Josh Casimir : Yon ewo lanmè

0
831
Eric Prevost Junior direktè« SEMANAH » te onore Josh Casimir

Nan apremidi ki te samdi 15 me a gen yon ti kannòt an fabèglas yo rele flaybòt yo ki te kite waf Monwi. Ti kannòt sa a ki te pote 19 moun t ap fè vwèl pou zile Lagonav pou l te al debake moun yo nan Komin Ansagalèt. Oo, 15 minit apre, yon ti neglijans ta pral mennen yon gwo gwo malè. Dapre sa Josh Casimir pral rakonte nan radyo apre l fin sove 3 moun, se yon kòd ki te antòtye nan youn nan 3 motè flaybòt la. 

Kapitèn nan te pito pete kabouya ak yon lòt travaye nan kannòt la ki t ap fè rebèl. Youn nan yo pat dakò pou te desann nan lanmè a pou t al detòtye kòd la nan motè a. Sa w tande a anvan yon bat je, kannòt la tonbe pran dlo. Depi w tande kannòt tonbe pran dlo sa vle di tout pasaje ki te ladan l yo pral bijo nan dlo tou. Pesonn pa bezwen di nou depi nou nan dlo konsa depi se nan mitan lanmè tout moun nan cho. 

An tou ka anpil moun ka twouve sa dwòl pou yon moun nan dlo epi pou w cho. Wi sa ka rive. Men sa pral depan nan ki sikonstans ak nan ki pozisyon ki fè w nan dlo a. Jan m te di l talè a, flaybòt ki rele Etwal Briyan ta pral sispann briye. Men pito l koumase tenyen paske te koumanse desann anba lanmè Monwi. Men nan pozisyon ak nan sikonstans sa a lanmè Monwi pat nan pyès karès ak lavi youn nan moun ki te ladan l yo. 

Paske Britan ki t ap file desann ak tout vitès anba lanmè Monwi te prèske rive nan lakou wayòm Agwe. Nonm sa a ki se sèl kok chante nan fon lanmè a t ap tann yo ak 2 bra louvri men lajè kòmkwa l te gen randevou ak yo. Nan yon bat je nan 19 pasaje lanmè ki te abo flaybò lontan sa la gen 8 ki te gen tan nan baz Agwe! 

Kounye a 11 ki rete yo pral demele yo tanmen batay po yo pa viktim anba grif lanmò ki gen tan koumanse fete pou ti vyann sa a yo yo t ap chache anlè epi Etwal Biyan te vin pote  yo ba li jis nan fon lanmè Monwi gratis ti cheri. 

Josh Casimir nan konba

Tankou chante a di l la. Yon konba ret yon konba. Alòs jou samdi apremidi sa a Joh Casimir te nan yon gwo konba anfas lanmò. Gras ak ladrès li jenn ti dayiva sa a ki gen kòd lonbrik li antere sou zile Lagonnav pral montre lanmò li pa pè l. E l pap ba l baryè lib fasil konsa pou l pote boure sou 3 nan lòt pasaje yo ki te abò Etwal Briyant yo.

  Josh, ak ladrès dayiva l pran 2 galon l mare yo ak yon sentiwon ki te nan senti l. li koumanse rale bras ak 2 gran moun ak yon ti gason ki gen 3 lane konsa. Josh te koumanse rale bras depi 5 kè konsa nan apremidi samdi 15 me a. L te denmen lajounen bò 10 zè Josh te fèk kare naje ak 3 kretyen tou vivan sou do l detan li menm li kenbe galon yo byen rèd anba vant li. Nan rale bras Josh te rive rale twa Ayisyen natif natal parèy li nan grif lanmò. E l te mennen yo atè kote tout moun t ap bat bravo Ayibobo pou li.  

SEMANAH bay Josh Ochan

Nan jou ki te jedi 20 me a, « SEMANAH » ki se zouti Leta mete la pou okipe sou koze lanmè te voye rele Josh Casimir. Se konsa Direktè a ki se Mesye Eric Prevost Junior te resevwa Ewo Lanmè a ak yon bèl ochan li byen merite. Apre sa, nan yon bèl bèl seremoni, Direktè SEMANAH te bay Josh yo bèl plak. Apre sa l ta foure yon bèl meday nan kou l ki te al chita byen djanm sou lestomak li ki te byen bonde.

Nan lokazyon bèl seremoni sa a Josh te tou pwofite mande Leta pou ride l fini klas li apre pou l ka kontinye al nan inivvèsite. Li te mande Leta mwayen tou pou ride l gen piplis konesans nan koze lanmè a. Men sanble te gen yon lòt konpatriyòt Josh ki te bay misye anpil bourad nan batay sa a l t ap mennen pou l te rive rache 3 pasaje yo nan grif mouche lanmò. Konpatriyòt sa a rele Doca Eloge-Be.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here