Ki siyifikasyon fèt drapo a ?

18 me 1803 - 18 me 2021 : 218yèm anivèsè drapo ayisyen an, senbòl endepandans ak souverènte Ayiti !

0
1690
Se sa ki linyon se lafòs la!

Dizui (18) me chak lane patriyòt Ayisyen toupatou sou Latè, an Ayiti ak nan dyaspora a brandi Drapo yo ak tout fyète pou make Anivèsè nesans Drapo a. Yo gen rezon paske Drapo a se senbòl Endepandans ak Souverènte Peyi ak Nasyon Ayisyen an Zansèt nou yo te rive rache nan Chan Batay Zam Alamen ak Lame Endijèn la. Nou pa ka bliye gwo fanm sa a, Katrin Flon, ki te koud drapo a antanke patisipan nan gwo batay sa a. 

Drapo a se senbòl Konfyans Zansèt nou yo te genyen nan tèt yo paske Drapo a kreye anvan menm dènye Gwo Batay Vètyè a ki ta pral deside VIKTWA nou sou pi gwo lame alepòk, lame Napoleyon an, yon gwo diktatè kriminèl, Wa Franse. Drapo a tou se te senbòl Pisans, Omnipotans, Fòs, Sipremasi Konbatan Vanyan nou yo sou tout fòs kolon yo. Jouk jounen jodi a, Santiman sa a pran rasin nan tout kò, tout lespri, tout nanm Pèp Ayisyen an. Nou dwe kontinye nouri, repwodui ak devlope santiman ak lespri sa a anpèmanans. Pesonn pa kapab dechouke l nan nou. 

Nou abitye goumen pou dòt moun pran pouvwa epi se zafè pa yo, y al regle tousè l. E nou gen lontan n ap fè sa.

Malerezman, osito nou te pran Endepandans nou an, kolon yo pat demòd. Yo te mare sosis yo ak moveje lokal yo, nouvo klas dominan reyaksyonè ki te emèje yo, grandon ak boujwazi a pou sasinen Papa Nasyon an, Janjak Desalin epi kraze revolisyon an. Depi plis pase 2 syèk, laplipa klas reyaksyonè yo ki pran richès ak leta peyi a annotaj aji kont peyi a ak kont enterè fondamantal Pèp Ayisyen. Yo ekskli majorite Pèp la nan tout desizyon ekonomik, politik ak ideyolojik/kiltirèl nan peyi a. 

Jounen jodi a, 18 me 2021, majorite a ogmante. Majorite a nan chif 16 milyon moun. 12 milyon an Ayiti epi 4 milyon nan dyaspora a. Nan okazyon 218èm Anivèsè Drapo Nasyon Ayisyen an, nou gen pou poze tèt nou yon kesyon ak yon repons. Kesyon an se kouman li fè posib pou pandan 215 lane yon ti minorite zwit pran kontwòl tout richès ak leta/politik peyi a epi deside  san majorite a pa ladann? Kidonk, imajine nou, jounen jodi a, nou a 16 milyon Ayisyen ki kite yon ti minorite vwayou pran kontwòl 27,750 Km2 nou an! Kisa k ap pase nou konsa a? Kot Ayisyen Gèrye, Militè, Konbatan, Vanyan ki te fè 1791-1804 yo e ki te bat pi gwo lame sou Latè a? Èske dòmi pran nou sou volan an? 

Kilè Lwa Desalin nou, Lwa Kapwa Lamò nou, Lwa Makandal nou, Lwa Chalmay Peralt nou, Lwa Benwa Batravil nou pral danse nan tèt nou pou nou pa asepte tinèg esklav kolonize ak peyi kolon enperyalis kraze nou ak peyi nou? Kilè nap di NON a ti minorite zwit kap sèvi ak vyolans tout kalite pou oprime nou, dominen nou, eksplwate nou, reprime nou, kidnape nou ak masakre nou? 

Ositou, ki repons n ap pote a epòk pa nou an nan 21yèm syèk la an me 2021 antanke yon jenerasyon Konbatan, Gèrye, Militè, Vanyan? Nou pa gen tan pou n ap ranse, betize, jwe, plezire, bwè tafya. Nou bouke goumen pou bourik travay, chwal galonnen. Nou abitye goumen pou dòt moun pran pouvwa epi se zafè pa yo, y al regle tousè l. E nou gen lontan n ap fè sa. Nou dwe fè ripti total ak bagay sa a. Li lè, li tan pou nou pran desten nou nan pwòp men nou epi vin mèt desten nou. 

Si nou menm Pèp Ayisyen abitye goumen, pran pataswèl ak mouri pou bay vakabon pouvwa, nou dwe kapab goumen pi rèd pou nou pran pouvwa kolektivman nan enterè fondamantal kolektif pa nou.  Sa mande nou òganize tèt nou yon fason otonòm pou leve defi ti minorite zwit klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo, tiboujwazi reyaksyonè a ak peyi kolon enperyalis yo mete devan nou menm 16 milyon Ayisyen. Nou dwe reflechi seryezman sou sa. Nou se 16 milyon moun vanyan anfas yon ti minorite asasen, kriminèl, kowonpi alatèt peyi a.

Se espri kolektivite/espri solidarite sèl ki kapab sove nou, nan sa lenmi nou yo, asavwa, klas reyaksyonè yo (boujwazi, grandon), politisyen abolotcho yo, tiboujwazi reyaksyonè a ak peyi kolon enperyalis yo mete nou an. SE SA KI LINYON SE LAFÒS LA!  Se sa ki pou ba nou pisans ak konfyans nan tèt nou pou nou ankouraje mennen batay la kolektivman jiskobou, jiska laviktwa final. E se sa tout sans komemorasyon drapo a kòm senbòl endepandans ak souverènte nou antanke pèp ayisyen! 

Grenadye alaso! Sa ki mouri, n ap vanje yo!

Viv lit otonòm kan pèp la ak travayè yo kòm potomitan!

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here