Franswa Makandal/Nèg Mawon: 20 janvye 1758

0
1804
Estati nèg mawon sou Channmas la

Istwa Franswa Makandal se pi bèl prèv sovajri kretyen loksidan ki vin vann nou levanjil ekspire a. Istwa Nèg Mawon se pigwo prèv rezistans kont aksyon atoufè yo bay pou blan kolon yo t ap fè sou zansèt nou yo. Anvan nou ale pi lwen an n fè sonje sa k te pase 20 janvye 1758. Se dat madichon sa a otorite kolon yo te boukannen Franswa Makandal tou vivan sou plas Okap devan de grenn je tout moun.

Menmjan bondye kretyen yo te kondane Lisifè poutèt li te voye pye kont abi ak mechanste ak lenjistis li t ap sibi. Makandal ki gen ti non jwèt li Nèg Mawon te konn voye pye epi krache nan figi blan kolon ki deside sou baz vèsè labib mete pèp nwa a nan lesklavaj pou kreye richès ba yo pou y al gagote 24/24. Sa se pigwo prèv mechanste kolon yo genyen pou esklav nwa a yo. Pran ti chèz ba nou, chita pou nou li ak tèt poze.

Jou madichon ki te 20 janvye 1758 la blan kolon yo rive met men ankò sou Makandal. Anpil fwa yo te konn sène l nan chimen jennen pou yo mete dife sou li. Men pèsonn pa janm rive konprann pouki ak kouman li fè pou l rive chape poul li. Gen de lè blan an yo konn konprann yo fin pran misye nan zatrap. Epoutan se lè yo rete yo wè se yon gwo wòch ki nan men yo oubyen yon branchbwa.

Se konsa jou ki te 20 janvye 1758 lan se jou sa a ki pat pou vanyan gason kanson sa a. Blan kolon mare Makandal sou yon pil bwa epi nan non lanmou bondye yo a yo pike dife sou nonm nan ki t ap gigote. Misye gouye kò l, li gouye kò l epi l rive detache kò l. Blan kretyen yo remete lapat sou nonm nan jis yo fin kankannen l tou vivan. Mezanmi nou wè ki jan bondye Izrayèl yo renmen nou. Yo tèlman renmen pèp Nwa a yo voye kretyen vin pike dife sou nou tou vivan.

Kiyès Makandal te ye ?

Nan lane 1750 yo konsa, Towo Gwonde sa a yo rele Makandal la se te pi gwo chèf ki te pote labanyè nan batay tout esklav ki te deside frape pye yo sou kolon blan je vèt ansasen kriminèl. Se pa an Ayiti sèlman yo konn tande pale sou gwo batay revolisyonè sa a ap mennen. Blan malpalan te konn ba l tout vyen non paske yo pat janm ka rive kraze tèt li tankou ti vètè.

Demon, dyab, satan, galipòt, malfèktè, se tout vye non sa a yo blan kolon yo te konn ba l pote. Ou wè lavi, non sal sa a yo pote plis sanble ak blan an yo pase Makandal. Makandal te yon gwo pèsonaj ki se te yon gwo revolisyonè. Misye te piti, men l pat mens ditou. Ni tou li pat pot pantalon l pou bèl twèl jèze ni dakoun. E l te gen gason sou li.

Se konsa ou ka rete ou wè l transfòme tèt li anmarengwen, pinèz, ravèt, mòpyon, flanman annipye, vennkatrè, gwo wòch, branchbwa bouke flè. Men sa listwa rekonèt san grate tèt, Makandal ki gen ti non li tou ki rele Nèg Mawon se te premye nèg ki te koumanse lage kout rach rezistans. Se Makandal menm ki te koumanse depatcha plizyè nan may chenn lesklavaj blan kretyen yo te met ni nan men nou ni nan bra nou.

Jou madichon ki te 20 janvye 1758 la blan kolon yo rive met men ankò sou Makandal.

Se konsa l te gen yon bon teknik pou l ta ka mawon anba krim ak mechanste blan an yo. Se sa k fè l te pote lamayòl kòm Nèg Mawon. Se menm Makandal sa a ki te vin bay batay liberasyon an yon lòt dimansyon. Lè w konsidere blan kolon yo mare konbyen santèn milye nwa nan chenn lesklavaj. Se pou yo te ka jwenn fasilite pou yo ranmase richès san gade dèyè. Makandal te frape pye l atè di se twòp atò fòk mizè ak pil krim sa a yo resi gen yon bout.

Zansèt yo te goumen pou n pat pran kout raso ankò. Makandal se te youn nan premye nèg vanyan ki te gen grenn pou tanmen gwo batay sa a. Men avèk yon ekip dirijan restavèk san konsyans nou fenk kare ap pran kout raso lawont ak mechanste ak lamizè. Li lè nou pa ka manje se kout raso mizè, ti moun yo paka al lekòl se kout raso linyorans. Bandi pou bandi gen plizyè kalib bandi tout koulè tout gwòsè nan tout sektè.

Bandi tout kalib patou ap teworize nou tout kote nan peyi a se toujou kout raso ensekirite. Yon moun k ap preche mas pòv yo levanjil reziyen pou yo krache sou Vodou a ki se idantite orijinal yo, se toujou kout raso alyenasyon. An nou fè lwa Makandal monte nou pou n resi fè yon priz konsyans pou nou kontinye viv ak menm mantalite zansèt nou yo ki se renmen peyi a tout kè n. Se konsa pou nou wè si nou ta sove peyi a pou sila ki pi piti k ap vini yo.

 

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here