Premye Janvye Jovenel pa pral Gonayiv

0
3031
Plasdam Gonayiv la

Apre Ponwouyj, Vètyè, kounyea se Plasdam Gonayiv pou 216zyèm anivèsè Lendepandans peyi a, Jovenel Moise deside pou l pa al rann omaj jou Premye janvye 2020, sou plas istorik sa a.

Opozisyon an limenm te anonse depi kèk semenn jou Premye janvye a, pral yon jounen mobilizasyon. Yo pral chante lantèman yon militan ki te tonbe Cénoble Mécène.

Fò n fè konnen tou, Kowalisyon Asosyasyon Jèn Lidè nan Latibonit, te voye yon lèt bay Mgr. Yves-Marie Péan, ki se achevèk Gonayiv la kote yo te mande l tanpri pa fè mès tradisyonèl premye jou ane a ki se yon Te Deum nan okazyon jounen Endepandans lan pou latriye machann peyi yo pa vin parade nan vil kòmkwa gen yon bagay y ap regle pou pèp la.

Eske sa vle di Endepandans lan pap komemore ?

Sa siyifi tou nou tounen tèt kale nan rejim makout divalyeris-janklodis yo, paske moun sa yo, pat janm te konn ale Vètyè ni Gonayiv se toujou nan Kapital la,Pòtoprens yo te toujou fè Te Deum yo nan Katedral la ak pou 2 janvye yo te konn fè yon diskou pou komemore jou ewo yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here