20 septanm 2020: 262 kout chapo pou Papa Desalin

0
2321
Estati Desalin sou Channmas Pòtoprens

Nou fin demele gèt nou pou n rache libète n
Kounye a fò k nou jere libète n
Pou noumenm ak nan enterè kolektif pa nou
Pawòl Bayina Belo ki se Manman Fondasyon Klè Erez Felisite Bonè Desalin

Jou ki te dimanch 20 septanm 2020 an, te fè gwo gason kanson ki rele Papa Desalin nan 262 lane sou latè si kriminèl sanmanman pat bwè dènye gout san l san kite yon gout. Jou dimanch 20 septanm sa k sot pase a nan anpil kote sou latè tankou kote ki gen sila a yo ki konn valè gason ak fanm bravedanje nan batay pou fè libète boujonnen se te gwo fèt.

Fèt pou fèt menm si se fèt pi gwo Ayisyen natif natal zantray Ayiti te akouche nan lakou Grannrivyè Dinò jou ki te 20 septanm nan lane 1758. M pa kwè m bezwen pèdi tan m pou m nan plede rakonte ki kalib potorik gason sa a ki rele Papa Desalin nan. Kite m sèlman fè n sonje Papa Desalin Lanperè se Papa Libète an Ayiti ak anpil lòt peyi ki pa twò lwen nou la a.

Manifestasyon nan lari

Jou dimanch 20 septanm ki sot pase a, se pa tout kanmarad ki te deside pou yo selebre Papa Desalin menmjan. Manifestasyon nan lari, se youn nan fason pou pèp la te di Papa Nanchon an ki jan n genyen l rekonesans anpil. Manifestasyon rekonesans militan an yo te koumanse fèt jou ki te dimanch 20 septanm nan sou Channmas epi yo te tou reklame jistis pou Papa Desalin.

Se apre plizyè lidè politik te fin depoze yon bèl bouke flè nan pye Papa Desalin pou di l  mèsi tankou kokenn powèt sanba Feliks Moriso Lewa te di l : Mèsi Papa Desalin. Kòm sa te planifye se lè yo te fin fè plizyè tou estati anbwonz Papa Desalin ki chita byen rèd sou chwal li ki pe galope klatap klatap sòlda Abèl Loreston ak Rejinal Petwo Chalennjè te mande rès sòlda a yo pou yo pike devan.

Channmas, Pòs Machan, Avni Poupla, Nazon epi Wout Dèlma te anvayi ak militan. Men lè yo rive Nan Dèlma 32,  se la tout krèy makout, atache ak bandilegal pouvwa a fè yo jwenn ak  zo grann yo. Gaz Lakrimojèn, kout baton vendik, grenn bal galil, kamyon dlo grate, kout pye bòt chaje ak labou, kout pwen, plòt krache. Se konsa  sanmanman nan pouvwa a te deside maltrete pitit Fondatè peyi a  ki t ap reklame jistis pou papa yo.

Nan Fondasyon Klè Erez Felisite Bonè Desalin

Ak gwo kout vaksin revandikasyon pou Papa Nanchon an se konsa Fondasyon an t ap defann gwo Gason kanson sa a ki te sakrifye tout vi l pou l te rive fè bèl chan libète chante nan bouch tout Ayisyen.

Yon moniman Desalin nan peyi Equatè

Se konsa depi inè te sonnen beng jou ki te dimanch 20 septanm nan timoun, kou granmoun, Jenn moun te vin benyen nan sewòm Papa Desalin Manzè Bayina Belo ak lòt sanmba a yo te pase 2 zè ap simaye tribòbabò.

20 septanm jou Papa Desalin

Jou ki te 20 septanm 2020 an Prezidan gason pantalon l nan senti l peyi Venezyela a Nikolas Maduro te sonje pou l bay memwa Papa Desalin 21 kout kanno ochan rekonesans pou bourad li te bay pou ride kase chenn lesklavaj nan Amerik latin nan. Epoutan ti bandilegal tout koulè sou pouvwa an Ayiti ap voye plòt krache sou pitit Papa Desalin. Se nan moman sa a pouvwa restavèk peyi enperyalis yo deklare 20 septanm Jounen Papa Desalin. Pi devan yo di ankò 17 oktòb se jou dèy pou memwa Papa Desalin. Y ap kreye konfizyon, asasen yo bezwen pran woulib sou tren Desalin nan ki pran lari nan tout kwen lan peyi a.

Men kiyès ki ka di n, ki lè Papa Desalin ap resi jwenn jistis? Si se sa ki rive bout bwa vèt alewè pou bout bwa sèch menm ?

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here