Dwa ti Sina

0
1163
Fanm nan faktori bourike, Pase mizè kay bòs Dede, Ti monnen epis li pa touche

Sou pòpyè zètwèl Karakòl
Ti Sina fin lote nannan kò l
Kou merilan nan lo kowosòl
Vann tout kò l san pwotokòl
Bay tout kalte bandi ak kòl
Jwenn mago pou peye lekòl
Peye pou pitit pitit li Anatòl
Ki kay pè akrèk nan pewòl
Malgre pil lo sakrifis ti Sina
Lè pè engra a fin konn sa
Malgre pòch li bade milya  
Dèyè l li chante mès nwa
Detere tout ansyen libera
Madichonnen l pou chawa
Al kankannen nan lanfè a
Di m ki dwa fanm gen la a ?

Fanm nan faktori bourike 
Pase mizè kay bòs Dede
Ti monnen epis li pa touche
Kòm tout bèt jennen mòde
Jou li danse lwa revandike
Pou l jwenn rezilta alemye
Bim idmo simo pote boure
Idmo baton gaz bal kout pye
Baton bosal plòt krache voye
Se rezilta lapriyè revandike
Epi voye n fanm gen dwa vre 

Dwa fanm se Tonton Nwèl
L pase pesonn pa janm wè l
8 mas pase ale kouri fè vwèl
8 mas ensekirite gen plis mwèl
Pou zòt tout ti Sina se azizwèl
Evlin Sensè dwa l gen gou fyèl
San Edlin Mentò Lwi jwe marèl
Anvan l disparèt dèyè do ti riyèl
Dwa fanm se dènye kout tiwèl
Libera levanjil sòm komokyèl
8 mas Dwa Fanm dekilakyèl ??

J. Fatal Pya

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here