Kidnapè yo libere kèk otaj

0
1260
Doktè Élie Henry ak pitit fi li Irma

Anpil moun ki te viktim zak kriminèl kidnapin pandan epòk fèt Nwèl jwenn liberasyon yo, apre fanmi yo fin peye yon pakèt lajan pou yo.  

Nou kapab site Berthony Sylva ak Jean Renold Saint-Hilaire, yo te anlve jou ki te madi 22 desanm lan, yo jwenn liberasyon yo madi 29 desanm lan.

Doktè Élie Henry ak pitit fi li Irma, yo te kidnape yo sou wout Kafou jou Jedi, 24 desanm 2020 an, libere tou lendi 28 desanm 2020 an. 

Nou poko tande okenn nouvèl pou Wisline Montas, yo te kidnape jou 24 desanm lan epi Dégraphe Grégory Sanon yon pwofesè ki nan men bandi yo tou.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here