Anbasadè Thomas-Greenfield te rankontre ak chèf BINUH a, Maria Isabel Salvador

0
798
Maria Isabel Salvador ak Linda Thomas-Greenfield

Yon delegasyon ak Anbasadè meriken nan Nasyonzini Linda Thomas-Greenfield te rankontre jou lendi 22 jiyè 2024 ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti a ki se egalman Chèf Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti a, Maria Isabel Salvador.

Yo te diskite sou plizyè sijè, tankou misyon BINUH ak misyon sekirite miltinasyonal la.

Diskisyon an te konsantre sou enpòtans pou ogmante asistans donatè ak kowòdinasyon ant Kominote entènasyonal la, Ayiti, BINUH, Gouvènman tranzisyon an ak Misyon sipò miltinasyonal la. Sijè sa yo te diskite ak anpil echanj ant de fanm diplomat yo.

Yo te fè echanj opinyon yo tou, sou pi bon fason pou sipòte gouvènman ayisyen an nan yon lide pou òganize eleksyon lib sanpatipri pi vit posib, sitou atravè nominasyon rapid yon Konsèy Elektoral Pwovizwa kredib ak enklizif. Ou pa ta di se vre, sa yo di yo !

Moun ki pa konnen yo ak nayif yo ki pou kwè pawòl tafya sa yo.

HTML tutorial
HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here