Etazini: Non ak lagè Meriken nan peyi Venezela!

0
910

Nou pa kapab rete an silans sou dènye agresyon Etazini ap fè kont pèp Venezelyen an. Nicolás Maduro se prezidan Repiblik Bolivaryen Venezela a, sa fè de fwa pèp la chwazi l demokratikman nan yon pwosesis elektoral Kominote entènasyonal la te prezan kòm obsèvatè. Depi eleksyon Hugo Chavez, nan lane 1998, Etazini pa janm sispann kanpay destabilizasyon pouvwa popilè, revolisyonè nan peyi Venezela. Kounyea ak Donald Trump nan Mezon Blanch lan, kanpay la pran karebare fòm yon menas  militè, plis piyaj plizyè milya dola richès pèp Venezelyen an, ak yon pakèt manti y ap bay nan medya osèvis sistèm eksplwatasyon kapitalis la.

Samdi, 23 fevriye 2019 : Jounen solidarite ak Venezela, Manifestasyon nan Wall Street !

Depi plis pase yon syèk, Etazini ap fè lagè kont anpil peyi nan mond lan. Yo fè l atravè koudeta, envazyon, okipasyon ak lagè ekonomik. Juan Guaidó se yon restavèk Meriken. Li pa reprezante mas popilè Venezelyen an. Se yon bagay ki grav anpil, ridikil menm pou yon moun kapab rete konsa nan yon rasanbleman swadizan pou « defann demokrasi » deklare tèt li prezidan. Reyaksyonè nan kouran ladwat Venezela yo fè konnen eleksyon bolivaryen yo te genyen demokratikman an te gen fròd paske yo pa t patisipe nan yo. Pou rezon sa a, yo te pito angaje yo nan fè entimidasyon sou moun ki pral vote yo ; bagay sa a raple aksyon teworis  ki te konn fèt nan epòk lwa « Jim Crow » kont Afro-ameriken yo nan sid Etazini.

Sanksyon ekonomik ak manipilasyon lajan peyi Etazini lakoz pèp Venezelyen an ap soufri.  Marco Rubio ak medya reyaksyonè yo nan Miyami, se yo k ap telegide opozisyon Venezelyen an. Etazini pa janm dakò pou yon ti peyi sou planèt la jwi richès natirèl li ak jefò travay li san enjerans Wall Street ak Pentagòn. Venezela gen pi gwo rezèv lwil nan mond lan, epi li rich nan lè ak anpil lòt richès mineral. John Bolton ki te achitèk lagè kont Irak la fè konnen kareman :   yon chanjman rejim nan peyi Venezela ap yon kokenn opòtinite pou ogmante pwofi Wall Street. Nou kwè li.

Depi Revolisyon Bolivaryen an nan lane 1998, anpil jefò fèt pou amelyore kondisyon lavi klas travayè a, Afro-Venezelyen ak popilasyon endijèn yo nan Venezela. Malere, malerèz ouvriye yo wè anpil chanjman ak amelyorasyon nan salè yo, gras ak aksyon politik gouvènman an nan kad yon lit kont rasis, sèksis, omofobi ak inegalite ekonomik. Malgre sanksyon ak tout sabotaj lènmi yo, Venezela rete yon peyi demokratik  k ap pwone latransparan, eleksyon apre eleksyon. Venezela  ede anpil lòt pèp ki gen difikilte nan mond lan atravè yon pwogram eskpòtasyon gaz bonmache ak adopte lwa travay pwogresis. Aksyon sa yo fè pati yon lit mondyal travayè yo ak oprime yo ap mennen kont sistèm kapitalis la ak pisans enperyalis yo sou planèt la.

Se poutèt sa, n ap mande:

Sispann imedyatman tout aksyon reyaksyonè peyi Meriken kont Repiblik Bolivaryen an Venezela – Leve tout sanksyon yo ! Sispann pwomosyon koudeta yo ! Sispann kanpay pou detwi ekonomi pèp Venezelyen an epi respekte dwa ak souvrente pèp Venezelyen an pou l pran desizyon pou peyi l.

Renmèt imedyatman bay gouvènman demokratikman eli Venezela la ak pèp la tout sa yo te vòlè yo.

Wall Street dwe dedomaje pèp Venezelyen an pou tout soufrans l ap fè l sibi anba sabotaj, plis sanksyon ekonomik jenosid yo.

 

Nan lespri entènasyonalis Simón Bolívar, n ap lite pou yon mobilizasyon ak yon konba djanm pèp Venezelyen an pou l kapab jwi souvrente l libelibè. Nou  kwè « viktwa Revolisyon Bolivaryen se viktwa pou tout eksplwate ak oprime nan mond lan ».

Samdi 23 Fevriye 2019

Manifestasyon nan Wall Street

Pou enfòmasyon rele: International Action Center nan 212-633-6646

Samdi 16 mas 2019

Manifestasyon Washington

Randevou midi tapan devan Mezon Blanch

Ap gen yon otobis k ap sòti devan Ayiti Libète

Rele pou enfòmasyon ak rezèvasyon : 718-421-0162

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here