Deklarasyon Antèn Ouvriye Ayiti (AOA) sou zak grav ki pase nan Pak Endistriyèl KODEVI

0
1972
Pak Endistriyèl KODEVI

Antèn Ouvriye Ayiti (AOA) denonse aksyon kriminèl majistra Wanament lan Luma DEMETRIUS fè kont ouvriye yo nan Pak Endistriyèl Karakòl la. An menm tan, nou pwoteste epi kondane entèvansyon lame domiken fè kont ouvriye Ayisyen yo nan CODEVI (Compagnie de Developpement Industriel).

Jedi 29 septanm 2022 a, majistra Wanament lan, Luma DEMETRIUS fonse machin li sou yon gwoup ouvriye nan lakou Pak Endistriyèl Karakòl la, li touye plizyè ouvriye epi blese plizyè lòt. Daprè deklarasyon plizyè ouvriye, yo t ap manifeste kont patwon KODEVI a, kont move kondisyon y ap travay. Ouvriye ki viktim fè konnen : machin majistra a te andedan Pak Endistriyèl KODEVI a, pandan yo t ap manifeste kont move kondisyon travay y ap viv andedan zòn Franch lan. Majistra Luma fonse machin li sou foul la, touye plizyè ouvriye, blese grav plizyè lòt.

Antèn Ouvriye Ayiti kondane epi pwoteste kont entèvansyon lame dominiken fè nan Pak Endistriyèl KODEVI a, ki sou teritwa peyi Ayiti.

Antèn Ouvriye Ayiti, kondane epi pwoteste kont entèvansyon lame dominiken fè nan Pak Endistriyèl KODEVI a, ki sou teritwa peyi Ayiti. Zak lame domiken an, vyole dwa granmoun peyi a, vyole konvansyon entènasyonal sou respè dwa ak entegrite peyi a. Men tou, sa montre nou yon fwa ankò, kouman kesyon zòn franch lan pa gen anyen pou l wè ak peyi a. Zak sa a pase yon semèn aprè minis Afè Etranjè Jean Victor GENEUS sot deklare nan nasyonzini (tout bagay sou kontwòl).  Alòske, menm yon deklarasyon gouvènman restavèk PGHTK 3zyèm vèsyon Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE, Sektè Demokratik Popilè ak alye yo, pa fè pou denonse entèvansyon militè dominiken yo.

Antèn Ouvriye Ayiti, mande paran moun ki mouri yo ak moun ki viktim yo, pote plent nan tribinal kont majistra Luma ak patwon KODEVI a, pou nou jwenn jistis ak reparasyon. Pandan nou dwe kontinye mobilize pou egzije demisyon Aryèl Anri ak tout gouvènman PHTK 3zyèm vèsyon an. N ap raple, tout ouvriye ak travayè dwe antre nan bonjan sendika konbatif ak revandikatif, pou n patisipe nan kraze sistèm kapitalis sovaj la. Annatandan, n ap batay pou mete yon gouvènman tranzisyon koupe fache.

Aba majistra ak gouvènman kriminèl, aba lame dominiken, viv yon rejim sosyalis revolisyonè.

Lominy EDMOND
Sekretè Jeneral

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here