Deklarasyon Biwo Pwoteksyon Sitwayen yo (OPC)

0
880
Renan Hedouville responsab Biwo Pwoteksyon Sitwayen (Opc)

Renan Hedouville responsab Biwo Pwoteksyon Sitwayen (Opc) mande gouvènman Core Group-Ariel Henry a fè tout sa li kapab li pou l idantifye aklè tout moun ki te sipòte oubyen otè entelektyèl ak materyèl zak sasinay Jovenel Moïse la.

Tout moun ki responsab krim enbesil Mèkredi 7 jiyè 2021 an dwe mennen dwat devan lajistis byen vit, pou yo jije yo nan non dwa pou verite ak dwa pou jistis.

Nan kad sasinay Jovenel Moïse, Polis Nasyonal Ayiti (PNH) deja arete 23 moun, pami yo 18 Kolonbyen ak senk Ayisyen-Ameriken. Twa Kolonbyen te mouri pandan operasyon lapolis yo.

Mezi pwovizwa yo ki te pran kont 23 ajan ak chèf inite sekirite ki responsab pou pwoteje prezidan Jovenel Moïse, sèt ladan yo kounye a nan prizon.  Se sa nòt Biwo Pwoteksyon Sitwayen (Opc) fè konnen

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here