Pierre Esperance ak Magali Comeau t al fè rapò nan Mezonblanch

0
1167
Magali Comeau Denis ak Pierre Esperance

Selon sa kèk medya rapòte, jou madi 30 me 2023 a, de raketè politik ayisyen osèvis peyi meriken : Magali Comeau Denis  k ap dirije Akò Montana a ak Direktè Egzekitif Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun lan (RNDDH), Pierre Espérance t al wè patwon yo Juan Gonzalez, Direktè Senior pou Emisfè Lwès la nan Konsèy Sekirite Nasyonal nan Mezon Blanch lan ak Asistan Espesyal Prezidan Biden.

Selon chef gang 4pa4 la, ki te kidnape Shelson Sanon an « Se te yon echanj ki te pwodiktif anpil, anpil pawòl tonbe ».

Men ki sa pou yon kriminèl dwazimen kou Pyè Esperans kapab al rakonte si se pa manti kòm dabitid l al bay. Pou l fè konnen « mouvman Bwakale a se mouvman G9 wi, se BBQ wi k ap dirije l ak komisè Miskaden. Si nou pa prese fè entèvansyon militè a pou kanpe bagay sa a, li kapab rive sou mwen tou, e lè sa a, n ap pèdi m, mwen pap kapab fè bonjan rapò santi pou nou ankò non ».

Magali Komo limenm menm dirijan Akò ki t ap chache solisyon ayisyen an te oblije vin pote plent tou, pou tèlman yo roule l nan farin. Daniel Foote te di l tout bagay regle «  Akò Montana a se Akò meriken li ye , tèlman moun nan Depatman deta te renmen l». Li pa konprann tout manti y ap plede ba li, fè l tann jouk li tounen pwatann, pandanstan Ariel Henry ak Andre Michel  ap byen pase nan peyi a.  “Poukisa yo pa vle m ? Yo pa vle ban m  fè yon kou tou sou pouvwa a. Gade madan Maniga ki pat nan anyen men l gentan byen chita, li sot fè fowòm sou sekirite, epi mwenmenm depi anvan Jovenel mouri m ap travay, m poko kapab jwenn anyen.

Randevou Jamayik la se dènye a, si anyen pa mache n ap resi konn ki bwa m chofe »

Men yo ! Men dirijan nou yo, se anba yon bann atoufè, rizèz nou pran. N ap kouri dèyè chat, genlè sa k ap vini yo kapab pi rèd toujou, sitou nonm yo rele Tipyè a, sa pa vle wè lajan!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here