Pou tout viktim goudougoudou 12 janvye 2010 yo

0
1023

Douz Janvye demildis
Solèy dòmi ak dlo nan je
Pousyè katrè klewonnen malè
Chirepit anba zèklè
Avèg

Malè troke lajwa
Pou fè n danse kanaval sou yon pye
Rèv nou akokiye
Anba dekonb

Nou kanpe devan latwoublay
Nou tranble nou tonbe
Dwèt sou bouch
Nou poze kesyon ak dlo nan je

Kako pale Nasyonal leve 

Move sant nan tonb blanchi

Pran lari Pòtoprens
De batan pòt lopital ouvè
Pou jwenn remèd pou koripsyon
Prizon louvri 
Prizonye sèl kòk chante 
Lekòl nan rekreyasyon
Pou jwenn myèt meyè ledikasyon

Chante sa a twò long
Wowoli sa a twò fen pou n konte
Zegwi sa a paka file
Sèkèy milnèfsan katrevenkat
Dirije n nan simityè demildis
Tilezanj nan bèso kou granmoun
Fanm kako kou nèg vanyan 
Kriye san mouchwa ak san nan nen
Sakad sa a pi rèd 
Douz janvye demildis
Nou pap janm bliye w
Nou pa swete wè w ankò!

Yves-Mary Fontin

(Tèks sa a se yon ekstrè rekèy powèm mwen: Ak San Grav, ki gen pou parèt)

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here