“Mwen ba nou endepandans, men se pou nou defann li.”
Pawòl Papa Dyesalin
Nan depatman Sidès Au moins sept (7) moun blese ak bal nan zòn Remon Lèben, 1ye seksyon Komin Ravin Nòmann komin Kay Jakmèl nan maten vandredi 16 me 2025 la apre yon eskonbrit pete ant ajan BSAP ak moun nan popilasyon an . Se nan lokazyon yon parad elèv lekòl nan zòn nan t ap fè. Ajan BSAP yo ki t ap sekirize parad la te nan diskisyon ak yon chofè moto ki t ap pase. Akòz bouch louvri an, ajan BSAP yo tire devandèyè, sa ki lakòz 7 moun pou piti pran bal. Se sa temwen ki te la a yo rapòte. Apre eskonbrit sa a, tout viktim yo al pran swen sou kabann lopital Sen Michèl Jakmèl. Tout abitan nan z`on nan voye toya sou ajan BSAP yo apre kakosal sa a.
Frits Jan te toujou fè konprann li reprezante yon senbòl entèlijans ak entegrite. Men kòm gwo ekonomis, pwofesè inivèsite, ansyen Gouvènè Bank Santral, ki te toujou gen yon diskou ki klè, konsekan, e ki te pote lespwa. Depi 2018, li te mete tèt li sou chimen pou l vin Prezidan. Li te aktif, li te prezante plan, li patisipe nan tout akò, tout negosyasyon, tout rankont li te parèt tankou youn nan pi bon pwofil pou lidèchip. Epoutan, Akò Montana ki reyini elit entelektyèl ak politik peyi a te menm eli li kòm Prezidan. Jodi a, li se Prezidan Konsèy Tranzisyon an — li “anchaj” sou papye. Men Ayiti kontinye rete san plan, san vizyon, san direksyon. Ayiti toujou anmòd enpwovizasyon. Peyi a pa gouvène ditou. Pèp souvren an pa gen gid. Donk, nou dwe poze tèt nou pi gwo kesyon an: 𝐌𝐞𝐧, 𝐬𝐞 𝐤𝐢𝐬𝐚 𝐬𝐢𝐬𝐭𝐞̀𝐦 𝐥𝐚𝐧 𝐦𝐞𝐧𝐦?

Ki sistèm politik, ekonomik, sosyal ki kontwole Ayiti depi lontan? Kiyès ki mete li sou pye? (Papa sistèm lan) Èske sistèm sa a pa fèt pou echwe tout moun? Èske li pa fèt pou Ayiti pa janm reyisi kolektivman? Kounye a, pi gwo kesyon an se: Ki jan nou ka vrèman konprann sistèm sa a nan pwofondè li ? Kijan nou ka chavire li ? Kisa sa pral mande? E kiyès ki pare pou peye pri chanjman sa a ? Mwen pa ekri sa pou sal pèsonn. Men se tan pou nou sispann mete espwa sou tèt moun. Nou bezwen bati yon sistèm ki travay pa yon lòt figi sèlman.
Èske se Fritz Jean ki vinn tounen osi enkonpetan ? Oswa èske se sistèm lan ki “Bwè” misye, tankou li fè ak tout lòt yo? Si ou gen repons… Oswa si w vle chèche l ansanm ak mwen…An n pale. 𝐏𝐚𝐬𝐤𝐞 𝐬𝐢𝐥𝐚𝐧𝐬 𝐥𝐚𝐧 𝐬𝐞 𝐠𝐚𝐳 𝐬𝐢𝐬𝐭𝐞̀𝐦 𝐥𝐚𝐧. Pou fèt drapo 18 Me 2025 anplis sou bidjè sa chak konseye prezidan jwenn 2 milyon goud epi prezidan KPT a jwen 4 milyon goud. Sa totalize 317 milyon goud san bidjè primati a. Yon sèl konseye ki refize pran kòb pal la, se Edga Leblan. N ap raple Frits Jan te rele anmwe kòripsyon lè Aryèl Anri te debloke 90 milyon pou fèt drapo.
18 me nan Okap : gwo eskonbrit pete nan Katedral la, lapolis krabinen anba kout baton yon pwofesè k te vin fè revandikasyon l pase. Men pwòf la resevwa yon majè kalòt nan men yon polisye. Menm kote a l remèt polisye a kalòt la angranmoun. Paske granmoun pa leve men sou granmoun. Menm kote aksyon bosal sa a pase a Ino pran mikwo laprès pou l denonse avèk fòs zak vyolans polisye a fè sou pwofesè ki t ap patisipe nan mouvman pou defann dwa ak revandikasyon anseyan yo nan depatman Nò nan lokazyon jounen fèt drapo a peyi a.
Pwofesè yo k t ap reklame pi bon kondisyon travay ki se yon dwa, yo mande:
- Sanksyon kont polisye a,
- Pozisyon klè MENFP kont vyolans sa yo,
- Angajman tout aktè pou fè respekte dwa pwofesè yo.
Dapre INO/NIP, vyolans sou pwofesè se yon gwo atak sou ledikasyon!*