an ap pase yo nan betiz.

Nan Tigwav, elèv Lise Faustin Soulouque yo te pran lari a pandan plizyè jou.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here