Pwofesè pa gen pri

0
684
Yon klas jadendanfan an Ayiti

Chak 17 me se jounen nasyonal tout Pwofesè. Enben, jounen jodi a se yon bon lokazyon pou n ba yo respè bonjan respè detan n ap pwofite ba yo tout lonè ak respè yo merite. Pou koumanse, an n repete pwovèb ki di pou yon sosyete vanse nan chimen pwogrè ak devlopman, li bezwen yon bonjan sewòm ki rele konesans. E se pa nenpòt ki konesans non, se bonjan konesans.

Se Manman ki fè timoun se yon verite tout moun konnen. Men se pwofesè ki met konesans nan tèt tout timoun pou yo ka vin viv tankou moun. Konsa okenn motè pa fouti mache san l pa gen gaz, konsa tou okenn sosyete pap janm ka vanse kòmsadwa si pa gen moun ki byen fòme pou yomenm pou yo fòme lòt moun yo. Kalib sosyete n genyen a pral depann sou ki kalib fòmasyon pwofesè yo mete nan sèvo tout kalib moun.

Men moun ki plase pou simaye tout kalib konesans sa a yo, yo rele yo pwofesè. Men tou gen plizyè kalbi Pwofesè menm si n rele tout pwofesè, sa pa vle di tout se menm. Si w ap travay ak timoun pitipiti, soti 3 pou rive 6 lane ki fèk rantre nan jadendanfan, yo rele w Jadinyèz. Anjeneral se fanm ki konn gen anpil pasyans ak konesans pou jwe wòl sa a pou debite ak timoun yo. Paske aprann ti moun entegre yo nan sosyete a sa mande yon konesans espesyal.

Jadinyèz anseyan pwofesè

Si w travay ak timoun koumanse nan laj 6 lane, pase nan Fondamantal pou rive nan sa nou rele jounen jodi a Nouvo Segondè lè sa a nou se Anseyan. Dyòb Anseyan an ni fanm ni gason ka fè l. Depi yo pran fòmasyon pou sa nan Lekòl Nòmal. Men, lè moun nan fè kou nan Fakilte ak nan Lekòl Pwofesyonèl, se lè sa a yo rele l pwofesè. Se vre nan yon mank e melanj yo lage n.

Depi yon moun ap fè kou yo rele l pwofesè. Sa pa vle di tout moun k ap aprann moun, ou  se pwofesè pou sa. Men gen plizyè kalbi. Pou byen di n, ni Jadinyèz la, ni moun ki Anseyan an, ni moun ki Pwofesè a, yo tout nèt jwe menm wòl, yo tout gen menm misyon yo tout ap fè menm travay la ki se aprann moun. Se laj moun yo sa n ka rele kategori sosyal yo sèlman ki pa menm. Fòmasyon pou fòmasyon, tout se fòmasyon, sa pral depann sitou ki laj gwoup moun w ap bay fòmasyon sa a epi ki kalib fòmasyon an.

se pwofesè ki met konesans nan tèt tout timoun pou yo ka vin viv tankou moun.

Ou te mèt jadinyèz, anseyan, pwofesè, monitè, se pa yon maten ou leve ou bay tèt ou yon grad konsa jan w pi pito. Se kretyen sèl grenn ki al dòmi lè yo leve yo apòt pwofèt, disip, pastè, pè, mè elatriye. Pou w vin pwofesè, ou bijo al aprann metye sa a yo nan yon lòt lekòl ki rele Lekòl Nòmal. Gen Lekòl Nòmal pou Jadinyè pou timoun piti nèt. Gen Lekòl Nòmal pou Fondamantal ak Nouvo Segondè yo. Gen Lekòl Nòmal pou Pwofesè yo rele Lekòl Nòmal Siperyè. Nan lekòl yo gen Direktè. Nan Fakilte gen Dwayen.  Sou tèt dwayen yo gen Rektè. Se li menm ki plase pou jere tout inivèsite a nèt.

Pwofesè men pou ki pri ?

Kounye a an n pale de ki kalib tretman direktè ak direktèz lekòl ak Dwayen nan Fakilte ak rektè nan Inivèsite yo bay Pwofesè yo… Mezanmi oooo dosye sa a bay tèt chaje. Nan anpil ka dosye pwofesè yo konn yon delika ka. Yo konn pi mal pase ka lanmò. Pou yon pwofesè pase tout vi l ap simaye konesans epi kondisyon lavi l pa janm amelyore akoz direktè ak direktèz engra san rekonesans pou m pa di san santiman. Epi yo akrèk pou kòb pase karanklou k pe kouri dèyè chawonj.

Tout bonjan pwofesyonèl k ap byen mennen nan tout domèn yo, nan tout metye yo, nan tout sosyete a se bonjan pwofesè ki te fòme yo tout. Enben gen yon maldòn ki pase si anpil pwofesè sa a yo nan lavidi konsa pandan tout vi yo. Pèsonn pa fouti di m ki metye ki pi enpòtan pase pwofesè. Paske tout lòt metye yo se pwofesè sèl ki montre yo. San pwofesè pa gen okenn moun ki ka aprann anyen. San pwofesè aaaa anyen menm.

Yon moun k ap mete tout sa l gen kòm konesans li pou l plante grenn lakonesans nan tèt tout moun, sosyete a pa gen dwa pou yo trete yo nenpòt ki fason. Sa rele konesans san rekonesans. Yon moun ki envesti tout enèji l genyen pou l fòme moun ki pou dirije sosyete a detan n ap fè gwo mago ak milya, kouman nou vle pou nou trete yo nenpòt ki fason ? Mesyedam atoufè ki dechèpiye $1,50 dola yo se pa pwofesè ki te fòme n, di m non? Epi n gòldafre tout milyon ki pou yo a san mou pa ba yo menm yon peni.

Travay Pwofesè yo

Pwofesè yo, Anseyan an yo ak Jadinyèz yo pa vann konesans paske konesans pa janm gen pri. Men si y ap simaye konesans san yo pa fè pri. Se pa yon rezon pou yo pa janm rekòlte bon jan pri. Nou oblije repete yon lòt bèl ti pwovèb lakay nou ankò. De bon zanmi vann chwal yo san yo pa bezwen fè pri. Pou pil konesans yo pase tout vi yo ap met nan tèt timoun, jennmoun ak granmoun, yo pap janm gen pri vre. Omwen menm prim rekonesans nou ta ba yo. Menmsi prim rekomesans sa a pa fouti al nan mache depi dikdantan. M pa bezwen di w pou jounen jodi a.

Jadinyèz, Anseyan, Pwofesè tout se metye ki pa gen pri

Prepare devwa, bay devwa, esplike devwa, korije devwa, bay nòt, tout se janm pwofesè. Prepare leson, bay leson, esplike leson, fè resite leson, bay nòt. Tout se pwofesè. Ranmase tout nòt, fè adisyon tout nòt, fè miltiplikasyon tout nòt, prepare kanè, tout se pwofesè. Sa vle di pwofesè pa yon moun konsa konsa. Sa vle di tou ni sosyete a ni direktè ak direktèz yo pa gen okenn dwa pou n trete yo konsakonsa. Pase tout yon jounen ap fè klè ak movesan ak timoun dezòd pase ti koulèv vèt, se pa peta w non.

Asirans sante

Jan lòt bèl pwovèb la di l la. Se yon ledikasyon djanm ki pou fè yon sosyete djanm. Men pou ledikasyon an djanm se pou gen pwofesè ki pi djanm toujou chak jou. Pou pwofesè a djanm fòk pòch li djanm pou l pa pase jounen grangou, dòmi grangou, leve grangou ak tout pitit li yo. Èske pwofesè yo byen touche pou sa ? Pou pwofesè a djanm fòk chwal sante l djanm tou. Si l malad fòk li ka al kay yon bon dòktè. Èske jadendanfan yo, lekòl fondamantal yo, fakilte yo konnen se yon gwo devwa pou yo peye yon bon asirans sante pou pwofesè yo?

Direktè ak direktèz peng ak akrèk sa a yo pral gen kè pou peye asirans sante pou pwofesè ? Epi tan bouch yo dous pou bay pawòl dous. Men se pawòl sèlman. Si yo pa menm ka manje, se pa dòktè y ap ka peye. Pou pwofesè a djanm pou l ka bay yon ledikasyon ki djanm fòk li gen mwayen kòb pou l peye lekòl pou pitit pa l tou. Ayiti se sèl peyi fèzè nan fè nat chak jou epi aswè l dòmi atè jis li pran fredi ki ba l atwoz ak lòt kalib doulè, rimatis ak lòt vye demanjezon.

Tank yon sosyete gen bon sans ak desans pou yo trete pwofesè yo nan yon fason ki fè sans, tank pwofesè yo ap pi djanm pou yo plante pi bon grenn ledikasyon nan jaden sèvo tout pitit nou yo pou yo ka itil sosyete a pi byen. N ap di sa ankò pou l ka rantre kole byen fon nan fon zòrèy tout direktè yo pou l pa janm soti. Jadinyèz, Anseyan, Pwofesè tout se metye ki pa gen pri e ki pap janm gen pri. Men se pa pou sa pou n pwofite pou n pa ba yo bonjan pri. Paske ti monnen epis yo ba l chak mwa a ki fin pase anvan l rive nan men yo.

Depi nan peye machin ak moto, manje yon plat aleken ki pa menm gen vitamin, achte rad elatriye. Yo youn pa gen okenn lòt primderisk malgre tout kalte risk yo pran pou yo fòme bon jan sèvo pou Ayiti ka vin pi djanm chak jou piplis. Mesyedam pwofesè, se vre metye w la pa gen pri vre, e l pap janm rive gen pri vre okenn kote sou latè. Men Pwofesè se sèl grenn metye ki te do pichè tout kote sou tout latè. Jadinyèz, Anseyan, Pwofesè, Monitè se vre metye nou an pa gen pri.

Sendika Pwofesè UNOH

Men si direktè ak direktris yo ki nan pati pri derefize ban n bon jan pri pou kouray nou ak konesans nou fòk nou òganize san pati pri. Fò n mete kanpe bon jan sendika djanm sou djanm pou n ka ekzije san konsyans yo ban nou bon jan pri pou kouray nou ak konesans nou ki pap janm rive gen pri. Jou ki te madi 17 me a pwofesè Josué Merilien te deside fete nan lokazyon jounen nasyonal pwofesè yo. Anplis de sa se te yon dat konsa l te fonde Sendika Pwofesè ki rele UNOH vle di Union Pwofesè Haitien (nan lan franse) sa fè 31 lane.

Nan lokazyon sa a l te fè yon aktivite nan Jaden Kiskeya. Te gen Atyasou tanbou ki t ap jwe tanbou epi chante tou. Nan yon ti bat bouch li te gen ak nou l te di n li leve nan Lakou SOuvnans. Se la tou  aprann fè tanbou bay mizik. Men nan moman an se kafou Fèy li fè baz naval lai. Te gen ekspozisyon liv. Se te lokazyon pou bay Jak Estefèn Aleksi yon bel Ochan l byen merite pou bon jan travay li te fè pou ride sosyete a pral konsyans. Atis angaje mizisyen konpozitè chantè te tou pwofite vann CD li fèk fè ki rele Ochan pou Jak Kamoken.

J. Fatal Piard

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here