Moïse Jean-Charles : konferans pou laprès !

0
1860
Moise Jean-Charles

Ansyen Senatè Nò a ki te kandida ala prezidans pou platfòm Pitit Desalin nan Moise Jean-Charles te bay yon konferans pou laprès jou ki te lendi 26 fevriye a pou l fè konnen :  li sot pran swen Kiba, li anfòm  pou l reprann mobizasyon an. Li te tou pwofite lanse yon iltimatòm  bay gouvènman an Moise/Lafontant.  Senatè a deklare karebare :  li bay Jovenel yon semèn pou l satisfè revandikasyon viktim mache ki te boule yo.

Ansyen kandida mande pou otorite yo nan leta a bay siy klè,  yo pral fasilite lajistis sou ankèt senatè yo te fè sou fon PetroCaribe a.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here