Ansyen Senatè Turneb Delpe lage sa !

0
4521
Turneb Delpé

Samdi 27 me 2017 ki sot pase a, toupatou sou latè kote ki gen Ayisyen te sezi tande nouvèl lanmò  Doktè Turneb Delpé, ki te yon responsab politik anndan peyi a.

Se nan yon lopital nan vil Nouyòk, yon maladi kansè nan lestomak te fòse lavi vire do bay Delpe ki te gen 66 lane sou tèt li.

Soti agoch pou ale adwat Montes Joseph, Charles Henry Baker,  Herve Saintilus ak  Turneb Delpé.

Tout moun te konnen Turneb kòm pwomotè pwojè Konferans Nasyonal la depi lontan, men sa pa t anpeche l vin yon GNBis tou,  lè l te milite ak Andy Apaid epi Charles Henri Baker pou te mete peyi a anba bòt Meriken ak  lokipasyon Minista ki la jouk jounen jodia.

MOPOD anonse ap gen de sware patriyotik premye ak 2 jen pou onore Turneb Delpe. Fanmi l tou ap fè yon veye pou li tou jou vandredi 2 jen an soti 5 kè pou 7 tè diswa nan lokal Miche S Garden ki nan nimewo 88 ri Kapwa ant ri Nikola ak Laflèdichèn.

Lantèman Turneb ap chante Samdi 3 jen nan legliz Sakrekè an Ayiti menm jou a nan maten vè 9 vè konsa y ap espoze kadav la nan Pax Villa.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here