Kowonaviris : Prekosyon pa kapon

0
1588
Aba Kowonaviris

Depi desanm 2019 gen yon lot maladi piga seren ki vin mete apse sou klou kote l pe plede fè hit nan voye plizyè moun al rekonèt yo nan peyi san chapo trapde. Kowonaviris oubyen Kovid 19, se non sa a ekspè nan lasyans yo bay pichon ak pongongon sa a ki pa nan griyen dan ak pèkeseswa tèlman l chovay e l pa pè okenn chay.

Pran desanm 2019 pou rive nan moman nou ap ekri la a, pèsonn pa fouti di aklè ki kantite moun ti Nana gen tan voye al bwa chat. Si n sonje byen nan vil Wouwann nan peyi Lachin kote malè pandye sa a te parèt pwent tèt li pou premye fwa a otorite Leta a yo te bijo mete 12 Milyon moun nan karantèn. Sa ta vle di anndan anndannèt, deyò deyònèt. Sa w tande a anwo pa desann anba pa monte nan mitan rete rèd kou ke makak plimnegouy.

Tout peyi nèt menmsi yo jwenn deja menm si yo pakò jwenn men sòl pa yo deside pran anpil anpil prekosyon paske yo konnen prekosyon pa kapon. E malgresa se pa ni youn ni de kadav yo pa antere deja. Se nan konsa pou nou pa kite pichon sa a pote boure sou nou an Ayiti, pou n pa di si n te konnen toujou dèyè men kèk ti konsèy nou ka bay. Premyeman se pou nou sèvi ak radyo jounal televizyon watsap, megafòn, legliz, peristil, gagè, mache  pou nou pase mesaj pou n aprann tout popilasyon an ki prekosyon pou yo pran pou yo pa viktim nan malè pandye sa a.

Pou mesaj yo pi enteresan epi byen pase yo dwe pase yo an kreyòl pou tout moun nèt alawonnbadè ka konprann san dlo nan je ak okenn tèt chaje. Men malerezman prekosyon sa a yo pap janm ase ditou ditou. Nan pale ak moun k ap travay nan sante nan peyi a gen anpil koze yo fè nou wè. Se yo ki sipoze gen tout teknik pou yo kouri anvan pou ede moun yo sizoka viris madichon sa a sa a ta parèt bridsoukou sou nou an Ayiti detan yomenm yo kapote tèt yo alabouchri.

Nou dwe di tout machann mache ak galon dlo yo ki gen klowòks ak yon bout savon lave.

Sa n pral di la ka bay gwo tèt chaje paske anpil nan yo di n yo pa vrèman gen anpil enfòmasyon vre sou viris sa a ki se yon gwo pwazon pou lasante moun. Kominikasyon ki pale sou prekosyon ki pou pran poko janm ka rive jwenn mas pèp la pa vre kòmsadwa. An n panse ak machann fritay yo, machann manje kwit yo k ap pran lajan ki soti nan tout kalte men, k ap vann. An n panse ak machann pen, kasav, tablèt, pistach, fresko, krèm ti pawòl elatrye….

An n panse ak tout moun k ap brase tout jounen tout lannwit nan lari a tankou chofè moto yo, chofè machin chofè kamyonèt chofè bourèt chofè kamyon, chany machann fwi machann pèpè elatriye machann kann kale machann pistach pa dwe kale pistach la. Kiyès divinò ki ka di n ki kote yo pral jwenn dlo agogo sa a pou lave men yo chak 30 minit lè n konsidere anpil kote nan peyi a dlo pi ra pase ti poud blanch lan.

Nou panse se yon kominikasyon ki pa dwe di moun nan sèlman lave men l, li dwe sitou baze sou reyalite nou ki byen esplike l aklè ki jan pou l fè l epi pou l byen fè l pou l pa lave men l siye l atè epi please fè kòve pou gran mesi.

Nou dwe di tout machann mache ak galon dlo yo ki gen klowòks ak yon bout savon lave, pa kole pre ak machann bò kote l la, pa kite rès manje pou moun nan, men separe manje a, pa itilize menm kiyè ak li. Lè nou achte pen ak kasav bobori, pase yo sou dife anvan nou manje yo, pase yon ti sèvyèt ki gen klowòks sou sachè ki genyen yo a.

Chofè taksi, kamyonèt, moto, mete yon bidon dlo ki gen klowòks ak yon bout savon pou fasilite n lave men n sitou si n ap manyen lajan.

Lakay chak moun dwe gen galon klowòks ak savon pou nou pase nan papòt lakay nou tanzantan, sou chèz yo, tout kote ak tout batay men nou ka manyen. Pou rive kwape giyon sa a, pa okipe okenn raketè a bib ki pe vin di n pou n priye sèlman nan desire nòtrepè ak jevousali. Si la priyè te konn geri maladi konsa kolera sida kansè pa ta kontinye pete fyèl moun toujou.

Pou nou reflechi an fonksyon reyalite nou. Nou pa gen dlo k ap koule nan wobinè 24 sou 24. E nou dwe koumanse kounye a, tout moun dwe aji kòmsi viris la te la deja nan mitan 2 pa pòt lakay nou. Paske se yon maladi grenn pwomennen l ye. Sa vle di tout peyi ka jwenn men sòl pa l tou tankou yon papa toudenkou. Ou menm ki pi avanse, pale ak fanmi w, kominote w. Ride yo si w gen piplis limyè sou kesyon Kowonaviris la.

Kowonaviris nan peyi Etazini 

Men chif ofisyèl yo depi yè (16 mas) vè 4 è te gen 4000 moun ki jwenn. Men gen 70 nan yo ki kadav anvan 10 zè nan aswè vin gen 4495 ka ki bay plis pase 80 kadav. Jodi a 17 mas la a 3 zè 45 gen 5100 ka gen plis pase 98 nan yo ki kadav.

Men klasman peyi Karayib yo ki gen moun Kowonaviris pete fyèl yo deja.

Dominikani : 21; Matinik : 15; Giyàn Fransèz : 11; Jamayik : 10; Anntigwa ak Babad : 9; Giyàn : 7; Bèmid : 6; Gwadloup : 6; Pòtoriko : 5 (+ 20 ka ki pa konfime)

Kiba : 4 ;Trinidad Tobago : 4; Senmaten : 2; Sent Lisi : 2; Awouba : 2; Kiraso : 2; Senbatelemi : 1 ;Baamas : 1

Senvensan ak Grenadin : 1; Zile Vyèj ameriken : 1

Zile Kayiman : 1;Babad : 1

Men peyi Karayib yo ki poko gen Kowonaviris

Ayiti : 0; Zile Vyèj anglèi : 0; Tik ak Kayikòs : 0

Geda L. Koneran ak J. Fatal Pya

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY