Deklarasyon Fòs Revolisyonè G9

0
1104
Jimmy "Barbecue" Cherizier

Ayibobo pou Jan Jak Desalin! 

Ayibobo pou Capois la mort! 

Ayibobo pou Charlemagne Peralte !  

Ayibobo  pou zanzèt nou yo kite goumen pou ban ou tè sa a, ki se Ayiti cheri. Onè respè pou si la a kap viv lòt bò dlo yo, onè respè pou moun kap viv nan katye popilè, onè respè pou pèp Ayisyen an general.  

Fòs Revolisyonè G9 an fanmi e alye, manyen youn manyen tout, nou konstate depi plis pase 40 ans peyi ya kontrole pa yon ti gwoup moun kifè e defè. Yo mete zam nan katye popilè yo pou nou goumen younn ak lòt au profit de yo menm. Yo detwi  kochon kreyòl nou yo, yo kraze prodiksyon nasyonal nou an, yo detwi sistèm edikatif nou an, pa gen lasante moun ap mouri grangou, jenn fanm ak jenn gason lage nan prostitisyon. Tandike kou nèg sa yo gen yon ti tètfèmal yo kouri kite peyi a, al pran swen aletranje, pèp la lage pou kont li.  

Laprès ak òganizasyon dwa moun yo ki vle fè nou parèt mal nan je sosyete a kòm pi gwo gang ak kriminèl, poutan yo pa janm denonse moun ki ba nou zam yo, paske moun sa yo se patwon yo. 

Pèp Ayisyen zam sa yo n ap gade la, se pou defann nou kont tout moun ki mete nou nan sa nou ye la. Kote nèg yo vle fè gen 2 Ayiti yon Ayiti anwo, yon Ayiti anba. Jodia peyi a rive nan yon kafou kote nap mande moun ki pi mal yo, moun yo rele moun sal yo, moun yo rele bandi yo, oprime yo, jodia nap mande pou nou fè yon sèl ak Fòs revolisyonè G9 an fanmi e alye, manyen youn manyen tout pou nou delivre peyi sa a yon fwa  pou tout. Paske jodia sistèm peze souse sa rive nan bout li, Ayiti pa kapab ankò (3 fwa) .

PHTK ap fè Referandòm ak eleksyon pou defann  enterè  pèsonèl yo, Opozisyon an bezwen tranzisyon pou yo vin volè , tout Boujwa gen franchiz, pou yo pa peye taks , finalman pèp la lage pou kont li. Yo tout kont nou . Jounen Jodia lè a rive, n ap itilize zam nou kont yo tout.  

Konsènan denye sèn dechoukay yo, pèp la grangou, pèp la nan mizè, pèp la pa  kapab ankò, yo jis al chache sa k revyen yo dedwa.

  Fòs revolisyonè G9 an fanmi e alye manyen youn manyen tout ap ankouraje pèp Ayisyen an kontinye al chache sak revyen yo de dwa , se k b nou ki nan bank yo, se k b nou ki nan malèt yo,se k b nou ki nan mezon machin yo, pa neglije al chache yo.

Ayibobo pou Ayiti

Libète ou lamò! 

Fòs Revolisyonè
G9 an fanmi e Alye
Manyen youn Manyen tout.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here