Noumenm manm òganizasyon FODEP, nou salye laprès yon lòt fwa ankò. FODEP se linyon plis pase 50 òganizasyon ki gen rasin yo mare nan mas popilè a : lavil, nan plenn tankou nan mòn. Òganizasyon sa a, FODEP enskri tèt li nan yon mouvman sosyal popilè pou libète ekonomik total, byennèt materyèl ak mantal pou tout Ayisyen kapab viv tankou moun san diskriminasyon.
Se konsa FODEP konstate depi Jovenel Moïse pran tèt peyi a : pi rich, pi chich; tout pou egzekitif la ak palman an, anyen pou pèp la. FODEP reyalize olye gouvènman Moïse/Lafontant an mete manje nan asyèt pèp la, se pran li pran lajan nan pòch pèp la soti nan monte pri gaz la pase pran ogmantasyon pise krab salè minimòm ouvriye yo pou rive nan pwojè bidjè kriminèl 2017-2018 la. Nou wè klè kote pouvwa tèt kale dezyèm vèsyon an ap mennen nou.
Kisa bidjè a ye? Yon bidjè, se yon zouti ki pèmèt yon fanmi, yon antrepriz, yon enstitisyon, yon gouvènman atenn objektif li fikse tèt li nan yon tan byen defini. Zouti sa kapab prepare nan enstitisyon piblik tankou prive chak ane pou defini kantite lajan enstitisyon an kapab rantre ou byen depanse pou ane k ap vini an. Se konsa, Leta peyi Ayiti prepare bidjè li pou pwochen ane fiskal la kote li idantifye sous kote l ap jwenn lajan. Ane fiskal sa a koumanse premye oktòb 2017 la pou fini 30 septanm 2018 la. Dapre sa ki ekri nan bidyè 2017-2018 la, se yon ane kote gouvènman Moïse-Lafontant planifye byennèt mas pèp Ayisyen an nan lanmò li.
Minis Ekonomi ak Finans atyèl la depoze bidyè a devan Palman an, jou ki te 30 jen 2017 la.
Prezantasyon bidyè a devan Palman an se yon obligasyon konsititisyon 1987 la fè Egzekitif la, pou li soumèt bay Palman an bidjè ane k ap vini an chak 30 jen pou pita anvan ane fiskal la fini. Bidjè Repiblik la pou ane fiskal 2017-2018 la se 144 milya goud.
Pou kisa FODEP kont bidjè 2017-2018 ? Premyeman, si bidjè 2017-2018 pase nan Sena a, se maswife manman ak papa pitit pral monte. Tout Ayisyen ki gen 18 lane ak plis, depi ou gen pou regle nenpòt papye nan Administrasyon Leta a, anvan ou fè li, w ap gen pou peye yon enpò fòfetè 10 mil goud. Egzijans sa valab pou tout moun kelkeswa menmsi li nan chomaj. Si se pa sa, okenn Ayisyen (elèv lekòl, etidyan, chomè, manm òganizasyon popilè…) pap kapab retire okenn papye nan Administrasyon Leta pou ane k ap vini la a.
Dezyèmman, depi yon Peyizan pral vann yon zannimo nan mache, li gen pou li peye yon taks ki vo preske 300 goud pou zannimo sa. Si li pa gen papye ki pwouve li peye taks sa a, menm si li vann zannimo a, y ap sezi lajan an epi Leta ap mete li nan prizon.
Konsa, peyizan yo ki deja lage debra balanse pral tonbe nan twou pifon paske, zannimo ki konn pèmèt yo rale yon souf lè rekòt yo pa bon, ap nan difikilte. Prezidan Jovenel ak gouvènnman li a koupe souf peyizan yo.
Tout Ayisyen ki gen 18 lane ak plis, depi ou gen pou regle nenpòt papye nan Administrasyon Leta a, anvan ou fè li, w ap gen pou peye yon enpò fòfetè 10 mil goud.
Twazyèmman, bidyè 2017-2018 la chita sou do moun ki pi pòv yo, moun ki nan sitiyasyon pi difisil yo. Se yo menm ki pral plis peye po kase a. “Bourik pa kapab kontinye travay bay chwal galonnen. FODEP di non, se twòp atò. Anplis, lè FODEP analize bidjè a, nou wè pi gwo pati nan lajan yo ale jwenn :Prezidans lan, Palman an, Lòt Entèvansyon Piblik.
Katriyèmman: Bidyè 2017-2018 la legalize kòripsyon ak ribrik Lòt entèvansyon Piblik la ki ranpli ak plizyè milya goud san okenn definisyon klè. Se yon gwo kès lajan kote gwo babin nan leta a kapab foure men pran san kontwòl, depanse lajan devan dèyè san ou pa bezwen jistifye depans yo. Se yon gwo sous Koripsyon li ye. Nou denonse zak sa, nou di non.
Dapre jan bidjè a monte a sektè ki pou ta vin ede popilasyon an rale yon souf yo pa pi byen plase pase sa. Konsa, Ledikasyon, Lasante, Lajistis, Anviwonman vini jouk apre ak yon seri montan pise krab. Lè nou fouye pi fon pwojè lwa finans sa, FODEP konstate li vize toupizi mas popilè yo ak konpatriyòt nou yo k ap viv nan peyi etranje. Nan sans sa, tout taks monte 17 wotè. Yon tenb paspò ki te koute 1600 goud pase 6000 goud; matrikil fiskal pase 250 goud a 1000 goud. Nou pap bliye ti peyizan yo kote pouvwa monte taks byen wo sou yo atravè bèt yo posede.
FODEP konstate tout patizan ak ofisyèl pouvwa a ap itilize mannèv nan lojik pou twonpe popilasyon an nan objektif pou fè pèp Ayisyen an vale bidjè kriminèl sa. Patizan pouvwa ak ofisyèl yo ap klewonnen peyi a pa gen ase lajan. Pouvwa nan sans sa ap fè presyon fiskal sou popilasyon an yon fason pou pwojè karavàn prezidan enkilpe a kapab ateri.
FODEP deklare : FODEP ap fè patizan ak ofisyèl yo konnen si Prezidan enkilpe a bezwen materyalize vizyon li, se pou li egzije boujwa yo ak gwo antrepriz yo peye enpo ak taks. Fòk gouvènnman mennen gwo batay kont kontrebann nan chak pwen fwontyè yo ak nan dwàn yo pou lajan kapab antre nan kès Leta a. Yon pwen ki enpòtan anpil, si gouvènnman ta gen volonte pou li antre lajan nan trezò piblik la se pouswiv an jistis tout kowonpi, piyajè, tout vòlè ki te patisipe nan gaspiye ak detounen lajan Petwokaribe a. Kidonk, gouvènnman Lafontant ap dirije a gen anpil lòt kote pou l jwenn lajan olye se moun ki pi fèb nan sosyete a pou yap kontinye toupizi pi plis.
FODEP fè apèl ak tout òganizasyon kap defann pèp la, pou kontinye mobilizasyon kont Bidyè kriminèl 2017-2018. Tout òganizasyon ki mache kòt a kòt ak pèp la : mobilize, manifeste sou tout fòm : sitin, manifestasyon, grèv pou nou bloke gouvènman emoraji sa a ki rann lavi moun enposib nan peyi Ayiti a.
FODEP mande asanble senatè yo pou rejte bidjè 2017-2018, bidyè antipèp sa a. Bidjè sa a, se yon konplo kont : peyizan yo, ouvriye yo, pwofesè yo, etidyan yo, chofè moto tap tap yo, polisye yo, òganizazyon popilè yo, moun nan katye popilè yo. Nan sans sa, FODEP mande Senatè yo pou pa VOTE bidjè 2017-2018.
Mezanmi, pwojè bidjè 2017-2018 la, se yon gwo medsin chwal, yon pwazon vyolan ki egal lanmò, Gouvènman Tèt Kale dezyèm vèsyon an vle lage nan gòjèt Pèp Ayisyen an ak tout fòs li. Nou mande
Senatè yo, Saj yo pou pa patisipe nan konplo pou touye pèp la antife. Nou mande Senatè yo, pou voye bidjè tounen bay Egzektif la pou li korije bidyè a kòm sa dwa.
Pèp òganize pa janm pèdi batay!
Pou FODEP
Voyard Aderson (Fanfan Fò nasyonal )
Vanel Louis Paul
Félix Dorsaint
Lucien Gumys
Jean Renold Cenatus
Dickson Oreste
Kermly Herné