Mèt Gérard Gourgue, prezidan Ponmoren an kite sa

0
1336
Mèt Gérard Gourgue

Mèt Gérard Gourgue ansyen pwofesè ak defansè dwamoun, ansyen minis lajistis  ak ansyen kandida prezidansyèl, mouri jou ki te vandredi 4 desanm 2020 an, nan lopital Kanape-Vè twa (3) jou apre l te fin selebre 95zyèm anivèsè nesans li. 

 Li te yon figi enpòtan sou sèn politik la pandan ane 1970 yo, pou rive nan ane 2000 yo. Nan lane 1986, li te youn nan moun Jean Claude Duvalier ak Meriken te kite nan tèt peyi a bòkote Henri Namphy ak Williams Regala. 

Li te kandida pou laprezidans nan lane 1987, men 6 fevriye 2001, Konvèjans Demokratik la, yon kowalisyon òganizasyon pati politik ki te nan òpozisyon kont Lavalas ak Jan Bètran Aristid te fè l fè yon kout prezidan pou opozisyon an kote yo te enstale l nan lokal OPL.

Fanmi Gourgue ap resevwa zanmi, elèv, avoka, pwòch paran elatriye nan Otèl Montana, mèkredi 9 desanm lan, soti katrè pou rive sizè  nan apremidi .

  Fineray Mèt Gérard Gourgue ap chante nan Legliz Kriswa jedi maten 10 desanm  lan. Moun k ap dirije Leta Ayisyen an jounen jodia chwazi bay mèt Gourgue yon fineray nasyonal.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here