Woukoukou Maryo Chandèl

0
1024
Maryo Mowoz alyas Maryo Chandèl

Se tankou yon gwo gwo kout ponya pwazonnen nan nanan zantray tout fanatik mizik rasin yo. Wi se te yon kou  endik lè yo te aprann nouvèl piman bouk nan gaz lakrimojèn sa a ki te fè 2 grenn je yo kouri rigòl dlo san yo pat vle. Se te byen bonè nan lannwit madi 15 fevriye a Maryo Mowoz ki te gen non sanba l Maryo Chandèl te deside kase kòd lavi a epi travèse san gade dèyè.

Se konsa Maryo atis chantè gwo bout papa sanba Gwoup Rasin ki rele Chandèl pran desizyon pou kite move van malveyan lanmò san bout tenyen bout chandèl pa la. Men se te kou yon papa toudenkou move kou vendik sa a te rive siprann Sanba a nan mitan kafou si l te konnen toujou an reta. Douvan nouvèl atoufè sa a tout Ayisyen Zantray ki rekonèt valè Mizik Rasin ap koube yo byen ba devan kadav Maryo Chandèl ki fèk sot travèse kite n.

Nou tout nan Ayiti Libète ap pwofite pou n swete Kondoleyans pou tout fanmi li, tout zanmi li tout Ekip mizisyen Chandèl yo, ak tout zanmi Sanba Maryo yo nan Tele Anakawona nan Òlanndo. Nan lokazyon malè sa a nou swete yon kondoleyans espesyal pou tout kòd fanmi l fanmi sanba Maryo, Sizi youn nan chantèz prensipal gwoup la, ak tout zanmi Mario, tout fanatik Chandèl espesyalman mizisyen, pwomotè ak chantè Gwoup Chandèl yo, zanmi sanba a  elatriye.

Se pou nanm li repoze an pè detan  l pe  kontinye kenbe pi djanm tankou yon tanbou petwo nan batay kiltirèl la lè l rive nanm peyi Alada. Konsa nou koube byen ba devan kadav Maryo Chandèl, detan n pe swete l bon travèse nan peyi l Alada. Ale ak lapè Maryo. Men, atansyon ! Pa pè kontinye deklare zogoloray malfèktè yo lagè san di pètèt jis yo fè bak dèyè.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here