Depi anvan fen ane 2025 lan, yon latriye pastè pwotestan te deklare yo pap divize ankò, fòk yo fè tèt yo ansanm tankou gwoup ame Viv Ansanm. Se konsa ou pral jwenn pwofèt Mackenson Dorilas al vizite pastè Marco epi yo reyini paste André Muscadin ak paste Forges kite jwe yon kokenn wòl nan destabiliasyon peyi a sou pouvwa Jovenel Moise la.
Se moun sa yo ki te lanse yon mach pou lapè pou samdi 3 janvye 2026. Lide a parèt bèl pou anpil moun, menmlè se yon bagay abstrè yon mach pou lapè. Men kimoun, ki sektè ki reyèlman dèyè mouvman sa a, kote toudenkou pastè yo pran konsyans. Selman yo pa di, se Jezi ki voye nouvèl la ba yo, pou yo mache pou Ayiti kapab gen lapè ak sekirite.
Men kimoun menm yo vize, lè y ap mande lapè a ? Se kesyon a ki pa reponn, menm pandan mach la ki te gen anpil moun abiye an blan, epi ap balanse drapo Ayisyen kote y ap mande yon sèl bagay lapè. Men san pèsonn pa janm di ki moun mach la ap adrese pou mande lapè sa a.
Men kimoun menm yo vize, lè y ap mande lapè a ?
Se nan zòn Karade mobilizasyon an te derape ak moun ki soti nan divès rejyon nan peyi a. Youn nan diskou pastè yo te vann pandan mach la malgre diferans yo te genyen nan tan lontan, ijans nasyonal la kounye a egzije pou yo simonte divizyon yo. Anfèt se plizyè milye sitwayen ki te anvayi lari Pòtoprens. Pandan tout pwosesyon an, atmosfè a te rete kalm, pa t gen okenn derapaj, ni eslogan pimanbouk kont pesonn. Se sèlman priyè, chante, ak apèl repete pou lapè, kote popilasyon ap repete yo fatige viv nan laperèz ak ensètitid.
Youn nan bagay pou n chache konprann poukisa se nan tan fen lane sa a, posesyon pou lapè sa a fèt ? Pandan gouvenman an ap jwe tout kat pou l tabli yon lapè pèpè, pou l kab rete sou pouvwa menm apre manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fini 7 fevriye pwochen.
Si nou byen konprann se pat yon mach moun levanjil sèlman nou. Se yo ki te alabaz li men se yon mwayen pou tou mete tout moun ansanm. Se konsa ou te wè vodouyizan an te patisipe tou, menmlè fòk nou di l, sektè vodou a te lanse deja yon mach pou lapè nan dat 4 septanm 2025, kote gouvènman an te kanpe ankwa kont li. Lapolis te pase alaksyon, bare anwo bare anba moun te blje pa fè yon pa kita yon pa nago. Men fwa sa a kòm se afè pa yo, moman an nan enterè yo, tout bagay pase anbyen sou sekirite menm lapolis la.
« Menm si nou pa priye pou Ayiti menm jan an, nou ka mete fòs nou ansanm pou byen peyi a » se ak pawòl sa a pwofèt Mackenson Dorilas te resevra sou cha parad la, Wa Vodou a Augustin Saint-Clou, ki te bay akolad ak tout pastè levanjil yo. Anpil moun fè konnen mach la pat yon aksyon politik paske sandout pat gen okenn diskou politik. Enben se la a yo twonpe nou anpil. Ki sektè ki tire pwofi nan aktivite sa a, se pa lòt, se pouvwa anplas la.
Se poutètsa, nannan kesyon an pa janm poze vre. Sa k fè pa gen lapè nan peyi a ? Te kwè se paske Leta parazit la, leta k ap souse san popilasyon an se sèl limenm k ap jwe tout richès peyi a, kote tout resous lajan se yo k ap kouperache sou dominasyon peyi enperyalis yo presizeman peyi meriken Kanada ak Lafrans. Se yo ki vann tout antrepriz peyi a te genyen pou sitwayen te kab travay pou defann lavi yo. Jodi a peyi blanch, sèl machann nan lari k ap debouye yo pou yo siviv men apresa se tout koukouy klere pou je w.
Ensekite a se rezilta movè gouvenans Leta a, ki lage senpman yon ti zo atè, paske pou yo malere se chen. Enben se pou zo sa a nan katye pòv tout mou nap goumen pou yo pran yon dan. Eske w kapab jwenn lapè nan goumen sa a ?
Ap gen lapè, lè Leta a klas boujwa l ap defann yo sispann eksplwate malere yo, travayè yo kapab jwenn travay pou y ap touché yo salè komsadwa.
Lapè a pap vini tankou grenn lapli k ap tonbe. Se goumen pou n goumen pou li, nan denonse dirijan yo, kowonpi yo.
N ap mande lapè, men lapè a se pa nan syèl l ap soti. Lapè a se nou ki pou kreye l nan konbat vòl nan Leta a, nan fòse dirijan yo kreye travay , nan konstwi lekol ak lopital serye pou klas moun pòv yo viv tankou moun. Lapè a pap vini tankou grenn lapli k ap tonbe. Se goumen pou n goumen pou li, nan denonse dirijan yo, kowonpi yo. Se pa pwosesyon pou n fè, se manifeste komsadwa, kouri dèyè dirijan yo k ap vann peyi a, ki anpeche pèp la jwenn yon alemye, yon tikras chanjman nan peyi a. Si se mache senpman n ap mache pou n mande lapè, nou febk kare mache e nou pap janm jwenn lapè nan tèt, ni nan vant.
Si se konsa n ap aji, se dlo n ap pote nan moulen Leta piyajè a, se ranfòse n ap ranfòse koupab yo, ki responsab ensekirite a. Se yo chakjou k ap alimante l nan kenbe moun nan katye popilè yo nan malsite. N ap resi jwenn lapè, jouk lè nou rive flanke tout endividi nan klas politik sa k ap travay nan enterè enperyalis meriken an deyò peyi a.









