Tenis Fanm/Openn Ostrali: Naomi Osaka 4yèm lamayòl

0
1204
Naomi Osaka

 Mezanmi, tèt chaje !! Gwo Madmwazèl yo rele Naomi Osaka a dapre sa l sot fè nan pi gwo chanpyona tenis fanm nan peyi Ostrali a pap janm sispann mete moun sou de ran pou kriye Ayibobo pou li. Ayibobo pou Naomi !!! Se konsa jou ki te samdi 20 fevriye a bajou pat ko menm kase, Naomi Gwo Madmwazèl la pat pran tan pou l te kase met nan men yon lòt ti manzè ki soti nan peyi Ozetazini. 

Pòdyab pou ti Djenifè Bradi ki te konprann li te ka fè radiyès pèmèt vin monte mal sou Naomi. Poze w piti !!! A a, tankou bèl pwovèb Ayisyen an di l lan, Mal sele ki pe foule. Se sa Manzè sa a ki gen yon gwo bout nan lonbrik li ki antere nan vil Alsibyad Pomerak la bliye l pa fè lòt ti malerèz la poutèt li te pèdi kat grann li al tonbe anba ponyèt dwat li ki pa manje anyen ki frèt nan koze jwe tenis. 

Apre seyans maspinay san pran souf sa a, tout moun bijo di flanm dife sa a pa fouti pa pitit fi Gwo Moso. 6/4, 6/3 anvan yon bat je Nawomi gen tan fin bat ti Djenifè Bradi byen bat si w konn tanbou 2 bouda nan kanaval Jakomèl 8 jou anvan kanaval Pòtoprens lan. Sa w tande a apre zak maspinay sa a, se madmwazèl sa a ki prèske vin sèl grenn kòk chante nan mitan tout fanm ki konn kanpe sou teren tenis pou pouse boul ale pouse boul tounen agòch adwat. 

Epoutan Naomi pa janm kache lanmou li genyen pou alvèsè a ki se yon fanm nwa parèy li

Dapre bonjan enfòmasyon vant bèf ki te sot tonbe, se pou 2zyèm fwa nan vi l Osaka rive sou medam yo an bourik tou hanni nan kalib chanpyona Tenis òtpòte ki rele Openn Ostrali a. Fòk nou fè sonje pou Nawomi ki te limewo 3 nan tout fanm ki pi maton nan jwe tenis yo lè sa a rive fè fas kare nan final la ak ti konpatriyòt prezidan Biden yo rele Djenifè Bradi a li te bijo pase Serena Williams nan moulen l lan tou. 

Epoutan Naomi pa janm kache lanmou li genyen pou alvèsè a ki se yon fanm nwa parèy li, men nan sikonstans sa a tout lanmou pase pa dèyè tèt li pou yon ti moman. Kou ti Djenifè wè kantite kòn ki pouse nan fontenn Naomi yo, oo ti manzè te gen tan fè bèk atè. Nou toujou tande granmoun lontan ap di doulè yon fanm se pou tout fanm kòmkwa dire pitit nonm Jakmèl la tan nan paspouki pou lòt ti manzè a. 

Naomi di machè se la pou w pat la. Si w se sa w se sa, si w pa sa rale kò w. Anvan yon bat je, tout lwa Madan Desalin yo te gen tan monte chwal Naomi. Si se pa abit la ki te di otan Madmwazèl, se ak fouchèt yo t ap vin ranmase ti Djenifè pou mete l nan ganmèl mennen l ale lwen pou l pa jan tande kote ki rele Mèlboun nan ankò. 

Yon ti istwa papiyon

Depi nan vandredi ki te 12 fevriye a, detan Naomi t ap jwe ak yon lòt ti manzè l te savonnen tou, te gen yon ti papiyon ki sot kote l soti vin poze sou janm gòch li. E, manzè k konnen se yon bon nouvèl grann li ki se manman papa l te ba l pote pote pou li, l te pran l deplase sou teren an avè l sou dwèt li al depoze l yon kote pou pyès malè pa rive l. Se konnen blan an nan peyi Ostrali yo pa konnen se yon bon nouvèl Papa Loko te bay papiyon sa a pote pou Nawomi. 

Anvan yon bat je Naomi bat Djenifè si w konn pitit madigra

Epi pou bèl jès sa a Naomi fè ak papiyon an tout moun yo ret sezi si w konn mayezi. Nan aswè Naomi wè grann li nan dòmi ki vin di l : Pitit fi m ou mèt poze kou ma kafe anmè nan dèyè plan bannann nan plenn Lavale. Paske menm si w ta wè tout lòt medam yo vle dechire po yo si w konn lè vètè ki pran nan pèlen flanman. Ou deja pote lamayòl menm si loray ta gwonde, vle pa vle lantèman pou 4 è. Menm jan l te wè nan rèv la. Anvan yon bat je Naomi bat Djenifè si w konn pitit madigra. Ayibobo pou Naomi pou 4yèm lamayòl sa a. 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here