12 out 2007-12 out 2021 : 14 lane depi n ap tann jistis pou Lovinsky Pierre Antoine

0
1069
Lovinsky Pierre Antoine

Bay kou bliye, pote mak sonje ! Jodi a n ap sonje dirijan Fondasyon 30 septanm lan, Lovinsky Pierre Antoine ki te yon militan dwamoun toutbon, li t ap batay pou jwenn dedomajman pou viktim koudeta 1991 yo. Yon koudeta boujwazi a te finanse epi yo te ratibwaze anpil pitit pèp la nan katye popilè yo.

Nou pap janm kapab bliye kidnapin politik sa a ki te fèt sou gouvènman Preval-Aleksi la jou 12 out 2007 la pou te fèmen bouch pèp la ki chak mèkredi te konn manifeste sou Channmas plas Ewo endepandans yo, pou revandike dwa viktim yo. Manifestasyon sa yo pat fè yon latriye moun ka p defann enterè boujwazi a ak meriken plezi.

Pa janm gen rapò okenn òganizasyon dwa moun. Pa janm gen yon ankèt ki mennen sou sasinay sa a omwen pou fanmi li ta espere jwenn jistis. Pa menm yon rimè ou pa tande, menm teledyòl pa rapòte anyen. Jij denstriksyon an mèt Chavannes Etienne pa janm mennen okenn enstriksyon pou jouk jounenjodia

Pat gen lajan ki mande, senpleman sa yo te bezwen an yo jwenn li. Pou rapèl se aprè yon reyinyon nan Delma ak yon delegasyon envestigatè dwamoun Ameriken ak Kanadyen, bandi politik yo te fè dappiyanp sou li.

Pou komemore 7yèm anivèsè koudeta 1991 lan, Lovinsky Pierre-Antoine te pale sou pwogram Fondasyon 30 Septanm epi ak defi ki genyen nan chèche jistis pou viktim yo. Li te fè konnen tou, gen anpil òganizasyon viktim — pami yo gen sa ki bon, men gen sa ki jis dèyè kòb reparasyon an– pou y al regle to afè pèsonèl yo. Li te souliye rezon kif è Enpinite kontinye ap taye banda: kriminèl koudeta yo poko jije, ki fè yo ka kontinye ap menase viktim yo. Se paske peyi Etazini ak 24 mil marin anvayi peyi a swadizan retou lademokrasi ak Aristid, yo pa janm remèt dokiman FRAPH, yo  CIA te anleve nan lane 1994 yo, bagay sa a alimante enpinite a jouk jounen jodia.

Jounal Ayiti Libète nou pap janm sispann raple kidnapin sa a, asasen yo ak konplotè yo sitou moun ki te diskredite l nan dyaspora sou yon kesyon lajan lantèman toujou ap mache libelibè tankou tinosan.

Lovinsky pap janm mouri, l ap toujou rete yon militan popilè k ap defann enterè mas popilè yo kont sistèm pezesouse neyoliberal,souflanchou lokak yo ak enperyalis meriken enpoze nan peyi a.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here