Konferans pou laprès Fanm vanyan ak Respè dwa fanm

0
1710
Kat fanm òganizasyon Fanm vanyan ak Respè dwa fanm

Fanm vanyan ak Respè dwa fanm te bay yon konferans pou laprès kote yo eksprime pozisyon yo  sou gwo mobilizasyon ki anonse pou 18 novanm 2020 an nan tout peyi a.

Nan kad aktivite sa a, Fanm vanyan ak Respè dwa fanm te fè yon ekspozisyon foto viktim sou diferan masak ki fèt nan peyi a espesyalman sou popilasyon nan katye popilè yo.

Fanm vanyan ak Respè dwa fanm mande pou popilasyon sòti anfoul al pile beton an, jou k ap 18 novanm 2020 an kont  pouvwa Jovnèl Moyis la  k ap fin sasinen tout moun nan peyi epi pou di non ak kidnapin, non ak lavichè, non ak leta restavèk la ki mare nan pye tab gwo pisans enperyalis yo k ap pwodui lamizè ak ensekirite nan peyi a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here