Chalmay Peralt

0
103
Chalmay Peralt yon revolisyonè, yon bandi, yon rebèl, yon gang, yon kako ki goumen kont lokipasyon meriken an Ayiti

Chalmay Peralt se te yon kokennchenn gason kanson, yon nèg lakay, yon sipèb patriyòt natifnatal: Li te fèt jou ki te dis oktòb nan lane milwisan katrevensis (1886) nan lakou Ench. Papa l se te yon jeneral nan lame ki te rele Masena, Manman l se te yon koutiryèz ki te rele Marie Claire Emmanuel.

Chalmay se te yon jennonm debyen. Li te majistra, epi li te vin jij. Apresa, li te antre nan Lame. Se etan, li te nan Lame, blan meriken te anvayi peyi a jou ki te ventui jiyè milnèfsan kenz (1915). Tout bon ayisyen natifnatal te di bagay sa a se te yon mankdega, yon radiyèspèmèt. Jwèt la te vin gate nèt ak Chalmay, lè prezidan peyi Ayiti a mande l pou l renmèt blan meriken zòn Leyogàn kote li t ap kòmande a. Chalmay reponn: jamè radiyès sa a pa gen dwa vin fèt nan peyi Desalin te kite pou nou an. Se konsa li menm, Benoit Batraville, Achille Jean ak tandòt ankò òganize yo, goumen ak blan meriken. Lò blan yo aprann sa Chalmay ap fè, yo fè arete l, yo fèmen l nan prizon. Apre li fin touye yon blan ki te fè yon frekan ak li nan prizon an, li pran mòn pou li. Rive misye rive nan mòn nan, li rasanble tout peyizan nan dènye rak bwa pou fè yo konnen sa ki t ap pase nan peyi Ayiti. Lò tout peyizan fin koute l, yo wè vrèmanvre yo pa ka kite blan meriken vin pran peyi yo a nan men yo konsa. Yo pran lèzam e yo sèmante ansanm ak chèf yo Chalmy pou yo mete tout kolon deyò nan peyi a oubyen pou yo tout mouri. Men kòm yo pat ka al goumen ak blan yo ak ti bout zam yo te genyen yo, yo chache yon jan pou touye yo kanmenm. Se konsa chak jou se de, twa, kat, senk blan k ap mouri. Lè blan yo menm wè sa, yo met dèyè Chalmay Peralt, yo di li se yon bandi, yon rebèl, yon gang, yon kako; yo deklare li pa gen dwa fè sa l ap fè a paske yo menm blan meriken se sove yo vin sove peyi a.

Chak jou batay la te vin pi mangonmen paske se nan tout rakwen peyi Ayiti moun te vin ap goumen pou fè blan meriken ale. Malgre se pou peyi Ayiti li t ap goumen, gen Ayisyen parèy li ki pat dakò ak li. Se konsa nou jwenn pami trèt yo, yon nonm atoufè yo te rele Jn-Baptiste Conzé ki te trayi l. Kifè, misye te jwenn lanmò nan lannwit tranteyen Okòtb (31) pou louvri premye Novanm mil nèfsandiznèf (1919). Lè l mouri, tout lenmi l fete, tout gwo chèf blan meriken yo, boujwazi ak Prezidan peyi Ayiti a te tonbe simaye dekorasyon bay jandam ak sòlda ki te bay koutmen nan sasinay Chalmay Peralt.

Zetwal Liberasyon, Bilten Pèp la, 5 Oktòb 1986

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here