Preske 50 machin ak moto ap eseye pou yo rive anba ponp lan pou wè si yo ta jwenn yon tikras gaz

0
1611

Depi kèk tan, gaz la ap poze gwo pwoblèm nan peyi a. Marye ak ensekirite alimantè ak sosyal, li mete pèp lan ajenou nèt.

Nan ponp DNC an ki anfas Delma 40 lan, nou kapab konstate kantite machin ak moto preske 50 sou de ran opoze, (monte ak desann) nan lari a. Rezon an, yo tout ap eseye pou yo rive anba Ponp lan pou wè si yo ta jwenn yon tikras gaz.

Yo te konmanse bay yon ti gaz vre, malerezman machann gaz nan dwoum yo ki te anvayi espas ponp lan sou konplisite Ponpis yo ak polisye ki itilize fòs zam yo pou pèmèt plen dwoum yo san pwoblèm.

Dwoum sa yo konn ret dòmi anba Ponp lan ap tann e se yo, y ap sèvi anvan, nenpòt lè ponp lan ouvri pou bay gaz. Se pi gwo konmès nan peyi a moun k ap vann gaz nan galon jòn yo nan lari a. Machann sirèt, ze bouyi, machann sosis, machann sache dlo elatriye, tout lage kò yo nan vann gaz, atamenm chofè moto yo antre nan vann gaz tou, paske yo di: se yon lajan kwit.

Sa k pi tris la, menm kote yo fin pran gaz la nan ponp lan yo ekspoze l pou vann nan lari a pou 4 oubyen 5 fwa lavalè. Savledi, si yo achte l 250.00 goud epi lapoula yo revann li devan tout moun pou 1250.00 goud.

Se toupatou nan peyi, nan pwovens tankou nan kapital la Pòtoprens, plizyè dwoum ak galon jòn ap vann gaz nan tout lari a. Se sou de bò, w ap jwenn yo sitou sou wout Delma, wout Ayewopò, anpil lòt kote san okenn enkyetid paske Leta Ayisyen pa egziste nan peyi a. Moun fè sa yo vle, sa yo pito !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here