Si w gen maladi dyabèt, pa dekouraje, se pa ou sèlman ki genyen li. Nan Amerik Dinò, se kounye a deja 12 milyon moun ki gen maladi sa a. Tout moun sa yo ap mennen yon lavi nòmal. Nan peyi ki devlope yo, nan yon ti tan byen kout 65 milyon moun pral devlope maladi dyabèt. Se deklarasyon doktè Nannsi Chal Lako, responsab seksyon edikasyon nan Fondasyon Ayisyen Maladi Dyabèt ak Kadyo Vaskilè ( FHADIMAC an Franse), nan okazyon jounen entènasyonalmaladi dyabèt ak 75zyèm anivèsè depi yo te dekouvri medikaman ensilin, ki ede moun ki soufri maladi dyabet viv san twòp difikilte.
Depi mitan ane 1980, kantite moun ki te gen maladi dyabèt ogmante. Nan ane 1985, Oganizasyon Mondyal pou Lasante (OMS an franse) te fè konnen, gen 30 milyon moun pou pi piti ki gen maladi dyabèt sou latè. Nan lane 1991, menm òganis la fè konnen, gen yon lòt epidemi maladi dyabèt k ap devlope kay granmoun yo. Epidemi sa a lakòz pandan lane 1995, 120 milyon moun trape maladi dyabèt la. Pami tout moun sa yo, 5% se granmoun, òganizasyon mondyal pou lasante fè konnen, nan lane 2010 kantite moun ki pral genyen maladi dyabèt la ap ogmante rive 240 milyon. Se nan peyi pòv yo pifò moun sa yo ap ye.
Ki sa maladi dyabèt la ye?
Lè w gen maladi dyabèt se sik nan san w ki twò wo. Sa vle di, ou pa gen ase ensilin ki la pou boule sik sa a. Sik la rete dmi nan san w, nan kò w. Se lè sa a ou kòmanse santi ou pa bon, pipi anpil chak 30 minit. Ou toujou swaf, ou toujou grangou tout tan, ou vin mèg, ou pa wè byen, blesi yo difisil pou geri, kò w grate w toutan, ou toujou santi w fèb ak fatig. Tout sa paske ou gen twòp sik nan san w .Se nan sitiyasyon sa a, yon moun ki fè sik ap viv.
Kouman yon moun konnen li dyabetik?
Maladi dyabèt la parèt sou plizyè fòm. Premyèman, gen sa yo rele dyabèt tip 1, kote moun ki jèn yo manke ensilin. Kidonk, selil Beta ki nan Pankreyas moun nan kòmanse malad. Men, bò kote granmoun yo, se youn sou 100 moun ki genyen l. Malgre moun nan manje anpil, li vin mèg, li fatige tout tan, li menm rive pa ka dòmi. Dezyèmman, nou jwenn sa yo rele dyabèt tip 2 a ki bò kote granmoun yo. Dyabèt tip 2 a pa pi grav pase tip 1 an. Genyen tou, dyabèt tip 3 oubyen dyabèt twopikal. Li chita lakay jèn moun ki gen pi piti pase 30 lane. Lò w gen dyabèt tip 3a, w ap santi plizyè bagay, men ladan yo sa ki pi grav la se doulè nan ren ou gen pou santi rapid rapid. Gen plizyè bagay ki lakòz selil Beta ki nan Pankreyas moun nan vin malad. Ladan yo ou jwenn, lò moun nan manje twòp bagay ki gen pwodui chimik.
Ki sa ensilin nan ye?
Ensilin nan se yon medikaman ki endispansab pou moun ki genyen maladi dyabèt. Se pa tout moun ki gen maladi dyabèt ki pran ensilin nan. Men se sitou, moun ki jèn yo ki soufri dyabèt ki oblije pran ensilin nan. Ensilin se yon pwodui chimik moun ki malad la pran selman nan piki. Se nan ane 1921 doktè Bantin, Bòt ak Mak Leyòd, te jwenn medikaman mirak sa a. Medikaman ensilin nan pa geri dyabèt, men, li bay moun ki soufri maladi a yon souf. Kidonk, li pèmèt moun ki malad yo viv ak maladi a.
Sabrina Chovèt gen 33 lane, sa fè 32 lane depi l ap viv ak maladi dyabèt. Se depi sou 13 mwa, Sabrina Chovèt, gen maladi dyabèt. Jounen jodi a, Sabrina marye, li gen 2 pitit, l ap travay 2 kote. Pou anpil moun se yon bagay yo pa kapab kwè, pou plizyè lòt se yon bagay ki vrè. Men, kisa Sabrina fè, pou lavi l rete nòmal. “Se pa maji, se yon kesyon prensip ak respè pou lavi m. Doktè mande m pou m pran medikaman ensilin regilyèman, 4 fwa chak jou. Mwen dwe pran yon piki ensilin rapid chak 30 minit avan mwen manje, ak youn ki pi rapid nan aswè avan mwen dòmi, ki pou ede òganis mwen yo jwenn sik. Depi 32 lane m ap fè sa yo chak jou san rete, rezilta a pa lòt bagay, mwen toujou anfòm.”
Nan kontinye pale ak Sabrina Chovèt, li di nou : “Ensilin pa geri moun, li ede w. Premye tretman an, se moun ki malad la ki dwe fè l lè l respekte tout prensip kouman pou li viv kòm moun ki dyabetik. M ap di tout lòt moun ki jounen jodi a gen maladi dyabèt. Yo poko janm jwenn okenn medikaman pou geri dyabèt, yon doktè kapab kontwole dyabèt, men l pa kab geri dyabèt. Kidonk, se pou yo pran medikaman kòmsadwa, pou yo viv menmjan ak tout moun.”
Kolsonn Dòme