Fenomèn Zafè m : Yon kou siprann

0
1135
Denè Seyid ak Rejinal Kanje

Pa sezi si yon tèks Zafèm sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl nan nouvo segondè a.

Pwonostik yon bon Ayisyen

 

Dimanch 9 jiyè 2023 a, minis edikasyon nasyonal peyi Ayiti, Nesmi Maniga, rete atansyon anpil moun ak mesaj sa a li pibliye sou paj Facebook li : “Se an Kreyòl enèji nou sanble! Pa sezi si yon tèks Zafèm sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl nan nouvo segondè a nan bakaloreya 2023. Menmjan sa deja fèt ak Bic Tizon Dife, Mauris Siksto, Franketytèn. Se pa sèlman pawòl minis la, se pawòl mizisyen an tou.

Efektivman dimanch 9 jiyè a Zafèm montre tout fanatik bon konpa sa l vo. Se nan yon lagaj konsa yon fanatik Zafèm t ap fè pwonostik. Anpil dout wi sou 2 mesye yo sou rezo yo ak kalib postè sa a. Donk mwen poko vle pale sou sa e ou di m sa w tande deyò a. Yon imaj vle di anpil bagay. Gen moun k ap analize l sou plan oryantasyon seksyèl mesye yo.  Gen lòt ki analize l sou kwayans espirityèl yo  E ou ki sa w konprann ?

« Zafè m, yè se te yon pwojè anpil medya t ap pase nan rizib. Men kòm nou tout ka rive wè l ak pasyans Denè Seyid ak bon matchòpwèl li Rejinal Kanje rive wè trip fwoumi fou. Jounen jodi a, sa yo pat vle kwè a tounen reyalite nan boul figi yo. Anpil moun renmen kalib mizik Zafè m nan ki dous kou siwo ti moulen nan plenn Disid. Depi jounen jodi a Zafè m pral tounen yon bon souvni nan memwa tout ansyen malpalan yo ». Se konsa Jid Brega wè koze Zafè m nan.

Pi devan daprè Jenms Pyè men sa “Zafè m ye: Timoun te depale. Lanati fè l bwè bave l.
Granmoun obsève. Kounye a limyè fè l briye. Desepsyon tounen mèt resepsyon.
Timoun li granmoun konprann. Sa vle di espirityalite koumanse nan moun menm kote limyè entelijans ak refleksyon koumanse patèt pwent pye l. Se diskou Rejinal Kanje, Zafè m!
Premye fwa Zafè m parèt tout kò l nèt li fè yon gwo malè.

Anplis prestasyon l te bay la se te tout yon gwo majè Ochan pou Kilti Vodou tradisyonèl. Depi sou gangans rad ki te sou Denè Seyid ak sou Rejinal Kanje yo. Se te pi bèl fason orijinal pou yo voye atizan lakay yo monte epi ankouraje pwodiksyon nasyonal la. Gras ak mòd rad lakay sa a yo Zafè m fè n sonje enpòtans atizana lakay epi tou ki jan l fasil pou kore pwodiksyon nasyonal la. Sa montre tou, nou ka toujou montre bagay tou nèf sa nou pa bijo koupe fache ak tradisyon dantan lontan yo.

Se sa Tikè Magazin, Karèl Pèd, Gi Wewe, Woutchèl Ayiti Byografi Wòm Babankou ekri sou paj ofisyèl Zafè m. San nou pa bezwen pale twòp twòp lansman Zafè m Samdi 8 ak dimanch 9 jiyè a nan Nouyòk montre Zafè m se Zafè tout moun ki renmen bon konpa. Kalte pwezi ladoudous ki gen nan bèl tèks yo mete sou mizik siwolin siwo yo vin fè Zafè m tounen Zafè tout moun nan moman an. Zafè m moman sa a se moman pa w. Kontinye fè zafè w. Bèl kout kòd Denè Seyid met sou vwa l ak vwa Rejinal Kanje ede Zafè m fè zafè l.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here