Komite pou òganize fineray nasyonal pou Jovenel Moïse

0
820
Se manm gouvènman ki fè pati komite pou òganize fineray prezidan an ki te mouri sasinen

Jou ki te madi 13 jiyè a, Claude Joseph te prezante devan an nasyon an manm komite òganizatè pou fineray nasyonal Prezidan Jovenel Moïse. Se yon dekrè ki te te kreye estrikti sa a, li te pran nan Konsèy Minis yo epi li te pibliye nan jounal Le Moniteur jou lendi 12 jiyè 2021. 

Claude ensiste pou l di komite sa a te kreye nan akò avèk madan Jovenel, Martine Moïse ak rès fanmi  an. « Misyon estrikti sa a se òganize antèman chèf deta a avèk respè, solanèl ak diyite ki atache ak ran li. Komite sa a pral oblije ranpli misyon li annakò avèk enstriksyon Konsèy Minis yo. Antite nasyonal administrasyon piblik yo dwe bay tout kolaborasyon ki nesesè yo komite a. Leta ap bay li tout mwayen nesesè yo annakò ak lwa Repiblik la, «  se sa Claude Joseph te di.

Moun yo ak  enstitisyon ki fòme estrikti sa a,  se Minis Afè Etranjè, Kilti ak Kominikasyon, minis Enteryè ak Kominote Teritoryal yo, defans, Direktè Prezidan Kabinè Repiblik la, Sekretè Jeneral Prezidans lan. Ak Direktè Jeneral Mize Panteyon Nasyonal Ayisyen an ( MUPANAH).

Claude Joseph te fè konnen tou: “Gouvènman an gen de priyorite nan moman sa a, fini ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la ak òganizasyon antèman li.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here