Lenguis Ayisyen Yves Dejean mouri!

0
3554
Iv Dejan

Pwofesè Yves Dejean mouri jedi 29 mas 2018 la, jou anivèsè konstitisyon 1987 la. Li te gen 90 lane, paskeYves te fèt 16 me 1927, epi li te vin pè Legliz Katolik nan lane 1952.

Jou madi 3 avril 2018 la ap gen yon veye nan yon lokal Inivèsite Leta Ayisyen an kote yo pral rann li yon kokenn omaj, men lantèman li ap chante  mèkredi 4 avril 2018 nan Legliz Saint-Louis Roi de France, Turgeau.

Men kèk liv, Yves te pibliye : Yon lekol tèt anba nan yon peyi tèt anba (2006-2013) ; The native language as a medium of instruction : An issue revisited (1999) ; Alphabétisation : Mythes et réalités (1997) ; Alfabetizasyon ak konsyans kritik : kesyon ak repons ; Alfabetizasyon san manti, mati san alfabetizasyon (1995) ; Notre créole à nous (1993 ; Comment écrire le créole d’Haïti (1977, 1980) ; An n aprann òtograf kreyòl la (1986) ; Dilemme en Haïti : français en péril ou péril français ? (1975).

« Ki wòl lang kreyòl la nan yon demokrasi? » se youn nan diferan atik Yves te ekri sou lang Kreyòl la.

 

Ki wòl lang kreyòl la nan yon demokrasi?

Depi 1804, tout pèp Ayisyen an konprann kreyòl, tout pèp Ayisyen an pale kreyòl. Depi 1804, yon ti ponyen Ayisyen pale franse tou, yon ti ponyen Ayisyen konprann franse tou.

Pou nou konprann enpòtans yon kesyon tankou “ki wòl lang kreyòl la?”  Sonje pa janm gen yon gwoup moun k ap viv ansanm sou latè, san yon lang.

Gen yon lòt kesyon tou. Eske lang se kichòy yo chwazi? (Tankou yo kapab di madan entèl chwazi mete yon wòb ble jodi a angiz li mete yon wòb wouj).

Pou ta gen chwazi lang toutbon, sa ta mande 2 kondisyon. Yon moun gen libète chwazi tèl lang epi rejte tèl lang pou tout sa k ap pase nan tèt li, tout sa li di nan kè l, tout lide l ap brase nan sèvo l, tout kalkil l ap kalkile, tout pawòl l ap pale ak pwòp tèt pa l.

Dezyèm kondisyon. Yon moun gen libète chwazi tèl lang epi rejte tèl lang, chak kou l ap pale ak lòt moun pou li fè lòt moun konn kichòy oubyen pou li fè yo fè kichòy.

Si 2 bagay sa yo kapab fèt vre, gen chwazi lang. Si yo pa kab fèt, pa gen chwazi lang.

Natirèlman, ni pou sa ki pase nan tèt yon moun, ni pou pawòl li pale ak lòt moun, nou tou wè moun nan pa ka chwazi ant yon lang li konnen ak yon lang li pa konnen.

Lè lide ap bouyi nan tèt yon moun, moun nan oblije sèvi ak yon lang pou sa. Lè konsa, se pa ak nenpòt ki lang li sèvi. Si li konn 2, 3 mo nan yon lang etranje, si li konn yon lòt lang malman, dekwa pou li ta fè yon ti pale wòwòt ladann, se sèten se pa ak lang sa a l ap kalkile mizè li oubyen l ap sonje tout bèl bagay li ta renmen jwenn pou tèt pa l, pou pitit li, pou fanmi li, pou zanmi li, pou li kite lespri li travay lib.

Nanpwen lòt lang pou li pran lè konsa, se yon lang li pale fen.

Pa bliye: pifò moun, an Ayiti, konn kreyòl sèlman, E pifò moun, nan ti ponyen ayisyen ki konn franse tou, se kreyòl sèl yo pale fen.

Lè moun ap repete pawòl chwazi lang sa a, san yo pa reflechi seryezman sou 2 kondisyon nou esplike yo, se konfizyon ki nan tèt yo. Yo konprann: anvi chwazi, se menm afè ak chwazi. Yo konprann: fè fent ak fè sanblan, se menm afè ak fè. E gen moun ki pa kalkile diferans ki genyen ant chwazi etidye yon lang (yon bagay ki pa twò difisil) ak chwazi konnen yon lang (yon bagay ki enposib).

Gen yon vye prejije ki ta vle fè moun kwè: se sèten se lang sèlman ki pa bay moun baryè e se yo sèlman ki chemen konesans. Okontrè tout lang pa chemen konesans pou tout moun. Pou yon lang sèvi chemen konesans pou yon moun, fòk moun nan deja konnen l. Si yon moun poko konn yon lang, li kab tounen yon baryè, yon antrav, pou moun lan. Si yon moun poko fin konnen yon lang byen, lang sa a kab tounen yon baryè olyede yon chemen pou moun lan.

Si kreyòl se sèl lang tout mas pèp Ayisyen toutbon, si moun pa konn chwazi lang, si chemen konesans moun se lang moun deja konnen, gen kèk kesyon nou merite kalkile: konnen se pou ki moun? Jounal, radyo, televizyon, se pou ki moun? Regleman leta, se pou ki moun? Sèvis leta, se pou ki moun? Tribinal, se pou ki moun? Lekòl, se pou ki moun?

Pou ki moun leta dwe mete lekòl an Ayiti? Pou tout timoun ak granmoun ki pale kreyòl. Se poutèt sa lekòl dwe fèt an kreyòl, piske pa gen moun nan peyi a ki pa konn kreyòl.

Pou ki moun tribinal fèt? Pou tout moun. Se poutèt sa koze tribinal, diskisyon tribinal, jijman tribinal dwe fèt an kreyòl, paske pa gen moun ki al nan tribinal an Ayiti ki pa konn kreyòl.

Pou ki moun notè, apantè, ofisye deta sivil ap ekri papye? Pou tout moun. Se poutèt sa tout papye tè, tout batistè, tout papye leta dwe ekri an kreyòl, paske nanpwen moun an Ayiti ki pa konprann kreyòl.

Pou ki moun prezidan, minis, senatè, depite, majistra ap fè diskou? Pou tout moun. Se pou tèt sa tout diskou moun ki anchaje yon sèvis leta dwe fèt an kreyòl.

Ki moun lapolis fèt pou li pwoteje? Tout moun. Konsa lè lapolis ap drese pwosèvèbal, li dwe ekri l nan lang ni viktim, ni temwen, ni vòlè, ni asasen, pale.

Depi gen yon gouvènman demokratik an Ayiti, wòl kreyòl dwe menm nan koze leta ak nan lavi toulèjou pifò moun nan peyi a. Sa vle di: se an kreyòl sèlman, yo kapab regle tout pwoblèm mas pèp la, ki pale kreyòl sèlman, se pou travay la fèt pou mas pèp la epi ansanm ak mas pèp la.

Men, kreyòl la gen yon lòt wòl tou. Li sèvi kòm yon premye mwayen pou kontwole si gen demokrasi, kreyòl se yon kondisyon nesesè pou gen demokrasi, men, se pa yon kondisyon ki kont pou gen demokrasi. Nan yon egzamen demokrasi, kreyòl kòm yon matyè eliminatwa. Si yon moun pa pase nan matyè sa a, li gen yon nòt eliminatwa. Li deja tou koule nan egzamen demokrasi a.

Poutèt kreyòl, prezidan, senatè, depite, majistra, kab pran nòt eliminatwa nan egzamen demokrasi.Menmjan tou: premye minis, minis, direktè ministè, jij, ofisye detasivil, notè, apantè, isye. Menmjan tou: monseyè, pè, mè, pastè, predikatè, direktè lekòl, pwofesè lekòl. Menm jan tou: doktè, dantis, enfimyè, famasyen, enjenyè, jounalis, eksetera.

Yon gouvènman ki pa sèvi ak kreyòl nèt, pa yon gouvènman demokratik an Ayiti. Men, atansyon: revè pawòl la pa vre. Yon gouvènman ki sèvi ak kreyòl nèt, pa yon gouvènman demokratik poutèt sa sèlman.

Gen moun mal konprann ak moun ipokrit ki fè kòm si mande leta ak gouvènman sèvi ak kreyòl, se menm bagay ak deklare kreyòl kapab regle tout pwoblèm Ayiti.

Tout moun merite wè klè nan koze wòl kreyòl la ak pwoblèm Ayiti. Kreyòl pa kapab regle okenn pwoblèm Ayiti, paske kreyòl se yon lang. Lang pa regle pwoblèm. Se moun ki regle pwoblèm.

Men, Kreyòl se yon kondisyon ki nesesè nan regle pwoblèm Ayiti. Sa vle di moun ki kapab regle pwoblèm Ayiti yo toutbon, se pèp Ayisyen an menm. E se kreyòl ki lang pèp Ayisyen an. Ki fè se ak kreyòl li oblije sèvi pou li regle pwoblèm li. Paske nanpwen regle pwoblèm, san pèp la pa mete men. E nanpwen mete men, san pa gen mete bouch.

Konsa, moun ki pa bay kreyòl anpil enpòtans nan solisyon pwoblèm Ayiti yo, se moun ki refize konprann gen zouti ki nesesè pou sèten travay fòt kwak zouti a pa menm afè ak travay la. Travay delivrans, devlopman ak pwogrè mas pèp Ayisyen an, se mas pèp Ayisyen an menm ki pou fè l. Men, youn nan manman zouti li gen pou sa, se lang li, se kreyòl la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here