Nou gen 23 lane depi n ap pataje yon kokennchenn eksperyans ki derape ak kreyasyon espas kòwdinasyon sa a nan lane 1994. Espas sa a se rezilta yon demach sektè pwogresis peyi Trinidad ak Tobago ansanm ak òganizasyon sendikal nan peyi sa a. Nan lane 2017 la, 7tyèm APC a pran angajman ak tout volonte pou kontinye konstriksyon sa a detan l ap defini oryantasyon ak direksyon pou nou ka afwonte ansanm kriz sistèm kapitalis global la pandan n ap ankouraje tout demach ki ale nan sans yon entegrasyon sou zafè souverènte ki vize bonjan kondisyon lavi pou pèp nou yo.
Nou te dedye 7tyèm asanble sa a nan memwa Fidel Castro, Che Guevara, ak Jesus Adon. Mak fabrik kriz n ap viv jounen jodi a ki gen divès dimansyon ki makonnen youn ak lòt, egzije pou nou reprann chimen revolisyon an epi pran lide nan eritaj ak legzanp kouraj yo kite pou jenerasyon sa a ak jenerasyon k ap vini yo.
Pwofondè kriz mondyal la malouk anpil e li klè pa gen okenn solisyon pou kriz sa a anndan yon lojik kapitalis. Okontrè, nou rete kwè kriz pap touye kapitalis la men se pito revolisyon.
Karaktè sovaj sistèm kapitalis-neyo liberal la voye nou nan epòk gwo lagè yo. Nou anfas yon lojik remilitarizasyon enperyalis yo nan Basen Karayib la ki anvayi ak yon pakèt baz militè, anpil mwayen lojistik ak deplwaman sòlda peyi Etazini, Lafrans, Grannbretay, Lawoland ki toujou kamoufle dèyè yon bann swadizan akò kòperasyon oswa entèvansyon imanitè blòf. Peyi Kolonbi ki fenk rantre nan Oganizasyon Trete Atlantik Nò (OTAN), san konte konstriksyon baz militè tou nèf, tou sa reprezante yon danje ak gwo menas pou zòn nan. Asanble Pèp Karayib la kondane tandans pou kriminalize pwotestasyon kidonk manifestasyon sosyal yo avèk itilizasyon vyolans kont mouvman popilè yo ak lidè sosyal yo. Nan sans sa a, n ap voye yon gwo salitasyon solidè bay tout lit sendikal nan karayib la e n ap pwofite voye yon solidarite dirèk dirèk bay lit Inyon Jeneral Travayè Gwadloup yo (UGTG) espesyalman bay Kamarad Elie Domota.
Nou se pèp ki rebèl, e nou deja demontre nan listwa kapasite nou genyen pou nou defye lòd mondyal yo pandan n ap tabli pwojè nasyonal ki radikalman depaman ak lojik peze souse mache piye sistèm dominasyon kapitalis la.
Nou deja nan mitan yon kriz sovaj, k ap toupizi sektè popilè yo, travayè/travayèz, ak tout pèp nan karayib la. Kriz sa a dwe chofe angajman nou pou nou ini tèt nou kòm pèp nan Karayib la pou nou batay ansanm, ranfòse kapasite ak detèminasyon nou pou transfòme kriz sa a, fè l tounen yon opòtinite pou nou konstwi yon sivilizasyon Karayibeyen ki chita sou souverènte ak byennèt pèp nou yo.
Nan gwo deba ki te dewoule nan 7tyèm Asanble a e nan tout lòt rankont nou te prevwa yo, nou te aktyalize lit istorik pèp nou yo k ap batay kont opresyon, eksplwatasyon epi tou nou te valorize tradisyon mawonaj avèk tout gwo viktwa revolisyon pote tankou nan peyi Ayiti nan 1804 ak nan peyi Kiba nan lane 1959. Lane 2017 la mande pou nou reflechi: sou gwo revolisyon ki te ranpòte laviktwa nan peyi Larisi nan lane 1917; sou 150 rekòt kafe depi premye tòm ‘’Kapital ‘’, liv Karl Marx la te pibliye; sou yon syèk depi zèv Lenin ekri sou sistèm enperyalis la ap enprime ; sou 50 lane depi yo te sasinen Che Guevara.
Pa gen pi bèl omaj nou te ka rann kòmandan Fidel Castro Ruiz pase dedye li rankont pèp Karayib la pou eritaj li kite, vokasyon solidarite li, imajinasyon san parèy li ki te pèmèt li renouvle entènasyonalis la. Pwononse non kòmandan Fidel se, e se va toujou yon konvokasyon pou mache nan kalfou moman istorik yo. Legzanp li fè nou kwè li posib, menm nan pi move moman yo, pou nou fè echèk tounen viktwa.
Nou reyini yon lòt fwa ankò sou tè sa a ki te temwen entèvansyon sanglan militè meriken te fè nan mwa Avril 1965, kote san gason kou fanm vanyan dominiken, ladan yo Francisco Caamaño avèk san lòt militan entènasyonalis te sèvi angre pou ideyal lit revolisyonè a te ka pran jarèt. Tè sa a reyini moun ki vanyan e ki sèvi egzanp; nou ka site pami yo, fanm vanyan tankou Mama Tingo ak sè Mirabal yo epi tou jenn revolisyonè ayisyen yo tankou Jacques Viau ki te bay lavi li pou defann diyite nasyon dominiken an.
Reprezantan sendika, òganizasyon politik, òganizasyon fanm, òganizasyon k ap defann anviwonman, òganizasyon peyizan, òganizasyon jenn ak tout lòt mouvman sosyal ak popilè ki soti nan 19 peyi nan rejyon Karayib la, ak lòt peyi envite ( n ap site Bahamas, Babad, Beliz, Brezil, Kiba, Kiraso, Dominik, Gwadloup, Giyàn, Ayiti, Jamayik, Matinik, Meksik, Pòtoriko, Repiblik Dominikèn, Sirinam, Trinidad ak Tobago, Irigwe ak Venezyela) te reyini nan Sannto Domingo, Repiblik Dominikèn, soti 26 pou rive 30 oktob 2017, apre yo te reponn apèl pou kontinye lit pou yon entegrasyon Karayib la ki baze sou souverènte ak solidarite. Asanble a rekonèt entegrasyon sa a dwe pran kòm aktè santral moun yo, kominote yo, pèp yo ak enterè fondalnatal yo kòm bousòl. Nou deside rejte epi kontinye lite kont ako komès lib yo ak modèl ekonomik globalizasyon kapitalis neyoliberal yo ki kontribye nan dekonstonbre teritwa nou yo ansanm ak sosyete nou yo pandan y ap sere boulon nou anba dominasyon pisans enperyalis yo ak konpayi transnasyonal yo. Patisipan yo te salye gwo travay Hugo Chavez te tanmen atravè motè devlopman tankou UNASUR (Inyon Nasyon Amerik Disid yo) , CELAC ( Kominote Leta Latino Ameriken ak Karayib yo) , PETROCARIBE (Antant ant peyi Karayib yo ak Venezyela sou zafe petwòl) ak yon pakèt lòt inisyativ ki ale nan sans konstriksyon souverènte nan manje, nan enèji ak finans pou rejyon nou an.
Setyèm rankont sa a reyafime objektif ASANBLE PÈP KARAYIB (APC) pou li apiye epi kontribye nan ranfòse mouvman ak òganizasyon sosyal nan Karayib la, pandan l ap aji nan dirije ak kowodone jefò pou fè pwomosyon idantite karayibeyen nan. Vizyon fondalnatal APC baze sou respè divèsite ak rezistans kont tout atak dominasyon kolonyal ak divès fòm zak gwo ponyèt, krim ak nouvo modèl rekolonizasyon. N ap lanse yon apèl espesyal pou krim kont fanm kaba nan peyi nan rejyon an.
Patisipan-patisipant nan 7tyèm Asanble Pèp Karayib yo konfime reyalite chanjman klimatik la, sa ki reprezante yon menas sou lavi tout pèp nan Karayib la ak nan mond lan. Menm jan, yo rekonèt aktivite lezòm nan avansman modèl devlopman kapitalis la ap diminye kalite klima a. Asanble a fè solidarite ak pèp Pòtoriko, Antigwa ak Babouda, Sen Toma, Dominik, Sen Maten, Gwadloup, Baamas, Kiba, Repiblik Dominikèn, Ayiti, ki te twouve yo nan lapenn apre plizyè santèn moun te pèdi lavi yo san konte gwo frap ekonomik yo te pran apre pasaj 3 gwo siklòn youn deye lòt; gen anpil nan zile sa yo ki pratikman devaste. Konsekans chanjman klimatik yo ap depafini chak jou pi plis ekosistèm nou yo ki deja frajil. Nan sans sa a, Delege nan 7tyèm Asanble Pèp Karayib yo egzije kreyasyon ofisyèl yon kalte refijye ki se refijye klimatik, fasa gwo evenman trajik ki sot pase nan Karayib la.Nou dwe chanje sistem nan, se pa klima a!
Nou kondane tretman yo te bay sitwayen Pòtoriko yo, nou egzije anilasyon lwa kabotaj Jones la, nou reklame respè pou frè ak sè potoriken yo. N ap denonse fason administrasyon Trump la ap jere gwo kriz imanitè sa a, kote administrasyon meriken ap aplike sa yo rele teyori kapitalis dezas la, tout yon seri kondisyon ki fè nou egzije klèman pou gen yon bout nan sitiyasyon kolonyal zile Pòtoriko, yon zile sè nan Karayib la. Asanble Pèp Karayib konsidere se yon wont nan plen 21èm syèk la pou kontinye gen peyi ki jouke anba men kolon. APC egzije pou Komite Dekolonizasyon Nasyonzini an entegre rès peyi nan Karayib la nan demach dekolonizasyon an. N ap reklame avèk tout fòs nou endepandans ak souverènte pou pèp sa yo. APC ap fè solidarite tou pou endepandans Palestin ak Sahara Oksidantal.
Preske tout peyi nan Karayib la kontinye sibi yon kriz dèt ki sanble san fen, ki trennen deyè l vyolasyon dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl pèp nou yo; ki kondisyone mas pèp nou yo pi fon nan yon mizè pwograme; ki atake dwa travayè ak sendika yo ; ki detwi sektè agrikol la epi mete peyizan yo sou kote. Nan sans sa a, n ap raple pawol Fidel Castro nan Konferans Nasyonzini sou Anviwonman ak Devlopman ki te fèt nan Rio de Janeiro (Brezil) nan lane 1992. Li te deklare: “Yo dwe peye dèt ekolojik la, nou pa dwe peye det eksten nan. Pito lafen disparèt olye lòm disparèt”.
7 tyèm Asanble Pèp Karayib la (APC) kwè nan demach reparasyon krim sistèm esklavaj la, menm jan ak demach pou repare krim piyaj, dap-piyanp epi soumisyon anba dominasyon pandan plis pase 5 syèk; demach sa yo se zouti fondalnatal pou rekonstwi Karayib la. Ansam ansanm, nou dwe rekonstwi memwa nou.
Nou menm patisipan-patisipant 7tyèm Asanble Pèp Karayib la, nou deklare angajman pou nou bay bourad nan tout pwojè entegrasyon altènatif, tankou Alyans Bolivaryèn pou Pèp Amerik yo-Akò Komès ant Pèp yo (ALBA-TCP), PETROCARIBE avèk Kominote Eta Latino Ameriken ak Karayib yo (CELAC); san nou pa bliye tout lòt espas kap valorize pwojè entegrasyon popilè ak avansman sosyal enpotan. Delege nou yo pwopoze pou gen prezans APC nan tout reyinyon AEC, CARICOM, etc. ki gen arevwa nan mete sou pye zouti entegrasyon nan Karayib la.
Nap voye tout api ak solidarite nou bay pep Ayisyen an nan batay lap mennen pou wete MINUJUSTH, eritye MINUSTAH ki lotè krim ak kraze brize pandan plis pase 13 lane nan peyi d Ayiti, kote MINUSTAH pwazonnen plis pase 800,000 moun anba mikwòb kolera epi touye 20,000 moun ak maladi sa a. Prezans twoup etranjè sa yo depaman ak volonte pèp Ayisyen an; e se yon souflèt kont eritaj gwo Revolisyon kont lesklavaj ki te triyonfe nan peyi sa a. Nan sans sa a, nou pran angajman pou poze aksyon, noumenm nan peyi ki nan Karayib la pou nou fè konnen aklè nou kondane ak tou fòs nou okipasyon enperyalis la nan peyi d Ayiti e nou egzije jistis ak reparasyon; nan menm sans lan, APC pran nòt Nasyon Zini rekonèt fòmèlman responsabilite li genyen nan foure maladi sa a nan kotòf pèp ayisyen. Fòk Nasyon Zini respekte pwomès li pou kwape epidemi kolera a prese prese; fòk li konstwi bon jan enfrastrikti kidonk bon jan enstalasyon pou asenisman e sitou asire epi distribiye bon jan dlo potab bay popilasyon ayisyen nan.
N ap voye solidarite nou bay Gouvènman Bolivaryen Venezyela a, epi n ap fete laviktwa li sot ranpote nan eleksyon pou Asanble Nasyonal Konstitiyant lan, menm jan nou rejoui pou bèl rezilta li fè nan denye eleksyon pou pòs gouvènè yo. Venezyela kontinye ap sibi atak san pran souf anba men Gouvènman Meriken ak opozisyon an ki vle destabilize eksperyans bolivaryèn nan epi pase anba pye desizyon ki makonen ak souverènte pèp venezelyen an. Asanble Pèp Karayib la pran angajman pou defann Revolisyon Bolivaryèn nan epi reklame san kondisyon pou Etazini leve anbago li mete sou peyi Kiba a. Aba anbago! Nou tout se Kiba! Nou tout se Venezyela!
Lè nou gade repons gwo ponyèt fòs dwat konsèvate dechennen yo pou yo kapote tout avansman mouvman pwogresis la rive fè sou kontinan nou an, sa ki parèt pi enpotan se ranfòse epi apwofondi demach edikasyon politik ak ideyolojik anndan òganizasyon nou yo nan tout rejyon an.
APC a konfime, souverènte alimantè kidonk dwa granmoun nan zafè manje, se kle pou garanti dwa granmoun peyi nou yo. Batay kont sa yo rele transjenik, agwotoksik ak endistriyalizasyon agrikilti a, daprè lojik kapitalis la, reprezante youn nan pi gwo defi pou limanite nan jefò l ap fè pou redefini modèl konsomasyon ak relasyon lèzòm ak lanati. Prensip jistis klimatik la, defans agrikilti peyizan an ak eko sistèm nou yo dwe sevi nou kòm gid. Nou dwe ranfose lit sistematik pou okipasyon tè yo.
APC vle pataje vizyon li pou li mobilize nan batay pou defann dwa lojman ki diy epi pou ankouraje kòperativ devlopman mityèl ak tout lòt inisyativ ki gen arevwa ak ekonomi solidè ki ka fasilite nou rekonstwi yon lavi miyo epi tabli yon relasyon ant anviwonman an ak kominote yo.
7tyèm Asanble a salye Deseni pèp desandan afriken yo Nasyonzini dekrete pou peryòd 2015-2024. Asanble a rekomande mouvman sosyal ki nan chak peyi nan Karayib a pou yo fòme platfom lajman laj pou apiye epi itilize espas sa a pou pouse Leta yo pran bon jan mezi kont tout fòm segregasyon, diskriminasyon, majinalizasyon, mete moun sou kote, ki baze sou rasis. Rasin afriken-karayibeyèn ki se rasin ki pi fò nan peyi nou yo, dwe fè pati tout jefò pou refonde epi konstwi nouvo chema lavi. Oganizasyon nou yo ap prepare pou denye moman kloti deseni pep desandan afriken yo nan peyi Ayiti an 2024.
Asanble a te rann yon omaj bay lang kreyòl la, ak kokennchenn kontribisyon li pote nan mouvman emansipasyon ak rezistans kiltirèl nan rejyon nou an. Defann dwa kiltirèl yo dwe yon gwo poto mitan nan lit santral la, nan yon mond k ap sibi atak san rete bò kote sistèm medya dominan yo ak yon bann zouti todye lespri pou eseye mete yon bèl kouch penti sou sivilizasyon lanmò kapitalis la ak tout konpotman li trennen avé l.
Nan rejyon Karayib la menm jan ak nan lòt rejyon nan mond lan, vag migrasyon yo, kidonk moun k ap kite peyi yo pa bann ak pa pakèt, mennen dezespwa ak soufrans nan sosyete nou yo. Migrasyon sa yo, anpil fwa, se rezilta politik kolonyal dap piyanp, soumisyon ak prejije sou koulè po. Nou dwe transfome dlo nan je nou, fè yo tounen yon enèji pou lit la, epi egzije libète total capital pou moun sikile. Jis kounye la a, lib sikilasyon fèt selman pou lajan ak machandiz. Batay pou dwa migran yo dwe jwenn akonpayman an pemanans òganizasyon karibeyèn yo.
Nou denonse arè 168-13, Tribinal Konstitisyonèl Dominiken te adopte pou denasyonalize plizyè santèn milye sitwayen-sitwayèn epi kreye yon legzanp ki danjere anpil pou migran atravè mond lan. Dispozisyon jiridik sa a dwe elimine. Nou dwe makonen lit sa a ak defans dwa travayè migran yo, yon fason lajman laj. Nan sans sa a, òganizasyon ki manm APC yo pran angajman pou yo travay pou yon prezans pi djanm nan rezo dyaspora karayibeyèn an, nan aktivite nou yo, nan kanpay ak pwojè nou yo.
7tyèm APC a deside monte yon gwo kanpay sansibilizasyon ak edikasyon politik. Li nesesè pou nou deklannche yon batay tou nèf apati sektè popilè yo kont lide ak pwopozisyon fachis k ap eseye fofile kò yo nan anpil rejyon sou planèt la. Nan sans sa a, tabli yon televizyon karayibeyèn ak yon seri estrateji kominikasyon parèt kom yon ijans.
7tyèm Asanble a te lanse apre plizyè rankont byen rich ki te rasanble divès òganizasyon, ladan yo òganizasyon jenn, òganizasyon fanm, òganizasyon sendika. Espas sa yo te bay nesans ak nouvo akò, nouvo lide sou travay an rezo k ap fèt nan sektè sa yo. Anmenmtan, pou lapremyè fwa nan rejyon an, te gen yon rankont nan mitan òganizasyon karayibeyèn yo ki manm mouvman ALBA a, ki se yon espas alyansay kontinantal ki deja pote bon rezilta nan denye lane sa yo. Gen 8 peyi nan Karayib la ki apwofondi rapò yo ak eksperyans kontinantal yo e ki bay travay yo plis rasin nan sou rejyon nou an.
Tout patisipan-patisipant yo ansanm e chak patisipan an patikilye, te montre nesesite, nan kalfou enpotan sa a, pou nou tabli yon plan aksyon ak batay klè sou priyorite ki defini nan deklarasyon sa a. Mond tou nèf nou vle a, e lòt Karayib ki posib la, nou dwe bati li nan chalè pwojè anti-enperyalis, anti-feyodal, anti-patriyakal, anti-rasis, eko-feminis, pandan n ap konsève richès kilti ak istwa nou, apati travay kodinasyon mouvman revolisyonè yo ak inite aksyon nou. Se nan inite fòs nou ye.
Pou fini, nou dwe salye bon jan akèy ak travay komite òganizate dominiken an, espesyalman tout manm chapit dominiken nan APC a.
Fanmi karayibeyèn ki entegre epi ki angaje nan konstwi sosyalis la ap pran jarèt. 7tyèm APC a te gen yon siksè seten ak patisipasyon 19 peyi. Prezantasyon tèks ak pwopozisyon te fasilite yon bonjan refleksyon nan tèt ansanm sou pwoblèm konplike yo, e te gen semans ki simen pou yon lavni k ap gen mak fabrik rebelyon ak detèminasyon. Nou dwe siyale tou prezans rezo enpòtan tankou : CLOC-Vía Campesina, Grito de los Excluidos/as, Alianza Internacional de Habitantes (AIH), Federación Democrática Internacional de Mujeres (FDIM), Rezo atis, entelektyèl, ak mouvman sosyal ki rele En Defensa de la Humanidad (EDH), Consejo de Educación Popular de América Latina y el Caribe (CEAAL), Rezo Edikate-Edikatris Sant Martin Luther King (CMMLK), san n pa bliye mesaj nou resevwa bò kote Jubileo Sur-América, Sociedad de Economía Política Latinoamericana (SEPLA), epi tou bò kote gwoup travay Kriz ak Ekonomi Mondyal ki sòti nan CLACSO.
Nou lanse yon apèl pou nou rankontre nan pwochen Asanble Pèp Karayib k ap fèt nan Trinidad Tobago an 2019.
Pou yon Karayib ki ini e ki granmoun tèt li!
N ap pote laviktwa!
Sannto Domingo, Repiblik Dominiken
29 Oktòb 2017.
Tradiksyon: DECIDE Lovanice/ LISANE Andre