Inivèsite Leta Ayiti, yon espas ipokrizi !

0
1778

M pa vin pale sou inivèsite anjeneral, men sou yon aspè nan dinamik fonksyònman Inivèsite Leta Ayiti: jan inivèsitè yo kanpe devan kesyon moral, etik ak deyontoloji. Voltaire nan atik li ekri ki rele « Analyse de guerre » (Dictionnaire philosophique, 1764) te mande pou filozòf moralis yo boule tout liv yo, lè kapris yon ti gwoup moun sèvi pou koupe gòj yon pakèt frè nou nan lide pou montre lespri ewoyik yo. Men Voltaire pa t di se te nan lojik pou tabli yon nouvèl moral ki mache ak lespri XIIItyèm syèk fransè a (ki te chita sou lajistis, « Limyè yo », elatriye). Nan kontèks nou ye la a, ki kote nou menm nou kanpe fas ak moral, etik ak deyontoloji ?

Jis jounen jodi a, genyen anpil diskisyon sou fason yo defini twa mo kle sa yo epi sou jan moun delimite chan aplikasyon yo chak. Paregzanp, prensip ki di «pa touye moun» nan gen pou wè, an menm tan, ak moral, etik ak lalwa. Sa ki rete sèten, nenpòt fòm yo pran se yon kesyon dimansyon. Sou yon bò, se dimansyon espirtyèl (moral relijyez) parapò ak dimansyon tanporèl (lalwa oswa lòt valè sosyal ak kiltirèl ki patisipe nan repwodui relasyon moun ak moun); sou lòt bò a, se dimansyon pèsonèl oswa endividyèl parapò ak dimansyon asosiyativ (ki prezante sou fòm kòd oswa règleman). Alevini ki genyen nan mitan chak enstans sa yo rann tout demach pou separasyon difisil, kèk fwa li konn menm parèt enposib. An reyalite, sa ki rete nannan tout entans sa yo se kontèks y ap deplòtonnen an: yon kontèks sosyal, kote moun ap reprezante tèt yo epi lòt moun ap reprezante moun. Kòman alevini sa a fèt nan mitan relasyon inivèsitè-z yo?

An n antre dwat nan sitiyasyon n ap manyen an. Nan denyè lane sa yo, gen twa fè ki pase nan Inivèsite a ki montre kouman l sere kras kote ipokrizi ap taye banda, kouman l se youn enstitisyon ki pa danse kole ak zafè moral, etik ak deyontoloji.

Nan aprèmidi jou ki te 12 Jen 2017 la, dwayen Fakilte Etnoloji a, Jean Yves Marie BLOT, woule machin sou etidyan John Rock Gourgueder JEAN (Le Nouvelliste, 30/08/2017 ; LoopHaiti, 30/08/2017 ; Rezonòdwès, 12/06/2017). Pou reponn ak zak sa a, sou fòm reprezay, kèk etidyan te mete dife nan kat machin pwofesè ak kontab Fakilte a. Daye gen moun ki di, se moun dèyè ki t ap suiv briganday Blot a, ki reyaji anpremye nan mete dife nan machin yo. Pa t manke kondanasyon ki t ap soti tout kote, tankou nan Inivèsite Laval, Inivèsite Meksiko, nan sosyete a, nan mitan etidyan yo, nan mitan pwofesè ak asosiyasyon pwofesè (tankou CRNU ak SCE/UEH), elatriye (LoopHaiti, 30/08/2017).

Sa k rive a se yon fè, kidonk yon evènman ki make nan listwa. Nan ka sa a, se pa yon entansyon pwofesè ki ka retire nannan zak istorik sa a: yon tantativ pou Blot sasinen yon Gourgueder. Kit se ak tout entansyon chofè a, kit se etidyan an ki te vole anba machin nan,- jan komisyon byen monte rektora vle fè  kwè a –  sa k pase a rete yon zak konkrè, yon fè istorik. Yon pwofesè ki aji avèk oswa san entansyon se domèn entèvansyon lajistis penal. Alòs, se pa etidyan, pwofesè, pèsonèl, Konsèy Inivèsite a oswa Konsèy Egzekitif la ki gen konpetans pou panche sou kote penal zak la. Kòman yon lòt enstans kapab entèvni nan sa k ap pase anndan Inivèsite Leta Ayiti a, piske se yon enstitisyon endepandant epi otononòm (Atik 1 nan Dispositions transitoires, 1997)? Menm tèks sa a prevwa sitiyasyon kote lòt enstans kapab fè entèvansyon nan domèn Inivèsite Leta d Ayiti, men se avèk akò ògàn konpetan nan tèt Inivèsite a (Atik 5). Nan ka sa a, poukisa se Konsèy Egzekitif la ki chwazi panche tankou jij sou sitiyasyon k ap deplòtonnen nan Fakilte Etnoloji a, alòske li menm (tankou pèsonaj moral estime) li viktim nan menm long pwosesis kriz sa a, pandan okipasyon espas Rektora a ak DEP la pandan plizyè mwa ? Sa montre klè Rektora a pran yon seri pozisyon sispèk, paske se menm kriz la, men 2 epizòd diferan.

Wisner BAGUIDY

Nou dwe gen kouraj pou n di l ak tout fòs nou : chwa sa  a Konsèy Egzekitif la fè a se yon gwo kontradiksyon (yon aberasyon, nan langaj jiridik) nan kriz la, paske Konsèy Egzekitif la se pati viktim. Kòman li menm ankò pran pozisyon jij ? Li fè envantè sou espas ki te anba okipasyon yo, li akize, avili epi mete deyò yon seri etidyan. Kòman viktim fè ap bay tèt li jistis ?  Li klè se kont k ap regle. Desizyon pou mete 19 etidyan yo deyò a fèt dèyè do lalwa ak etik, menm si etidyan yo genyen responsablite zak ki rive nan moman okipasyon an.  Anplis, nan epizòd ki vini aprè okipasyon an, Konsèy Egzekitif la pran pozisyon pou yon pati, sa vle di li fè alyans nan konjonkti a. Paregzanp, li bay lokal Rektora Inivèsite a pou Dekana ak lòt responsab Fakilte Etnoloji fè konferans pou laprès, li bay espas pou administrasyon an fonksyone kote kèk manm nan pèsonèl la bay kèk sèvis, elatriye. Alòs, ki kredi nou ka fè Konsèy Egzekitif ak Konsèy Inivèsite a ? Ki konsiderasyon etik ògàn santral sa yo kapab fè ? Ki moral y ap deplòtonnen lè y ap sipòte nan mitan Konsèy Inivèsite yon dwayen ki woule machin li sou yon etidyan ? Kote etik ak deyontoloji pase nan mitan gwo doktè, pwofesè ak dirijan nan Inivèsite Leta a ?

Parezanp, militant Henda Ayari akize Tariq Ramadan pou vyòl, agresyon seksyèl, vyolans volontè, asèlman ak entimidasyon, inivèsite kote l pwofesè (Inivèsite Oxford) siapann li epi mete l disponib pou lajistis. Si pou yon senp akizasyon yo sispann Tariq Ramadan, nou menm ak ki figi n ap syeje ak Blot nan mitan nou tankou pwofesè-dwayen ? Ak ki moral pou l ta tounen nan Fakilte a ak menm tit sa yo ? An n pi serye ak tèt nou devan listwa, menm si pa gen yon kòd etik ak deyontoloji ki déjà etabli nan Inivèsite a, sa ta dwe yon jennman pou nou nan Konsèy Egzekitif la ak Konsèy Inivèsite a. Èske se ipokrizi k ap taye banda nan mitan nou oswa se politik n ap fè nan yon domèn akademik ? Èske se konnen nou pa konnen sa pou n fè, nan sa k gen pou wè ak moral, etik ak deyontoloji ? M gen anpil dout, puiske se menm ògàn sa yo ki te deside nan ka menm pwofesè Jean Yves Marie Blot fas ak Fred William an 2010, kote etidyan te fè pati yon seri lòt etidyan ki t ap denonse kondisyon kou t ap fèt anba anga nan epòk la (si n sonje pwomosyon 2009-2013 la poukont li te genyen 432 etidyan) ; konsa, nan echanj pawòl ak jès, Blot te akize etidyan an kòmkidire li ta frape l nan figi.  Alòske pa t gen ankèt ni prèv sou sa k te pase a, nou te deside mete etidyan an deyò. Sa ta fè n konprann akizasyon san prèv pwofesè a te fè kont etidyan an pi solid pou n deside pase lè menm pwofesè a woule machin li sou yon lòt etidyan ? Èske lajistis se kote pwofesè ak dirijan l dwe panche ? Etidyan pa moun nan je nou, ni nan je lajistis ?

Nan yon kontèks konsa, li enpòtan pou n fè yon ti gade figi nan miwa pou n wè ak kisa n sanble. Èske se ti komik nou ye ? Èske n dakò se similak n ap fè nan yon espas inivèsitè ? Kote dimansyon inivèsèl nou toujou mete devan lè n bezwen chita rapò miwo miba nou tabli tankou doktè oswa pwofesè fas ak lòt pwofesè oswa etidyan ? Nan kanpay elektoral pou pòs visdwayen pou koze rechèch, Blot te di « gen dòktè rat, gen dòktè sourit ». Se sèl listwa ki ta pote kèk ti limyè sou deklasyon kandida epòk la. Finalman, sa nou ye ? …

Lòt gwo kontradiksyon ki taye banda l nan mitan nou se kesyon komisyon ankèt Konsèy Egzekitif la te deside mete  sou pye a. Nou sot montre kòman Konsèy Egzekitif la ak Konsèy Inivèsite a pa bobo ak kesyon moral, etik ak deyontoloji epitou jan l pran kan l nan kriz la apati alyans li fè. Menm ògàn sa yo deside mete yon komisyon kanpe pou fè limyè sou sa k pase 12 Jen 2017 la nan Fakilte Etnoloji ? Ki limyè atò ? Yo mete mouche Wilson Dorlus ap rele yo moun yo vle pou vin temwaye bay komisyon an. Menm moun ki pa t la nan moman evènman an temwaye. Ebyen se yon limyè fènwa y ap chèche? Anplis kontradiksyon ki genyen nan pwosesis la, anpil moun ap mande tèt yo kòman yon seri pwofesè inivèsite chita sou wozèt zepon yo pou yo ponn sa a nan figi moun pou rapò ankèt. Alòske rapò a se transkripsyon yon seri pawòl san koyerans dwayen ki woule machin sou etidyan an t ap rakonte nan tout radyo. Kilè n ap serye ? Kòman majorite moun nan sosyete a ki pa inivèsitè, ki pa li nan ti lèt fen wè nou ? Poutan, kèk nan misyon Inivèsite Leta a se pou patisipe nan fè sosyete a avanse epi patisipe nan mete « Letadedwa kanpe ».

Atik 7 an Dispozisyon Tranzitwa yo di youn nan misyon Inivèsite a se pou l pou bay Letadwa jarèt epi goumen kont pratik gwo ponyèt ak boutdi. M ta renmen yon gran kònèsè di sosyete a nan ki nivo Rezolisyon baboukèt (Résolution sur le devoir de réserve des membres du CE et du CU, oktòb 2017) la, ki bay obligasyon pou okenn manm nan Konsèy Inivèsite a ak Konsèy Egzekitif la pa pale nan piblik sou desizyon ki diskite nan konsèy la, bobo ak kesyon Letadedwa. Li klè se kont Vis Rektè pou zafè rechèch la, Hérold Toussaint, yo pran rezolisyon an pran paske l te bay yon konferans pou laprès pou fann vant lan mete maleng nan deyò. Anba anba, anpil moun ap mande poukisa ipokrizi makiye ak manèv politik ap taye banda nan mitan yon seri inivèsitè gran kònèsè. Konsèy Inivèsite a ap vyole Dispozisyon Tranzitwa yo, alòske se youn nan ògàn ki pou aplike l. Nou dwe mande tèt nou kòman n ap ka bay Letadedwa jarèt lè nou menm n ap mete baboukèt pou kòlèg nou ak lòt inivèsitè-z parèy nou ? Kòman n ap aplike atik 7 nan Dispozisyon Tranzitwa yo ? Pa bliye, pwen 9 la ki di pou Inivèsite a bay solidarite jarèt nan mitan gason ak fanm nan sosyete sitou sila yo ki pa gen aksè pou yo jwi dwa pou yo travay, pou pwogrès, pou yo jwenn enfòmasyon, sante edikasyon ak lwazi, ak pwen 10 la ki mande pou Inivèsite a patisipe nan bay Letadedwa jarèt nan goumen kont pratik gwo ponyèt, nan fè chita pale ak patisipasyon pran plas gwo ponyèt. Sanble se Inivèsite a ki pou soti al lekòl nan men sosyete a ; oswa n ap mache tèt anba. Sa n ap ekri yo ak gwo diskou n ap fè sou reyalite a, ki sans yo genyen parapò ak pratik nou ?

Boutofen, nan jan Rektora ak Konsèy la ap mennen bak Inivèsite a, montre aklè genyen yon gwo kriz moral, etik ak deyontoloji k ap deplòtonnen nan figi nou. Kòman demen ap ye ? Nan diskisyon Michel Freitag (ane piblikasyon liv la) fè sou diferans ant fiti ak lavni, nan liv li ki rele « Le naufrage de l’université », li estime fiti se yon konstriksyon nou fè nan pase, alòske lavni se yon domèn ki pa sèten. Nan wout nou ye la a, si nou pa leve pye nou, « chen gen pou tranpe kasav pou nou ». Nou gen pou n fè fas kare ak yon kontradiksyon marasa : oswa nou sèvi ak lawont je pou chita pale tankou granmoun (malgre li difisil, paske l mande franchiz ak lonè) oswa nou kontinye fè similak nan pratik tikoulout pou kriz la rive nan yon kafou pwennfèpa, lè sa a n ap sèvi ak Atik 5 Dispozisyon Tranzitwa yo (menm jan Konsèy Egzekitif la te sèvi avè l nan kriz Fakilte Medsin ak Famasi an 2009). Èske jounen jodi a nou merite pou mande inivèsitè ak inivèsitèz pou boule liv moral, etik ak deyontoloji yo ?

M konnen m voye sab nan pwa anpil moun anndan Inivèsite Leta  Ayiti a, men se yon nesesite pou nou soti nan ipokrizi sa a n ap layite san jennman pou nou pale. Fò n pale !

Wisner BAGUIDY

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here