Home Kwonik Kreyòl Pancho Villa: yon bandi meksiken ki te vin yon Jeneral Revolisyonè

Pancho Villa: yon bandi meksiken ki te vin yon Jeneral Revolisyonè

0
2
José Doroteo Arango Arámbula, alyas Francisco “Pancho” Villa

José Doroteo Arango Arámbula, ki te vin rele Francisco “Pancho” Villa pita, te fèt nan lane 1878 nan yon fanmi pòv nan Durango, Meksik. Li te pèdi paran l yo byen bonè, epi li te lite pou l ede manman l, ak frè, ak sè l yo nan travay latè kòm kiltivatè ak lòt ti travay divès kalte. Lè l te adolesan, lavi Villa te pran yon vire desizif: apre mèt yon gwo pwopriyetè fonsye te swadizan atake yon sè l. Jèn gason sa a Doroteo te tire mesye a epi li te kouri al kache nan mòn yo pou l te chape anba revanj. Pandan l te kache nan mòn Sierra Madre ki difisil pou moun travèse, li te pran non Francisco Villa (yon non li te prete nan men yon bandi popilè, oswa petèt se te non youn nan granpapa l yo) epi li te viv kòm yon moun ki andeyò lalwa. Pandan anviwon sis lane, li te viv kòm chèf yon gwoup bandi, kote yo te konn vòlè bèt ak lajan nan gwo pwopriyete moun rich yo. Li te konn pataje yon gwo pati nan sa l te konn vòlè yo ak moun pòv yo; sa te fè l jwenn yon repitasyon tankou “Robendèbwa” nan mitan peyizan yo. Melanj sa a, ki gen ladan l ni yon bò san pitye ni yon jenerozite anvè pèp la, se sa ki t ap vin alimante lejann Villa a pita.

Villa te yon lidè natirèl – li te entelijan, karismatik, epi odasye. Malgre li pa t gen anpil edikasyon, men li te “ekstrèmeman entèlijan” epi li te montre yon kapasite pou òganize atak tankou yon gwo estratèj kriminèl, olye yon senp vòlè òdinè. Li te reve gen yon lavi ki pi estab (nan yon moman, li te menm espere louvri yon restoran), men li te toujou retounen nan lavi kriminèl la, lè lajan te vin manke l. Rive nan lane 1910, Villa te fatige ak lavi k ap kouri a epi li te retounen dousman nan sosyete Chihuahua a, li te travay kòm minè ak bouche – epoutan otorite lokal yo te toujou wè li sispèk kòm yon bandi li te ye. Se nan moman enpòtan sa a Abraham González, yon patizan refòmatè liberal Francisco Madero a, te vin zanmi ak Villa. González te ankouraje l pou l mete konpetans geriya li yo nan yon objektif ki pi wo: « goumen pou pèp la » olye kont yo. Anfèt, li te konvenk Villa revolisyon k ap vini an te bezwen konbatan ki gen eksperyans tankou li. Kidonk, lè Francisco I. Madero te mande pou revòlt kont long diktati Porfirio Díaz la nan fen ane 1910, Villa  ki te gen 32 zan, te rantre nan batay la. Sa te make transfòmasyon l soti kòm yon bandi pou l rive nan nivo yon revolisyonè. Li te chanje banditis pèsonèl pou kòz chanjman politik ak sosyal.

Monte Jeneral Revolisyonè ak División del Norte

Antre Villa nan Revolisyon Meksiken an (1910-1920) te rapid epi dramatik. Malgre li pa t gen fòmasyon militè fòmèl (epi li te sèlman konn li ak ekri yon ti kras), Villa te pwouve li te yon sòlda ak yon òganizatè ki te gen don pandan soulèvman Madero a. Li te rasanble yon gwoup lòt kòbòy, minè, ak kriminèl ki soti nan nò a – gason ki te konnen l kòm yon lidè bandi – epi li te òganize yo pou fè yo tounen yon fòs konba. Konesans pwofon li sou teren an ak moun ki nan nò Meksik la te vin tounen yon gwo avantaj. Villa te mete yon latriye konplè gason ki te resevwa fòmasyon pou dispozisyon Madero, yon fòs li te ekipe epi li te dirije tèt li. An 1911, Villa ak yon lòt lidè rebèl, Pascual Orozco, te genyen yon viktwa enpòtan lè yo te pran Ciudad Juárez (jis anfas El Paso, Texas), sa ki te fè presyon sou rejim Díaz la pou l tonbe. Nan mwa me 1911, diktatè Porfirio Díaz ki te la depi lontan te demisyone epi li te kouri ale annegzil,  gras ak rebèl nan nò yo tankou Villa. Siksè lè pouvwa Díaz la te ranvèse a te transfòme Villa, fè l chanje estati, sòti nan bandi lokal pou l vin yon kòmandan revolisyonè ki te rekonèt nasyonalman.

Apre Madero te vin prezidan, Villa te rete kòm yon lidè kavalri iregilye nan nouvo lame federal la. Sepandan, premye peryòd apre Díaz la te kawotik. An 1912, lè yon ansyen alye (Orozco) te revòlte kont Madero, Villa te goumen pou kraze rebelyon an. Pandan l t ap sèvi sou lòd Jeneral Victoriano Huerta – yon ofisye federal anbisye – tandans endepandan ak popilarite Villa te fè Huerta sispèk. Yon konfli ego te vin apre: Huerta te akize Villa ensibòdinasyon epi li te bay lòd pou yo egzekite l. Prezidan Madero te entèvni nan dènye moman an, li te chanje santans lan. Yo te mete Villa nan prizon pito, men nan yon mouvman odasye li te chape, sove nan prizon an nan fen 1912 epi li te kouri ale Ozetazini.

An fevriye 1913, Victoriano Huerta te dirije yon koudeta militè pou te ranvèse epi sasinen Prezidan Madero (tris “Dis Jou Trajik” nan Meksiko). Lè Villa te tande pale sou pwojè sasinay sa a sou Madero, li te retounen imedyatman soti annekzil Ozetazini. Se konsa, nan mwa mas 1913, li te travèse Rio Grande tounen Meksik ak yon ti gwoup gason sèlman. Li te rasanble ansyen kanmarad ak maderista yo (patizan Madero yo) ki te fache anpil, Villa te pran kontwòl eta Chihuahua nan nò a nan kèk semèn. Li te kòmanse rasanble yon gwo lame rebèl, yo te vin konnen l sou non : División del Norte (“Divizyon Nò a”). Sa ki te kòmanse kòm yon ti ponyen bandi te vin tounen yon lame ki gen plizyè milye moun pandan yon pakèt ladan yo te konn fè ran, kiltivatè ak avantirye te rantre nan kòz Villa a. Nan fen ane 1913, División del Norte Villa a te vin “toudenkou enpresyonan,” li t ap woule sou viktwa an viktwa sou liy tren nan nò yo.

Anba lidèchip Villa, División del Norte a te vin pi gwo ak pi fòmidab fòs rebèl nan Meksik nan moman sa a. Villa te pwouve li te abil nan lagè modèn malgre move eksperyans li – li te mobilize kavalri ak yon vitès san parèy lè l te itilize ray tren e menm deplwaye tren kòm lopital mobil ak liy ekipman pou fòs li yo ki te renome pou mobilite ak ferosite yo, epi Villa te byen peye mesye l yo : yon peso pa jou, yon salè enòm nan epòk sa a. Peyman regilye sa a (ak pèmisyon pou piye ganizon federal defèt yo) te asire lwayote epi li te atire rekritman anba drapo li. Villa te aplike disiplin san pitye tou. Nan yon rapò ki soti nan yon lopital Chihuahua, lè yo te di l, kèk nan sòlda l yo te anmègde enfimyè yo, Villa te fè egzekite delenkan yo sou plas, li te fè yo konprann klè,  konpòtman sa yo “pa tolerab”. Men, nan lòt ka, Villa limenm te ka brital ak lènmi yo, epi lyetnan li yo te fè pè a, Rodolfo Fierro (yo te rele El Carnicero, “Bouche a”) te aplike vyolans rapid. Melanj jistis estrik, karisma ak britalite sa yo te defini estil lidèchip Villa. Li te enspire devosyon ak laperèz nan menm mezi. Anpil vilajwa pòv te wè li kòm vanjè yo kont klas gwo pwopriyetè teryen  abizif yo, pandanstan elit la menm te wè l kòm yon bandi danjere an inifòm.

Nan fen ane 1915 yo, sitiyasyon Pancho Villa te vin deteryore anpil. Lame li a te sibi gwo dega, li pa t kapab mennen lagè sou gwo echèl ankò, epi rejim Carranza a (ki te kenbe prezidans lan nan vil Meksiko) te kòmanse jwenn rekonesans diplomatik. Sa ki te pi grav, Villa te santi Etazini trayi l; Etazini te bay Carranza zam, e yo te menm pèmèt twoup Carranza yo pase sou tèritwa meriken an pou yo te ka antoure Villa nan yon batay. Byenke medya meriken yo te konn dekri l anvansa kòm yon kalte “bandi womantik,” Villa te vin fache anpil lè Prezidan Woodrow Wilson te apiye Carranza. Nan kòmansman lane 1916, li te chèche tire revanj epi jwenn yon mwayen pou l reprann fòs li. Nan mwa janvye 1916, pou l te montre Carranza pa t vrèman kontwole nò a, twoup Villa yo te kanpe yon tren nan Santa Isabel, Chihuahua, epi yo te egzekite 17 enjenyè min meriken ki te abò tren an. Apre sa, nan dat 9 mas 1916, Villa te fè yon aksyon ki te pi odasye toujou: li te antre sou tèritwa meriken an epi li te atake vil Columbus, nan eta New Mexico, ki sitiye toupre fwontyè a. Avèk kèk santèn kavalye, Villa te travèse fwontyè a pou l antre nan New Mexico epi atake vil la; yo te boule bilding epi yo te touye anviwon 17 Ameriken (pifò ladan yo te sivil). Atak sa a te pran Etazini pa sipriz epi li te fè gwo bri nan tout peyi a. Se te premye fwa yon fòs etranje te lanse yon atak ame sou tèritwa meriken depi Lagè 1812 la.

Jeneral Pancho Villa

Moun toujou ap debat sou rezon egzak ki te pouse Villa fè atak Columbus la. Gen kèk istoryen ki kwè se te yon revanj pèsonèl kont yon machann zam nan zòn nan ki te twonpe Villa, oubyen se te yon repons kont sipò Etazini te bay Carranza. Gen lòt ki di Villa te vle pwovoke yon entèvansyon meriken nan Meksik; li te espere yon envazyon meriken t ap eksite santiman nasyonalis meksiken yo epi fè pèp la vire kont gouvènman Carranza a, yon gouvènman li te konsidere kòm youn ki te gen sipò “gringo” (Ameriken). Anfèt, yo di Villa te di sòlda li yo — ki pa t konn ni li ni ekri —yo te dwe bay meriken yo yon leson paske yo te ede Carranza, epi tou akoz yon ensidan nan El Paso kote yo te boule prizonye meksiken yo, yon fason terib (yon istwa ki te fè mesye l yo fache anpil). Kèlkeswa rezon ki te dèyè l, atak sou Columbus la te lakòz egzakteman sa Villa te prevwa a: Prezidan Wilson te bay lòd pou yon “Ekspedisyon Pinitif” al chèche Villa sou tè Meksiken. Kèk jou apre atak la, Jeneral John J. “Black Jack” Pershing te mennen anviwon 5 000 sòlda Lame meriken an byen fon nan nò Meksik, avèk misyon pou kaptire oswa touye Pancho Villa. Pandan mwa ki te swiv yo, fòs ekspedisyonè meriken an te grandi pou l rive plis pase 10 000 gason; yo te gen machin, telegraf, e menm kèk avyon — sa ki te fè l tounen yon lame byen modèn pou epòk sa a.

Sepandan, Villa te rete difisil anpil pou jwenn, jan l te toujou ye a. Li te konnen teren an pafètman byen epi li te jwi gwo sipò nan men moun lokal yo. Anpil moun nan vilaj Meksiken yo, byenke yo te pè nenpòt lame, te konsidere Villa kòm yon ewo popilè; yo te bay twoup meriken yo move direksyon oswa yo te kache enfòmasyon, sa ki te pèmèt Villa toujou rete yon pa devan yo. Pouswit la te kontinye pandan prèske tout lane 1916 la, kote fòs Pershing yo te antre plizyè santèn mil anndan eta Chihuahua. Yo pa t janm rive mete men sou lidè geriya a. Nan yon moman, Villa te blese (li te pran yon bal nan jenou pandan yon konfli ak twoup Carranza yo), men li te rive chape ale nan mòn yo pou plizyè semèn pou l te ka refè. Ekspedisyon Pinitif la te konn fè echanj kout zam detanzantan ak gwoup patizan Villa yo, e menm ak lame Carranza a — nan yon okazyon, twoup meriken yo te antre nan yon konfli ak fòs Carranza yo, sa ki te prèske deklannche yon lagè pi laj. Pandan mwa yo t ap pase, kantite moun ki te rete bò kote Villa te diminye pou rive nan kèk santèn konbatan fidèl, men Pershing pa t janm ka jwenn “zegwi nan yon pil pay.” Nan kòmansman ane 1917, pandan Etazini t ap prepare pou l antre nan Premye Gè Mondyal la, Prezidan Wilson te rele Pershing tounen, ki te santi l dekouraje. Twoup ameriken yo te retire kò yo san yo pa t janm kaptire Villa. Ofisyèlman, ekspedisyon an te konsidere kòm yon echèk parapò ak objektif prensipal li te genyen an. Sepandan, li te gen kèk konsekans segondè: li te sèvi kòm “bon fòmasyon pou lidè militè yo, tankou George S. Patton,” epi li te pèmèt Lame meriken an teste nouvo ekipman, tankou kamyon ak avyon, nan kondisyon ki te difisil anpil. Nan Meksik, lejand Villa a te vin pigwo toujou—li te defye “Tonton Sam” (Etazini) sou pwòp tè li epi li te rive chape, sa ki te ranfòse imaj li kòm yon konbatan geriya pèsonn pa t ka domine. Pou nasyonalis meksiken yo, pozisyon Villa a te fè l tounen yon senbòl rezistans kont entèvansyon meriken (menmsi se atak li te fè a, ki te lakòz entèvansyon sa a). Yon lòt bò, nan laprès meriken, yo te prezante Villa klèman kòm yon mechan—yon bandi asasen yo te dwe touye. Kidonk, atak sou Columbus la te solidifye de fas repitasyon Villa a: yon ewo nan Meksik, epi yon kriminèl nan Etazini.

Pandan twazan, Pancho Villa te viv yon lavi trankil sou ranch li – yon fen etranj pou yon gason ki te pase dizan nan lagè san rete. Li te sanble aksepte wòl li te vin genyen an ki te pi limite, menmsi li te rete yon pèsonalite popilè nan rejyon an. Nan lane 1923, Villa te kòmanse retounen nan politik, omwen nan pawòl li yo. Li te bay entèvyou, kote li te fè konprann, li ta ka prezante tèt li nan eleksyon oswa patisipe yon fason oswa yon lòt nan zafè nasyonal, pandan eleksyon prezidansyèl 1924 yo t ap pwoche. Sa te bay moun ki sou pouvwa yo kè sote. Nan epòk sa a, Jeneral Álvaro Obregón te prezidan (li te ranplase Carranza nan fen ane 1920), epi li t ap prepare alye li a, Plutarco Elías Calles, pou l vin pwochen prezidan an. Si Villa te retounen sou sèn politik la, sa t ap kapab gate tout plan yo. Se konsa, nan dat 20 jiyè 1923, yo sasinen Villa. Pandan li t ap kondui machin li nan vil Parral, yon gwoup gason ame te tann li yon anbiskad epi yo te tire yon pil bal sou li; yo te touye Villa ak gadkò li yo nan yon ekzekisyon san pitye. Villa te mouri sou plas, li te gen 45 an. Moun ki te touye l yo pa t janm jwenn pinisyon yo merite; anpil moun kwè se lènmi politik lokal yo ki te monte konplo a, avèk omwen yon akò an silans nan men gouvènman Obregón lan. Se konsa lavi jeneral geriya selèb la te fini – pa sou chan batay la, men nan yon sasinay ki te byen planifye. Nan yon epizòd ki vrèman chokan, yo te menm vòlè tèt Villa nan tonm li.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here