Antoni Fèlps : Ochan pou yon entèlektyèl zantray

0
140
Antoni Fèlps yon entèlètyèl zantray

Ti zezi yo vle kwoke nan gòj nou an

M fout bwè l ak yon bèl kout kleren

Apre yon ti tan m pipi l jete tout nèt

                           Pati yon pwezi Antoni Fèlps

 

Apèn mwa mas la koumanse, lanmò gen tan deside pase kòd pwennfèpa nan kou anpil pòv malere nan peyi a san yo pa atann. Tren lanmò GNB 184 Kolektif Non ak Kò Gwoup la k te derape depi 2001 an pèdi fren lage tout boulin. Konsa katchapika lanmò lage  koukouwouj nan dengonn popilasyon nan Dèlma 30, Dèlma 19, Savyen ak nan Tirivyè. Se pa ni de ni twa rigòl san k pa deboulonnen desann al plen basen vyolans sistèm nan fouye nan chak rakwen nan peyi a. Anplis n ap  pwofite klewonnen kòn jistis pou tout sila a yo ki viktim gratis yo.

 

Entèlektyèl ak zentèlèktyèl

Plis pase 60 lane ekspperyans pe pawezwe 24/24 tout kote nan sosyete a pral aprann mwen anpil bèl leson. Pi bèl nan leson sa a yo fè m dekouvri gen yon bann diferans ant entelèktyèl moun serye ki gen nanm ak zantray yo e ki gen poto diyite yo ki kanpe tèt drèt kou kè palmis. Yon lòt bò w jwenn yon krèy zentèlèktyèl rèskiyè san ren san fyèl ki koubi do yo fasil tankou wozo bay van san wont ak san santiman badijonnen pèsonalite yo ak labou imilyasyon. Depi w kwaze ak yo fòk lestomak ou fò anpil pou yo pa ba w kè plen.

Nan lokazyon batay loksidan kretyen jenosidè malfèktè t ap mennen kont selebrasyon Bisantnè lendepandans Ayiti a, li te fè yo fè yon asosiyasyon krèy. AID, Kè Dòse ak Kèbèk te konseye yo bay tèt yo non Kolektif Non. Nan yon limewo jounal Lenouvelis ki te soti premye oktòb 2003,ou te jwenn non yo tout zentèlèktyèl ak atis nanm Konze sa a yo. Kòm m fèk sot di n nan, si yon moun gen lestomak fèb depi sou premye fraz nan nòt sa a ki rele Pozisyon zentèlèktyèl ak atis Kolektif non yo kont selebrasyon Bisantnè Lendepandans Ayiti a se festival salopri ak lòbèy nèt. Move lòdè santi di tit atik la, bay gwo vomisman ak kè plen tout longè menm kote a.

Si pa malè ou ta fè gwo enpridans pat mache ak sitwon ak fòmòl, asid, w ap tou dekonpoze menm kote a. Malerezman pou kondisip Konze yo nan lis sa a ou jwenn yon bann zentèlèktyèl ki te konprann yo te ka bouche je moun serye nan mete yon mask nasyonalis moun serye nan batwèl machwè yo. Men van laverite pa t pran tan pou l demaske yo tankou gwo van siklòn GNB 2004 te chavire bonèt tout mafreze lage atè plat. Se vre gen anpil nan yo razwa lanmò te gen tan pase koupe souf yo fòse yo mache rara a, men gen kèk nan pwazon sa a yo ki la toujou ki pa ko ekspire.

Dènye nan move grenn azipopo sa a yo ki tounen giyon nan dengonn peyi a kòd lanmò rive trangle mwa pase a. Gwo majò jon nan karavàn malpalan krachadò pwofesyonèl yo l te bay tèt li dyòb mache klewonnen Ayiti pat dwe pran lendepandans nan lè l te pran n lan. Tout makòn zentèlèktyèl azipopo Kolektif Non yo te depase limit reyaksyonè soudevlope. Zentèlèktyèl Kolektif Non pat menm jennen pou yo te sèmante sou lanmò grann yo kote yo pat dakò pou restan kolon Lafrans yo remete Ayiti mago lendepandans la yo te foure katchapika mechanste jis nan fon gòj peyi a pou yo te fè n peye depi nan lane 1825.

Apre Asosiyasyon Konze ak Konzèz rize ak rizèz yo te fin koute blan kolon fè yo krache sou memwa Zansèt nou yo, tout te jwenn bèl dyòb ekspè nan wazif nan tèt Leta a ak lòt kote. Minis, direktè jeneral, anbasadè, konsil, chaje move zafè, koperan, konsiltan. Tout se te rekonpans pou abolotcho pwofesyonèl yo k te twò kontan zak rayisman ak trèt sa a. Nan lantèman youn nan yo mwa pase a m pat wè menm yon branch chive youn nan majò jon GNB, 184 ak Kolektif  Non yo.

Lyonèl Twouyo zentèlèktyèl grapyay

Zentèlèktyèl pèlen tèt

2025 fè prèske 50 lane depi Franketyèn te adapte yon bèl pyès teyat yon dramatij polonè te ekri ki te rele Imigre. Men Franketyèn te vrèman fè yon bèl adaptasyon kote l te tradui l nan lang Ayisyen epi l te rele l Pèlen Tèt. Alòs 50 lane apre n te resi vin wè volim abolotcho bobomasouri zentèlèktyèl plastik sa a yo genyen nan chak globil yo, n vin rann nou kont yo pi move pwazon pase yon Pèlen Tèt an asye. Pou valè imilyasyon plòt krache santi di Kolektif Non voye nan boul gigi Zanzèt nou yo n rann nou kont yo pi mal pase Pèlen Tèt. Pou flonn imilyasyon sa a Kolektif Non k koute 184 GNB fè yo sal memwa zansèt nou yo Zentèlèktyèl reyaksyonè soudevlope pi pwazon pase Pèlen Tèt.

Yo se pwazon vyolan pou diyite pwòp peyi yo. Youn nan pi gwo repwòch m konn tande anpil moun fè Frank, li pito fèmen de papòt yon gwo lekòl li te gen Bèlè pa devan. Epi pa dèyè l louvri yon depo pou l vann manje pèpè ki rantre Ayiti nan konminezon kontrebann anbachal. Devwa memwa sa a, se sitou pou n demaske mas Konze trèt, ipokrit ak san karaktè ki te bare boul figi Ti Boujwa reyaksyonè soudevlope nan Pòtoprens. Li pa lojik ditou pou n kite yo chita byen byen alèz nan 1ye ranje nan klas moun serye k gen diyite ak mounite.

Zentèlèktyèl grapyay VS Entèlètyèl Zantray

Anpil zentèlèktyèl ti sèvèl ka pap janm gen kapasite pou yo rive konprann mak fabrik pèlen tèt ki pann Ayiti jounen jodi a sou kwa ensekirite ak vyolans 24/24. Enben tou aprann Pèlen Tèt ensekirite sa a ki soti pou disparèt mas pòv yo nan katye popilè  yo soti dirèk dirèk nan plan yon prezidan yannki yo bay pou Franklen Delano Wouzvèl. Nan lane 1945 nonm Wouzvèl sa a te sèmante l pa gen pyès pwoblèm pou l envesti plizyè milya dola vèt pou l mete zizanni ak kabouya 24/24 nan mitan tout Ayisyen alawonn badè. Men kouman l te di l

Fòk Nou menm blan je vèt nou fè tout sa n kapab pou n fòse mas pòv Ayiti yo nan kabouya 24/24 ak moun a soulye yo. E, apre sa fòk nou aranje n pou n simen pwav pou moun a soulye yo toujou nan zizanni antre yo. Se sèl gren pwazon divizyon 24/24 sa a k ka pèmèt nou gen de pye n sou kou Pèp santi di sa a ki goumen ak zam lagè pou yo ka rache lendepandans yo nan grif kolon Lafrans pou yo te ka vin grandèt majè”.

Sa k ta di n se depi 2001 plan makab sa a vin koumanse ekzekite. Sa k pi mal la se chak grenn nan makòn zentèlèktyèl Kolektif Non, manm oligak 184 GNB, Konvèjans Demokratik, Kò gang Diplomat Kò Gwoup yo, Medya ANMH yo, Asosiyasyon etidyan inyoran yo ki se yon may nan chenn ensekirte sa a ki pe koupe souf Atiti jounen jodi a. Tout konze sa a yo te kenbe manch katchapika pou te ponyade Diyite Ayiti nan do rive jis nan fon kè l an 2004. E depi lè sa a se te baryè lib pou bandi ak asayan GNB jwe chanpyona ensekirite 24/24.

Chapo pou Antoni Fèlps : Entèlektyèl zantray

Kontrèman ak zentèlèktyèl komokyèl zagoloray Kolektif Non yo, Antoni Fèlps se te yon bon jan entèlektyèl zantray bon kalib. Bon materyo ra sa a yo sa fè lontan yo koumanse disparèt. Disparisyon bon materyo bon kalite sa a yo se pi gwo defisi lespri pozitif Ayiti te ka fè. Se nan plen lannwit 11 pou louvri 12 mas 2025 la bri te kouri nouvèl te gaye souf gwo kokenn powèt womansye Ayisyen sa a te kase kòd. Wi, apre 96 rèkòt kafe byen mi se nan Monreyal kannòt lavi Antoni Fèlps te jwenn ak zo grann li kote l te chavire fas ba. San di pètèt Atoni se youn nan pi gwo pou m pa di pi gwo nan dènye kontenjan powèt yo ki pat lote diyite l ak pèsonalite nan bak pou l al vannn yo bay reyaksyonè nan lentènasyonal la pou po patat.

La a n vle lonje dwèt jouda n sou tout zentèlèktyèl Kolektif Non yo k te vann diyite yo bay nenpòt gnonngolo menm jan yo te fè sa depi lè yo te siyen 1ye oktòb 2003 nan yon atik ki te soti nan 1ye paj nan jounal Nouvelis. Depi lè sa a tout moun ki gen yon ti zing zantray rann yo kont zentèlèktyèl komokyèl Kolektif Non san ren san fyèl ak Entèlektyèl zantray yo se lannwit ak lajounen. Nan lokazyon disparisyon kadav kò gwo powèt sa a Premye Minis la te fè yon ti bat bouch sou sou sa. Mesye Aliks Didye Fizeme te pran pòz l regrèt anpil dèske gwo powèt Antoni Fèlps travèse.

Men detan l pran pòz li pe plenyen an, se ak tout movèz fwa l li kte tout enstitisyon kiltirèl yo pe fin trepase nan grif ti klik mafya ki pran yo an otaj depi 2011. Premye Minis, detan w pran pòz w pe plenyen pou Antoni Fèlps ki travèse omwen fè yon jès pou w sove rès enstitisyon ki la pou defann lakilti yo. W kwè w janm mande Minis Kilti a ki jan responsab yo jere resous moun ak materyèl ki gen nan yo. Èske w janm mande èske se pa ak de majè kout pye ak plòt krache Dirèktè Teyat Nasyonal la jere atis ak rès manm pèsonèl la. Premye Minis konbyen fwa w mande Minis Kilti a pou l mande Dirèktè Teyat Nasyonal la kot twoup teyat la, kot twoup dans lan kot balè nasyonal la, kote koral la ye, ki tretman l bay atis yo ?

Epi w pran pòz w pe plenyen pou Antoni Fèlps ki mennen tout batay sa a yo pou Flanbo Lakilti toujou rete djanm. Si jounen jodi a katchapika lanmò pase pran l koupe souf li, sa pa vle di pou w kite abolotcho ak mafya pwofesyonèl fin koupe souf lakilti menm jan an. Premye Minis Aliks Didye Fizeme sa ka rive w pa konn sa, Lakilti se sèl grenn sa n rete k pa ko fin disparèt nèt. Premye Minis Aliks Didye Fizeme li lè li tan pou w demele w kou mèt Janjak pou w sove rès sa k rete yo. Wi n ba w garanti w ap jwenn anpil atis ak antreprenè kiltirèl ki sou teren an e ki konn tout sa pou yo fè pou yo sove bak lakilti yon ti gang mafya sanfwanilwa pran l an otaj yo fin fè l chwe sou resif movèz fwa, movèz jesyon ak gagòt zanmitay ak grapyay. Premye Minis, si atis nan Teyat Nasyonal yo pa ko leve kanpe se paske yo pè pou gwo malè pa rive yo men se pa paske yo byen trete yo. Sa k fè w pa fè kòlè fè yon reyinyon ak yo w ap tande rèl ki gen kay makorèl depi 2011. Fè sa non Premye Minis yon fason pou w bay ochan pou memwa Antoni Fèlps ki te yon gwo sòlda lakilti k te ekri Men Peyi m nan jan l ye a. Premye Minis li t ap di anpil pou se sou gouvènman w lan Lakilti fin disparèt nèt akòz atitid neglijans ak responsab manfouben ki la yo.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here