«zòt pale franse, zòt pale laten,
mwen pale kreyòl, mwen renmen lang an mwen »
Jazz des Jeunes
M pap kite mwa septanm nan pase san m pa jete dlo pou parenn mwen Félix Morisseau-Leroy, san m pa jete twa degout admirasyon, twa degout onèrespè, twa degout lanmou, twa degout rekonesans pou onore memwa vanyan entelektyèl sa a, defansè konsekan sa a de lang kreyòl la. M te dwe ekri omaj sa a depi kòmansman mwa septanm nan. Men nan fè lagokache ak dat yo, dat 5 septanm nan al kache byen lwen, anba dlo, nan fon dlo rivyè Lagoslin. Se Simbi ki jwenn dat 5 septanm nan, li mennen l ban mwen, mouye tranp. Simbi ban m sa nan bon ti mamit. Li fè m konnen gen yon 1999 ki te nan lagokache a tou. Apre sa, li rale zòrèy mwen, li di m laj ou rive la a, ou pa kab nan lagokache ankò. Wi Simbi, vous avez vòt rezon dan vòt pla men w. Kreyòl pale, kreyòl konprann.
5 septanm ki sot pase a fè Morisseau 17 lane depi li pati, depi l al «fè yon ti vwayaj nan lalin». Lò l mouri, li te gen 87 lane. Men nou te konnen alapapòt li pa t ap tounen, paske sou tè a sa te twòp pou li, twòp «moun ap touye moun, sivilizasyon k ap fini ak ras la». Sou tè a lò se pa chalè grangou, se fredi maladi k ap toutouy fanm kou gason, timoun kou granmoun. Lò se pa mechanste FMI, se deblozay kriminèl lagè Tonton Sam ak Tantin Lafrans k ap fin depafini limanite a. Morisseau al tire kont, jwe bezig, jwe echèk, jwe domino ak Papa Desalin, Chalmay Peral, Jak Aleksi, Jak Roumen, Antoni Lespès, Jan Jak Desalin Ambwaz, Yanik Rigo, Adriyen Sansarik, Mari Vye, Jeral Brisson, Kal Levèk ak pakèt lòt yo ki goumen pou kòz peyi a, ki tonbe pou yo te ka leve Ayiti anba chay malè k ap kraze l depi 1806 e ki vin agrave depi 1915. Morisseau al pote mesaj ba yo, di yo menm sa yo te konnen avan yo te vin sou lalin nan, enben
tout tan latè a ap vire Gan yon gwo madanm Yon gwo lougawou fanm Yo rele sivilizasyon K ap kraze ti nèg kou foumi
Morisseau fèt nan Grangozye. Li se bon jan fanmi m sou bò manman m ki siyen Morisseau e ki moun Ansavo. Kidonk, Grangozye, Jakmèl ak Ansavo se kòm yon triloji jeyografik ki makònen ak santimantal nan nanm Morisseau. Lò m fèt, manman m pat kab gen yon pi bon lide pase lò l te mande Morisseau batize premye pitit gason l lan. E se grasa Morisseau mwen goute sèl mèvèy sa a yo bay pou entelektyalite. Se grasa Morisseau mwen vin konnen, mwen vin konprann enpòtans, bèlte, gangans, bwòdè lang kreyòl nou an. Si se pat pou Morisseau ki t ap satiyèt mwen pandan monpè t ap koule dlo benit sou tèt mwen, jounen jodi a mwen pa ta nan kan entelektyèl pwogresis mwen ye jodi a. Fò m di nou tou,lò yon timoun fèt ak kwaf, l andwa tande tousa yon pè ap di pandan seremoni batèm nan. Se bon pawòl, wi. Se kon sa lò pè a ap di : je te baptise au nom du Père, du Fils, bagay chòy, mwen tande Morisseau di (nan kè l): ou mantò, monpè, piti sa a se kinan m ; se mwen k ap batize l, m ap batize l nan non Papa Desalin, nan non Ginen yo. Sa w pa konnen monpè pi gran pase w. Kòm pèsonn lòt moun pa t tande, m tou batize katolik apostolik, womèn.
Detoutan, mwen toujou santi m fyè m te gen yon parenn kon sa ki se lonè peyi a, lonè yon entelektyèl ki pa janm trayi kòz mas pèp la, lonè lakilti, lonè kilti peyi nou, lonè yon gason vanyan ki bay lang kreyòl la ses lettres de créance, ki fè kou l te konnen pou lang kreyòl la te vin egalego nasyonal nasyono ak lang franse a, ak tout lòt lang ki egziste sou latè beni. Se Morisseau ki pral montre nou richès lang kreyòl la nan Antigòn, nan Wa Kreyon. Se Morisseau ki pral montre nou kouman Antigòn se yon bèl fanm nan tout lang, yon fanm djanm nan tout lang, yon fanm rezistans nan tout lang, «yon ti fi ki konn ki jan pou l mouri», kit se an grèk, kit se an kreyòl.
Se avèk Dyakout I Morisseau pral kore lang kreyòl la nètalkole. Nan dyakout sa a, Morisseau lage yon dal pwezi ki kòm reprezante fondal natal yon literati kreyòl tounèf. Men Morisseau pa fè pwezi pou plezi fè pwezi, se pa pwezi «pou zòt ak bouch yo kou bouda poul / vin resite nan salon», pou ti nèg save bat bravo pou yo. Andedan chak lapawoli gen yon baton dinamit sosyal, yon baton dinamit politik ki gen pou esploze yon jou pou sote tout enperyalis ki vòlè souverènte nou, yo menm ki mare sosis yo ak oun makòn konkòday ayisyen san lonè ki yo menm mete ansanm ak yon makòn desandan ‘‘arab bwèt nan do’’ pou vann diyite peyi a, pou vann peyi a ak mouche Clinton, madan Clinton.
Yo toujou ap pale de livre de chevet. Enben, Dyakout 1,2,3 Morisseau a se youn nan twa liv mwen kenbe bò tèt mwen. Se kòmkidire m gen twa bib bò tèt mwen, se yo k lapriyè m, se yo k fòs mwen, se yo ki ede m kenbe. Kou ti dekourajman ta sòti pou ban m pwoblèm, lò m tande zòt ap di nou se soudevlope, m annik rale Dyakout la, m foure men m mwen pran, mwen li :
Pa pito moun sou lòt latè yo
K ap vire dèyè lapousinyè yo
Te vini fè yon michan alyans pou lepwogrè
Ak yon kokenn asistans teknik
Pou ride Lamerik ak Lewòp
Devlope ti gout tou
Lò sa pa bon vre, parenn mwen fè m sonje Jak Aleksi ki «t ap di n toujou kenbe». Menm jan ak Morisseau, ak Konpè Jeneral Solèy la :
M viv pou m kenbe
M ekri pou m kenbe
Se depi 1953 Morisseau te ekri l : rele madichon sou tèt l-OTAN / kriye chalbari dèyè Etazini / soutni Kiba. Nou wè sa l-OTAN an fè nan peyi Yougoslavi, sa l fè nan peyi Libi, e sa l soti pou l fè nan peyi Siri e se l ap pare pou l fè ansanm ak tout Israyèl nan peyi Iran. Se madichon sèlman jounen jodi a nou ka bay l-OTAN. Men jou va jou vyen, se sa sèlman m ka di. Fò n kriye chalbari dèyè Etazini pou kantite krim yo fè nan peyi Irak, nan peyi Afganistan, nan Nikaragwa, nan peyi Venezuela, nan peyi pa nou kote yo soutni 2 koudeta ki mennen moun nan mas pèp la mouri pa makòn, nan peyi pa nou kote yo fè magouy sal jouktan yo ban nou kòm prezidan yon mizisyen-gwouyadò-nan-kanaval. Wi Morisseau, wi parenn, n ap toujou soutni Kiba tèt kale, Kiba ki se limyè nou nan lannuit tray ak lamizè n ap travèse depi twa lokipasyon.
E kouman pou m pa kouri pran Dyakout lan pou m chita ak Papa Desalin pou m pale avè l, pale ak towo Desalin, papa Desalin ki va leve yon jou pou met lòd nan dezòd, pou met lòd nan dezòd politisyen dokale yo, politisyen malpouwont yo, politisyen apoula pou lajan yo, politisyen «30%» yo, politisyen-mèsi-papa-washintonn yo, politisyen grennsenk yo k ap mete ajenou nan pye mouche Blan mouche Kouman pou di : yès sè. Wi, parenn, se ou menm k aprann mwen se Desalin, se li menm menm ki «ban n solèy /ki ban n lalin / ki ban n sè, frè n /», ki ban n yon peyi. Wi, fòk sa fini zafè «la fraternité humaine / l’humanité, la civilisation» nan bouch-bouda poul ipokrit yo ki vin ak yon bib, ak «colliers de verre et menottes d’argent», ak bato de gè pou egzije nou peye san mil fran lò kòm swadizan dedomajman pou krim yomenm yo te fè, ak ven mil sòlda je vèt pou pran tè nou, tou sa k anba tè nou, esplwate fòs kouray travay malere malerèz yo nan izin lamizè yo, foure yon eleksyon fo mamit an 2010 nan gòj nasyon an. Fwenk, fòk sa fini. E se yon sèl moun mwen konnen, yon sèl moun nou konnen, se Desalin. Jodi a parenn, m vin di w mèsi, pèp ayisyen an di w mèsi, m ap di mèsi papa Desalin. M vin jete twa degout pou ou, twa degout admirasyon, twa degout onèrespè, twa degout lanmou, twa degout rekonesans ; m vin bat tanbou kreyòl la pou ou, asotò kreyòl la pou ou, m win sonnen ason libète a, ason diyite nou pou nou jwenn souverènte nou kanmèm yon jou.
Pou m sa di w orevwa, kite m chante pou ou yon chante lakay, yon chante ki sòti nan nannan fòlklò peyi a, nan trip kiltirèl peyi a. Se pa pou Wangòl m ap chante l, se pou oumenm, parenn. M vin chante l ak tout kè m, ak tout nanm mwen, ak tout bon souvni Ansavo yo, ak tout Simbi yo, ak tout Lasirèn yo, ak tout lespri Ginen yo, ak tout bon jou move jou legzil la, m vin chante: parenn o w ale, ki lè w a vini wè n ankò, w ale. Kilè w a vini wè n ankò peyi a malad, ki lè w a vini wè n ankò n ap toujou kenbe, ki lè w a vini wè n ankò, w ale.
24 septembre 2016