Èske kondisyon fanm kontinye ap amelyore ou byen l ap fè bak?

0
917

Se nan kad Selebrasyon Mwa Istwa Fanm yo, nan mwa Mas ki sot pase a, Jocelyn Gay yon fanm  k ap goumen nan kominote Ayisyen nan Bouklin, Nouyòk te akouche kokenn refleksyon sa a pou mobilize konpatriyòt fanm yo sou kapasite yo genyen ak valè yo  reprezante…                                                                       

 

Eske mit yo mete sou do fanm yo totalman disparèt ou byen nonb moun ki kwè ladan yo diminye? 

Tankou moun desandan Afriken ki kontinye ap pase tray anba men Eropeyen ak lòt moun ki te mete yo nan lesklavaj; tankou popilasyon endijèn lan ki te sibi yon jenosid kriminèl anba kilti ak zam fannfwa moun ki te anvayi tè l yo; tankou moun pòv, moun rich yo ap twouse nen sou yo, e menm blame yo pou kondisyon yo. Fanm ki pa kite kilti patriakal la entimide yo toujou ap batay kont opresè yo tankou gwoup sa yo.

Se konsa nou gen fanm nan tout varyete imen sou planèt la k ap fè chimen pwogrè tout kote malgre baryè, anpil enstitisyon ki baze sou patriyakal tankou leta aristokrasi, feodalis, kapitalis, relijyon òganize, lafanmi, lekòl, etc… kontinye ap mete sou wout yo. 

Enben, se pa moun fanm ye? pou pale tankou Sojourner Truth ki te konstate jan yo trete l diferan kòm fanm desandan afriken nan lesklavaj meriken te mande, «Se pa fanm mwen ye ? »  Kesyon li vle mande se : èske tankou tout ètvivan, èske fanm pa gen ensten ak dwa pou li viv tou ?

Amwenske bagay la chanje pandan m tap dòmi yèswa, paske nan aparisyon moun sou latè, femèl la te la anvan. Men, verite syantifik sa a pa janm anseye nan lekòl. Edikasyon sa a te sipoze fèt depi nan jadendanfan e menm nan lekòl segondè.

Medam sa yo pa janm twouve sèks kòm yon aktivite agreyab paske yo konn koud vajen yo apre yo koupe yo.

Donk, tifi k ap leve depi yo piti, yo sou enfliyans yon pakèt mit yo pwograme sèvo yo ak yo, e li difisil, prèske menm enposib pou yo rejte yo, lè enstitisyon nou sot mansyone yo ap repete yo tout tan, jiskaske anseyan yo kwè nan manti sa yo tou.

Nan pwen anyen fanm yo dwe pwouve lemond ankò nan kapasite fizik ak mantal yo.  Fanm briye nan tout domèn.  Ekspètiz fanm demontre nan tout sa yo entreprann.  Sepandan, nan yon pakèt domèn yo reyisi, diskriminasyon an rete jiskaprezan:   

  1. Fanm kontinye ap touche mwens pase gason toujou pou menm travay la, nan sektè prive yo. Depi lè y ap anplwaye yo, yo ofri yo mwens kòb.
  2. Fanm penalize pou pwomosyon poutèt yo ansent.
  3. Lè yo ansent, yo pini yo paske y al nan twalèt twò souvan
  4. Lè yo mande pou kite travay la anvan lè paske pitit yo gen ijans, yo penalize
  5. Nan sèten domèn, pa gen modèl pou fanm ki gra.
  6. Gen kèk fwa yo pa anplwaye yon fanm nègès paske cheve l yo natirèl
  7.  Pwodui fanm tankou razwa, krèm pou kò, chanpou elatriye.. vann pi chè pase pa gason
  8. An palan sou razwa, gen yon pratik ki ap kontinye toujou nan sèten kilti, se sa yo rele mitilasyon jenital feminen. Se yon pratik kote fanm pran pitit fi yo, ak benediksyon mari yo, pou koupe klitoris li ak vyann ki antoure bouboun tifi a (sa yo rele lèv oubyen labya a) san rezon medikal, san anestezi avèk jilèt, moso boutèy, tèt bwat lèt, nenpòt bagay ki ka koupe.  Kilti an di se sa k pou fèt pou ti fi an kapab gen valè pou maryaj.  Anpil moun pa kesyone barbari sa a. Gen lwa ki pase nan Nasyonzini kont pratik sa, men l ap kontinye toujou.  Si sikonsizyon gason, ki deja yon bagay kriyèl, te devore l konsa, pratik la t ap sispann lontan.  Gen omwen yon rezon medikal ki fè yo retire ti vyann ki kouvri tèt pijon l lan. Se pou evite enfeksyon.

     Men, pa tifi yo okontrè, se tòtire yo tòtire li pou kontwole li.  Anpil fanm mouri nan pratik sovaj sa a, epi yo blame yo ankò.  Yo di se paske yo se sòsyè ki fè yo mouri.  Yo anplwaye tout mwayen pou terorize tifi yo pou fè yo aksepte mechanste an, epi yomenm, bonkou nan yo mouri ak enfeksyon apre yo fin koupe klitoris yo. Nou konnen pratik sa a pa fè sans ditou, eksepte pou moun ki vle kontwole fanm. Medam sa yo pa janm twouve sèks kòm yon aktivite agreyab paske yo konn koud vajen yo apre yo koupe yo.  Donk, doulè anraje toujou konekte ak sèks pou fanm sa yo.  Tousa, se pou fè yo rete sou dominans gason.

Pami tout pratik kitirèl sa yo, nou ka di, si fanm pat ede kontinye ak vye kwayans ki asosye ak yo, mizojini t ap disparèt pi vit.

  Fanm se manman limanite, premye sous manje, premye doktè, premye edikatè, premye kontab finans lan fanmi ak gwoup li ladan. Men, lè koudeta sosyal e ekonomik la fèt sou fanm, anpil pouvwa fanm te genyen vin pèdi, e anpil kòmanse ap ranmase vye aksyon agresif gason yo sou fanm.

Tout premye sosyete, ak klan yo, fanm te dirije yo alapapòt. Men, lè sosyete yo kòmanse ap vin pi konplike, gason kòmanse ap pran pouvwa e monte sou tèt fanm. Yo te gen plis tan sou bra yo pou fè konplo ak magouy.  Definitivman, gen fanm ki toujou batay kont sa, men piske jeneralman, fanm toujou gen plis bagay pou l fè, koudeta an reyisi e fanm pase anba pye.

Nou konnen pa gen anyen syantifik ki di fanm enferyè ak gason, kidonk, menm jan eropeyen yo jistifye sipremasi yo sou zafè aparans, (koulè nwa ak blan), mesye yo jistifye siperyorite mitik pa yo an ak « se lwa bondye ».  Yo repete kwayans tètanba sa a sitèlmanke, fanm yo ranmase l, se konsa yo vin pran nan petren.  Se pou sa, kòm mwen te remake anvan, mizojini an vin pwopaje pa fanm tou. 

Tande 2-3 mit kèk fanm ap ede pwopaje:

Mit Yo (Manti, kwayans, lejann, istwa imajinè):

Fanm yo sòti nan kòt gason  –  Fanm se sèks fèb  –  Si fanm nan montre anpil kapasite fizik, li se yon gason fanm oubyen lesbyèn  –  Sèvo fanm paka konprann matematik ak lòt syans ak teknik  –  Fanm renmen tripotaj pase gason  –  Tout fanm ta prefere vin gason  –  Fò fanm marye ak fè pitit pou li fanm  –  Si yo fè kadejak sou fanm se fòt li  – Si bòs fanm arase l seksyèlman, se fòt li  – Fanm ki bòs toujou pi anraje pase bòs gason  –  Si fanm rete pòv, se paske li pa entelijan oubyen li pa travay di ase – Si mennaj fanm ou mari fanm, ou papa fanm ou frè fanm, pitit gason fanm, ou menm zanmi gason fanm bat li, se paske li merite l paske li enèvan ou enpètinan ou twò cho – Fanm pa sipoze al lekòl, pou l pa vin twò frekan konsa y a panse li pi bon pase gason – Fanm ki feminis rayi gason.

Pou nou fanm afriken yo, n ap boule ak patoloji espesyal pa nou tou:  

Fò cheve nou long pou nou fanm  – Fò cheve nou swa e nou met makiyaj pou nou bèl  – Fò n konn fè manje, lave, pase pou nou fanm  –  Kuizin nan se plas nòmal nou  – Si n met rad kout ak dekòlte nou se bouzen –  Si mari n ap travay deyò, nou pa oblije al travay deyò tou, menmsi nou gen yon pwofesyon e pa gen pitit  –  Lè fanm pa marye li se darati kòn siye, li pa gen sansyalite ankò  – Se fanm jèn sèlman ki konn fè bon sèks e ki bon pou fè sèks –    Depi yon fanm souri bak ak yon gason ki souri ba li, li se yon prostitiye, bouzen, fanm cho, chòrèt, kolokent, kouto debò, lafrechè, etc… e li merite mouri –  Lè fanm marye li ansent; lè l pa marye li gwòs – Depi yon gason ap fè sèks avèk fanm, li konn kanmèm kouman pou l satisfè l san li pa janm mande l kisa l renmen –  Se fanm ki pou toujou sipoze anba lè l ap fè sèks – Si li pran inisyativ, se paske se yon lòt gason ki aprann li sa e li merite mouri – fanm annafè ak misye marye, se li ki pa bon, (li pran nonm nan) se pa mesye an ki derespekte madanm li (blese li, imilye l devan lasosyete) lè l li pran pòz li bliye li te rantre nan yon kontra sosyal monogamik  –  Yo di fanm : maryaj sivil pa maryaj, fò l marye anblan nan legliz pou li montre li marye vyèj –  Fò l resevwa bag pou gason an montre l li renmen l – Valè fanm se nan vijinite l.

Sa yo se yon ti kal nan mit fanm ap eseye rejte depi lontan e yo paka retire yo sou do yo paske anpil fanm parèy yo ap pwopaje yo tou.

Men malgre sa, anpil fanm refize bay mit sa yo valè, malgre yo kontinye ap fè dega. Yo di y ap selebre fanm ki, malgre sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik la ap batay kanmèm pou genyen 2-3 avans.  Menm jan nèg an jeneral pa janm aksepte se bèt yo ye, e yo batay kont lesklavaj, fanm an jeneral toujou refize aksepte se bèt desòm yo ye tou.  De tanzantan yo fè zak ki demontre, menm si yo pa gen gwo zam nan men yo pou yo batay, yo pa aksepte inegalite yo ladann nan.  Selon rapò 2020 Nasyonzini an, majorite fanm sou latè kounye an twouve li pa nòmal pou gason ap bat yo.

Tèm ane sa a pou selebrasyon MWA ISTWA FANM lan se “Fanm Vanyan ki te batay pou dwa vòt”.  Se te tèm lane 2020 an.  Medam yo di y ap kontinye fete fanm vanyan sa yo ak tèm ane sa a se “Fanm Vanyan ki te batay pou vòt yo: Yo refize rete bouch pe” (kite bouch yo fèmen). 

Fèt pou selebre Jounen Entènasyonal fanm travayè yo te gaye sou chan batay.  Se pa gason ki fè n kado l menm si nou te genyen yon ti ponyen ki te kanpe avè nou. Fanm t ap bouje ak fòs pou fè rekonèt valè yo e, anpil valè fini pa rekonèt.  Sepandan, gen anpil travay ki pou fèt toujou.

Kòm konklizyon, se fanm yo ki pou sispann patoloji ak manti yo natirèlman enferyè a gason an tankou moun afriken ap batay toujou pou retire mit yo enferyè a Eropeyen. Lè fanm di li bezwen egalite, li pa bezwen vin gason.  Li pa bezwen vin agresif pou l nan batay ak gason. Li bezwen egalite opòtinite pou l ka viv byen, pa senpman siviv.  Li bezwen patnè li, bòs li, pitit gason li, zanmi gason li respekte l pou konesans li, fòs kouraj li ak vizyon li. Nou konnen gen gason ki konprann sa, men fò yo defann fanm dèyè do yo tou, lè yo chita ak lòt gason nan kwafè, nan garaj, kote y ap jwe jwèt sou tab yo, sou teren espò ak nan kabann. Madanm ou pa propriyete w pou fè sa ou vle avè l.  Ou senpman siyen yon patnèchip avè l ki ka sispann lè nou tou de deside pou fè sa.

Fanm konsekan pa janm ezite met men yo nan travay.  Yo se premye edikatè e yo leve pitit gason yo pou respekte valè fanm.  Se sa ki fè nou gen alye gason k ap defann dwa manman yo, granmè yo, sè ak kouzin yo, matant yo e pitit fi yo. Fanm sa yo pa tonbe viktim taktik ‘Divize pou Reye’ sistèm n ap viv ladan yo ap itilize pou nou pa fè alyans ak gason ki evolye ase.  Mesye ak tèt klè sa yo kapab ede nou soti nan twou patriakal ak mizojini mete nou. Pozisyon sosyal sa a fè tout moun anpil tò paske li afekte ni fanm ni gason ekonomikman malman.  

Lè nou tout lage manti, vire do bay manti. Chanjman ak Pwogrè ap kapab fèt san pwoblèm.  

 

Jocelyn N. Gay, Mwa Istwa Fanm, Mas 2021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here