Kote Lovinsky Pierre-Antoine pase ?

12 Out 2007-12 Out 2019 : Douzyèm anivèsè disparisyon Lovinsky Pierre-Antoine

0
3999
Lovinsky Pierre-Antoine

Lovinsky Pierre-Antoine, ansyen dirijan fondasyon 30 septanm  te disparèt nan peyi a jou ki te 12 out 2007 sou gouvènman Preval la. Lovinsky se te yon militan ki te kanpe nan kan pèp la pou  ede viktim koudeta 1991 yo. Chak mèkredi li te konn òganize sou Channmas la yon manifestasyon popilè pou mande jistis pou pèp la.

Se aprè yon reyinyon li te gen nan Delma ak yon delegasyon Ameriken ak Kanadyen envestigatè dwa moun, bandi politik yo te kidnape Lovinsky. Ayiti Libète pap janm sispann mande kote Lovinsky pase ?

N ap sonnen lanbi sa a chak ane nan zòrèy sanmanman yo pou n fè yo konnen nou pa bliye, nou pa bliye yo, nou pap janm bliye Lovinsky tou.

Nou pa ka bliye Lovinsky, l ap viv nan memwa nou. Trèt yo, kapon yo ki sasinen l yo. Si yo pa lach pouki yo pa kanpe pou yo di : se yo ki disparèt Lovinsky !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here