Seremoni omaj pou 4 polisye yo ki te sasinen nan Vilajdedye yo

0
1290
Seremoni pou 4 polisye bandi te touye nan Vilajdedye

Otorite yo nan Komisarya Senmak la te fè yon seremoni omaj pou viktim polisye yo ki te sasinen nan Vilajdedye,  jounen 12 Mas la. 

Se plizyè douzèn moun ki te patisipe nan seremoni omaj sa a, Inisyativ responsab komisarya Senmak la (Latibonit), te òganize jou ki te 22 mas la. Foto viktim yo te ekspoze epi fanmi yo te bay temwayaj ki gen rapò ak lavi moun viktim yo

Aprè seremoni sa a ki te fèt nan lokal komisarya a, plizyè douzèn ofisye lapolis, fanmi viktim yo ak manm popilasyon an te mache nan plizyè ri nan vil la. Kèk kouwòn flè te depoze nan simityè komin lan nan memwa polisye sa yo.

Yon gwoup ofisye lapolis  te mete inifòm polis administratif ak Inite Depatmantal pou Antretyen Lòd (UDMO) te mache lendi 22 mas 2021 nan vil la nan memwa kat ofisye polis ki te mouri nan Vilajdedye pandan operasyon 12 Mas yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here