Okap : 2 jèn bandi jwenn arestasyon yo

0
2611
Thomas Justin alyas Pablo ki gen 26 lane ak konpayèl li Archile Joseph ki limenm gen 27 lane

Potpawòl Lapolis nan Latibonit la, enspektè Jean Mary Rochenel te fè tout moun konnen yo rive arete 2 ansasen nan gang ki te touye 28 septanm ki sot pase a Luckner Amisial, alyas saldekspo, yon bizisman nan Gonayiv. Non bandi yo se Thomas Justin alyas Pablo ki gen 26 lane ak konpayèl li Archile Joseph ki limenm gen 27 lane. Se aprè yon diskisyon ant Pablo ak yon lòt bandi ki rele Kòlonn, popilasyon an te met men sou yo, epi renmèt yo bay lapolis. Malerezman vrè ansasen an ki te fè san  Luckner koule a, Kòlonn, gentan sove, yo pa gentan mete l anba kòd.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here