Fawouch lekòl gen gwo konsekans

Paran ak pwofesè dwe pran responsabilite yo, dapre ekspè yo

0
382

Lè Elisabeth te bebe, sou 4 oswa 5 mwa, bouton te pete sou tout pye, janm avèk kwis li. Yo te konn fè pi, epi lè yo resi seche yo kite gwo mak. Bouton sa yo t ap ale vini, jiskaske manman Elisabeth resi jwenn yon doktè ki ba li yon bon tretman.

Men anvan Elisabeth jwenn gerizon, lekòl te tounen yon lanfè pou li. « M sonje m te sou lakou lekòl la, m te gen 7 ou 8 lane, [bouton yo] te fèk ap reparèt nan pye m, Elisabeth rakonte. Madanm ki se siveyan nan rekreyasyon an, fè lòt timoun yo deplase pou yo pa jwe avè m. Apre sa, yo te vin ranvwaye m lekòl la. Yo di manman m yo p ap ka kenbe m akoz [bouton] ki t ap leve nan pye m. »

Jodiya, Elisabeth se yon yon jinekològ. Li di l konprann lekòl la te gen nesesite pwoteje lòt timoun yo akoz li te malad. Men izolasyon yo, lonje dwèt yo, pawòl yo te konn di l yo, te konn blese li anpil. Diskriminasyon, fawouch, asèlman, Elisabeth pran tout nan men granmoun kou timoun, pwofesè kou elèv, pandan ane lekòl la. Sikològ ki travay ak timoun oswa nan milye eskolè eksplike konpòtman sa yo ka gen gwo konsekans sikolojik negatif sou timoun yo, pafwa jiskaske yo granmoun.

Pèt konfyans

Moun k ap sibi fawouch la, prensipalman timoun yo konn rive nan yon moman kote menm tèt yo yo pa rive aksepte. « Moun konstui pwòp idantite yo apati de imaj yo gen de tèt yo, men tou, apati imaj sosyal yo, jan lòt moun wè yo », sikòlòg Samuel Jean Baptiste fè konnen.

Viktim yo konn pèdi konfyans nan tèt yo paske antouraj yo di yo pa bon jan yo ye a. E sa ka enpakte menm relasyon yo genyen ak lòt moun, kote yo vin paka fè moun konfyans, panse moun toujou anvi fè yo mal.

Elèv te konn fawouche Jeannette pou vwa li. Li pase pifò edikaksyon li nan lekòl kongreganis pou tifi, primè ak segondè. « Mwen te vin yon ti jan sovaj depi ou pa frekante mwen alalong, li eksplike. Li difisil pou m resevwa konpliman. M panse se yon mwayen defans lakay mwen. »

An Ayiti, pafwa se pwofesè yo ki pran plezi fawouche elèv yo. « Ansyen pwofesè mwen nan elemantè 2 te konn fè m wont pou soulye m ki te konn fè bri nan sal la lè m ap rantre..»

Li tou : Fessée, Rigwaz et matinèt… que dit la loi en Haïti ?

Timoun ki viktim fawouch, sa espesyalis yo rele asèlman eskolè a, kapab menm paka devlope kapasite kreyatif yo, oswa kapasite lidèchip yo.

Sofia ki jodiya se yon jèn manman, te viv yon eksperyans konsa. « Tout rèv mwen se te refè dan m ak bouch mwen, Sofia rakonte. Lè m nan 5yèm segondè akoz se mwen ki te pi briye nan sal la, elèv yo te chwazi m kòm “Miss” pou reprezante yo. Mwen pa t ale, m te di non m p ap ka afwonte piblik la. [Fawouch timoun yo] fè m grandi timid, fristre. »

Yon timoun k ap sibi asèlman nan men fawouchè li yo lekòl, epi pa gen okenn moun ki defann li oswa ba li èd, ebyen se yon timoun ki kapab izole tèt li, repliye l sou li menm. Izolasyon sa kapab mennen a depresyon e depresyon an kapab mennen a suisid, sikològ yo rapòte.

Konsekans grav

Laj kote timoun nan aprann pi byen se de 6 a 12 lane. Yo rele li twazyèm anfans, e se li ki pral debouche sou peryòd adolesans lan. Konsekans yo kapab difisil pou repare si nan moman sa a, timoun nan ap sibi yon fawouch ki fè l paka konsantre nan klas la, fè l pè vini lekòl la, paka dòmi, paka manje, elatriye. « Timoun sa a kapab bay lekòl vag, poutan l te ka aprann », Samuel Jean Baptiste di.

Depi timoun nan fache, kriye, joure oswa mande goumen, sa vle di l pa aksepte fawouch la, kidonk se yon asèlman l ap sibi si kamarad li yo kontinye.

Anmenmtan, tout ti diskisyon ant kamarad pa toujou vle di asèlman. Selon espesyalis Jean Baptiste, gen asèlman kote moun nan jennen fas ak yon jès ki fèt oswa yon pawòl ki di. Depi timoun nan fache, kriye, joure oswa mande goumen, sa vle di l pa aksepte fawouch la, kidonk se yon asèlman l ap sibi si kamarad li yo kontinye.

 « Elèv la te gendwa voye yon foto bay menaj li yèswa epi demen maten tout moun gentan konn bagay la », Ronald Jean-Jacques rapòte.

Koze asèlman nan lekòl se yon problematik espesyalis nan koze syans moun nan anpil peyi ap reflechi sou li depi nan ane 1990 yo. « Li kòmanse depi nan preskolè, rive nan inivèsite », sikològ Ronald Jean-Jacques fè konnen. Aselè a konn suiv viktim lan pandan lontan, menm lè yo kite kad lekòl la.

Pwofesè dezalòd

Pedagòg yo ta sipoze sansibilize epi fòme sou koze asèlman nan lekòl, patikilyèman fawouch. Paske, gen seri konpòtman timoun yo ap genyen nan lekòl la, se sèl pwofesè a ki kapab wè l, Ronald Jean-Jacques eksplike.

An Ayiti, pafwa se pwofesè yo ki pran plezi fawouche elèv yo. « Ansyen pwofesè mwen nan elemantè 2 te konn fè m wont pou soulye m ki te konn fè bri nan sal la lè m ap rantre, Michaella yon feminis ki gen òganizasyon li nan Jakmèl ap eksplike. Soulye a te gen fè anba l. Depi m vini, li di : ‘‘men djaz la’’. Tout timoun yo te konn plede ri m. »

Jounen jodi a, asèlman nan lekòl vin vityèl tou ak « revenge porn ». « Elèv la te gendwa voye yon foto bay menaj li yèswa epi demen maten tout moun gentan konn bagay la », Ronald Jean-Jacques rapòte.

Paran iresponsab

Gen plizyè sikonstans ki kapab mennen yon timoun nan asele timoun parèy li, epi refize sispann, malgre kamarad lan pale l.

Dapre Samuel Jean Baptiste, paran yo jwe gwo wòl nan sa. Si yon timoun leve nan yon anviwonman kote gen vyolans konjigal pa egzanp, l ap gen tandans repwodui sa li wè epi tande. « Si timoun nan kapab nan ap nui yon lòt, se paske l pa gen kapasite pou l aksepte diferans, bagay paran l te sipoze aprann li », sikològ la ajoute.

Viktim fawouch yo konn transfòme tou an gwo fawouchè. Yon bon egzanp se koze “ble” nan fakilte yo. « Sèl rèv [kèk etidyan yo te fè pase mizè se] fè sa k ap vini ane pwochèn yo pase plis mizè », Ronald Jean-Jacques rapòte.

Li tou: Le « Restavèk » haïtien, victime d’un système bien établi

Konsa tou, gen moun ki viktim fawouch ki nan fè fas kare ak aselè yo a vin vyolan. Michaella devwale li te viv sa nan FASCH. «Te gen yon gwoup medam lè m fenk rantre depi yo wè m ap pase, yo te konn ri m, li di. Finalman mwen mande yo goumen, m te rale boutèy sou yo, depi lè a yo poze. »

Vyolans asèlman pa fè moun fò sikolojikman. Se pito asistans timoun yo resevwa nan men zanmi, fanmi, pwofesè lekòl oswa manb legliz ki ede yo byen grandi.

Li difisil pou timoun ki viktim fawouch yo denonse sa oswa chache èd paske konn gen menas tou nan koze a. « Lè timoun nan al di pwofesè a sa, ka gen sanksyon, sikològ Ronald Jean-Jacques deklare. Men pwofesè a p ap toujou ap veye. Yo gendwa kwense [timoun ki pote plent lan] nan twalèt la e di l konsa, si pwochèn fwa li al di sa, y ap fè l pi mal. »

Pa gen bon fawouch

Gen moun ki panse fawouch kapab gen enpak pozitif sou timoun yo. Pou yo, fawouch la ka pèmèt timoun nan vin pi djanm, epi ede l aprann kenbe tèt li devan difikilte lavi a. Dapre moun sa yo, yon timoun ki paka sipòte fawouch, se yon timoun ki fèb sikolojikman.

Samuel Jean Baptiste pa dakò ak lide sa a paske « se t ap aksepte kreye yon sosyete kote y ap ensite moun vin vyolan pou fè fas kare ak fawouch. »

Pou ekspè yo, fawouch dwe bani anndan lekòl akoz tout vye konsekans li genyen sou sante mantal timoun yo, men tou, paske pa gen okenn byen nan fè vyolans. Vyolans asèlman pa fè moun fò sikolojikman. Se pito asistans timoun yo resevwa nan men zanmi, fanmi, pwofesè lekòl oswa manb legliz ki ede yo byen grandi.

Anpil elèv k ap travèse eksperyans fawouch ta renmen yon moun sipòte yo. Yo te konn rele Love-Lica Jeannée gòl oswa bagèt akoz wotè li. Yo te konn mande l pouki l ap grandi konsa, oswa li sanble ak yon timoun ki fè anemi.

Ansyen viktim fawouch sa a  fè konnen li t ap renmen nan epòk la pou yon granmoun oswa timoun parèy li di l konsa : « Ou pa anòmal. Okontrè, se moun k ap montre yo pi bon yo ki pa nòmal. Se jan w wè tèt ou ki pi enpòtan. Se pa sa lòt moun ap di sou ou. Aksepte tèt ou, ou espesyal, ou se yon mèvèy. »

 

Elisabeth, Jeanette, Sofia epi Michaella yo tout se non prete pou moun ki pa t swete devwale idantite yo nan kad atik sila a.

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY