Kote pyebwa yo fè ?

0
728

Kote pyebwa yo fè?
Pye kafe yo?
Pye kokoye yo?
Pye palmis yo ?
Kote pye lam yo fè ?

Gen moun ki di
Yo bwaze
Kote yo ale?

Kote fèy kokoye yo?
Branchbwa yo
Fin seche
Y ap kase tout lasentjounen

Kote yo jwenn flè?
Flè ki sou lotèl
Katedral soufrans pèp la.
Flè y ap simaye
Simen toupatou
Fè fatra nan peyi a.

Kote yo jwenn fèy
Fèy y ap koupe
Kase fè pilsoupil 
Rache tout lasentjounen
Pou kouvri koripsyon
Nan tiwa Leta.

Nou pa nan sezon flè
Peyi a pa donnen flè
Kote yo jwenn flè
Pou y ap voye flè
Konsa
Sou kadav peyi a

Yon peyi latè bandonnen
Latè ap nwaye
Nan lanmè.
Yon peyi
Latè ap pran lanmè
Sou povant  li.
Yon peyi
San  refòm agrè.

Kote
Yo jwenn flè?
Pou y ap voye 
Bèl flè kanaval
Bèl flè sanzodè
Anwo yon peyi yo fin piye 
Anwo yon peyi yo koupe pye
Anwo yon peyi yo koupe pyebwa.

Peyi a sou beki
Peyi a pa gen pye
Peyi a pa gen pyebwa
Kote yo jwenn flè
Pou y ap voye flè
Konsa
Nan biwo Leta yo.

Yon peyi mwèl tèt li
Deyò
Tout pyebwa deplimen
Kote yo jwenn fèy?
Pou y ap kase fèy
Pou kouvri sa k pa sa
Nan tiwa Leta
Kote pyebwa yo fè?

Berthony Dupont

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here