Kalvè Drapo n

0
3519
Drapo n nan vle di aklè gason konsekan ak fanm vanyan pa bò isit pap janm bese lebra devan peyi enperyalis je vèt malfèktè yo...

Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Pawòl Ochan Peyi a 

Anpil gwo istoryen pat janm fè n chich ditou pou yo rakonte n ak ladrès tout pil sakrifs zanzèt vanyan nou yo te fè pou yo te ban n Drapo sa a ki se mak fabrik libète n ak volonte pou n gen dwa grandèt majè n. Sa vle di n pa bezwen pèdi twòp tan pou n pale anpil sou tout sa nou tout konnen deja. Men sa anpil nan nou ka pa konnen se kantite pil kalòt marasa, kout pye, plòt krache ak lòt kalte imilyasyon ki pa gen non Drapo n nan pran nan men mouche leblan mannan malveyan ak pwòp pitit nannan zantray li.

Drapo n nan vle di aklè gason konsekan ak fanm vanyan pa bò isit pap janm bese lebra devan peyi enperyalis je vèt malfèktè yo pou di yo deside siyen divòs ak chenn lesklavay yo te mete nan men yo ak nan pye yo nan non pil bondye yo a ki pa janm di kwik e ki ta menm konplis. Pou koumanse gen gwo konfizyon sou ki koulè ekzat premye Drapo n nan te ye. Se sa ki esplike tou nan plede fè gwo lese frape pou pouvwa chak chèf grenn plen pat pè pat krenn kreye Drapo pa l ki rele l chèmètchèmètrès.

Men si n chita sou koze ki di se moso blan nan drapo blan franse yo Papa Desalin te rache jete pou l te fè pa n nan sa ta vle di de lòt koulè rete yo se ta ble ak wouj. Nou tout dakò tout aksyon sa a yo te pase nan Lakayè nan lokazyon yon gwo rasebleman anba chal yo te rele Kongrè Lakayè kote tout gwo gwo potanta lame Endijèn yo te reponn prezan byen bonè nan maten 18 me 1803 anvan bajou kase. Epi se yon fanm vanyan ki rele Katrin Flon ki te defofile bobin fil pou file yon ti zegwi pou l te ka koud de moso twal yo ansanm pou fè yo vin Drapo pa n nan.

Pil koulè Drapo a

Pran 1859 pou rive 1964 Drapo n nan te toujou wouj ak ble. Jiskaske Franswa Divalye grenn plen te deside chanje moso ble a ranpase l pa nwa. Konsa Drapo n vin nwa ak wouj. Epi se jis lè Pèp Souvren an dechouke ke makak yo bay pou Janklod Divalaye a ak tout tatawèl li yo an1986, gouvènman ki te la a retounen ak Drapo ble ak wouj la e ki la pou jis jounen jodi a. Si n gade nan fèy listwa 1ye pi gwo kalòt marasa derespektan Drapo n nan pran se ananba zago yon ambasadè zagoloray Lalmay ki te rele Kout Chevrin ( Count Chwerin ).

Nonm Kout sa a ak yon makòn zagoloray salopri matchopwèl li ki te bade Drapo n nan ak yon gwo plòt okabine ki gen menm lodè epi ki tèt koupe ak pil malpwòpte ki te fè zak vagabonday omajiskil sa a. Men tout sa de pou montre n kijan blan enperyalis malveyan sa a yo rayisab nan pwen pou tout krèy wa nan peyi Lafrans yo te kanpe an kwa yo pap rekonèt Lendepandans nou an toutotan n pa dakò pou n achte l byen chè nan men yo lajan kontan. Blan franse wi yo di w !!!! Yo kite mechan malveyan ak malfèktè dèyè nèt.

Sa k te pase ojis ?

Se te nan lane 1890 gen yon endividi yo bay pou Emil Lidès ki se pitit yon blan Alman ak yon fanm Ayisyèn natif natal orijinal lakay. Nonm Lidès sa a te gen yon lokal nan kwen ri Fwonfò ak ri Dipèp kote l te konn gade zannimo bèt seren sele bride parèy li. Zak sa n pral rakonte la a montre n kouman blan toujou met nan tèt yo rasis ak derespektan se yon fason pou montre yo siperyè.

Se konsa yon 21 septanm 1897 lapolis debake nan lajounen vin arete yon ti jennonm 19 lane ki t ap travay ak li ki te rele Dòleyis Prezime. Yo te lonje dwèt jouda sou li kòmkwa l te maton nan aktivite dwèt long siperyè. Ti bonnonm nan tèlman fè wondonmon ak eskonbrit, nonm Lidès la ki te nan chanmòt la t ap bwè yon tas kafe byen cho te desann vin gade sa k genyen. Epi l te kanpe an kwa pou lapolis pat arete nonm yo akize kòmkwa ki maton nan ekzèsis vòlò a.

Pòv defen Grann mwen te toujou di kote mal bourik la ponpe a se menm kote a ou simaye baton gayak nan bouda l san gade dèyè!

Lapolis yo ki pat nan tete lang ak Lwijanboje yo bay pou Lidès la te arete ti bonnonm nan kan menm. Sa vle di yo fouke Dòleyis mennen l ale. E, nonm Lidès la al nan pòs polis la al salanbe polisye yo pou yo lage ti travayè l la. Kòm li met nan tèt li l se blan mannann l gen dwa fe sa l pi pito an Ayiti, li antre 400 kilomèt anndan manman polisye yo l al kache l pa janm sonje soti. N pa bezwen di n se sa l bliye l pat di yo. Aaaa se pa de chaplè betiz sal nonm bouch latrin nan pat deplòtonen sou polisye yo. Long kou yon ke pis li vole nan kòlèt yo pou sapata yo ak de bèl majè kalòt marasa.

Pòv defen Grann mwen te toujou di kote mal bourik la ponpe a se menm kote a ou simaye baton gayak nan bouda l san gade dèyè! Otorite lapolis yo fouke Lidès tou epi otorite lajistis yo kondane l pou l pase yon mwa nan prizon anplis yon pennalite 48 pyas pou l peye pou radiyès sa a ki mele ak tout yon grenn pèmèt. Malgre misye te al nan apèl yo kondane pou l pase yon lane nan prizon jou ki te 14 oktòb 1897. Twa jou apre Lalmay mare sosis rasis li ak peyi Yannki malfini bèk asye pou ekzije anile kondanasyon an. Sa k pi mal la, yo reklame libète pou Lidès epi revokasyon polisye yo ak tout jij ki te fè jijman an pou fè yo peye radiyès sa a poutèt yo te fè kondane yon blan grenn plen nan tout bouda l pi mal pase GNB.

Kont Chewin sal drapo a

Paske nan peyi pa bò isit nenpòt ti blan bouda chire se wa, Prezidan Tirezyas Simon Sam pou evite kont mande pou libere Lidès ki kouri met van nan vwèl li jou ki te 22 oktòb 1897 al chwe jis an Almay. Gen yon chaje dafè atoufè nazi ( Makout Alman an yo ) yo bay pou Kont Schewin ki debake an channgo jou ki te 6 desanm vin fè kont ak otorite Leta a yo. Se konsa li te fè gouvènman Sam nan yon bann ekzijans pou l ekzekite menm kote a. Si se pa sa 2 bato lagè Almay yo Chalòt ak Estenn pe kalonnen peyi a san gade dèyè ak boum peta kout kanno kraze brize. E nou tout deja konnen pran 1492 rive jonen jodi a se gwo malè blan toujou pote sou bout tè sa a.

Malgre gouvènman Tirezyas Simon Sam nan te kouri bay blan chovay yo tout sa yo te mande yo, sa pat anpeche gwo malè te rive Drapo n nan. Chajedafè move zafè nazi ak ak tout kolonn bayakou amelyore parèy li yo te desann pantalon yo bade Drapo n nan ak yon gwo serenad plòt okabine dyare kolera ki tèt koupe ak yo si w konn de gout dlo kokoye Anglad lè w rive nan zòn Zanglè sou wout Okay. Epi tou se pa t ap dènye fwa blan malfektè t ap manke Drapo n nan dega san parèy sa a. Premye so pa so. Se konsa Drapo n nan te fèk kare pran so kabrit sa a yo.

Okipasyon Yannki

N sonje depi nan lane 1914 te gen yon lagè chen manje chen pou wè kiyès k ap rive galope pi lontan sou chwal pouvwa a. Orès Zamò, Michèl Orès, Davilma Tewodò, Vilbren Giyòm Sam te pase kou pap padap sou pouvwa a. E prezidan Etazini an Woudra Wilsonn ki te fè kou l konnen pou l lage Ayiti nan gwo katchouboumbe san parèy. Bagay yo te tèlman myèl Pèp Souvren an te manje Vilbren Giyòm Sam ak yon grenn sèl lè l te fin pase lòd pou sasinen yon dikdal prizonye politik

Wilsonn sa a te sèvi ak pretèks pil kabouya sa a yo pou l te ka voye konbyen milye jandam rasis parèy li vin fè chen anraje parèy yo manje pitit Pèp la epi okabine plòt imilyasyon Okipasyon sou Drapo n nan.

Se te pi bèl kado nonm Wilsonn sa a te ka bay tèt li voye kriminèl li yo vin okabine sou Drapon n nan. Pran jiyè 1915 sa a w tande a pou rive jis 1934 tout kote kriminèl san fwa ni lwa yannki sa a yo pase nan Nò ak nan Sant yo sasinen anpil Kako ak tout koumandan yo Chalmay Peral ak Benwa Batravil. Nan Machatè pa twò lwen Okay difon yannki sansi yo te sasinen epi bwè gout san yon rado peyizan tou. Fèy papye listwa fè n wè yannki yo ak tout patwon yo pran anpil filing nan okabine sou drapo n nan epi bwè san peyizan nan ti wou chalimo.

depi 2011 Obama te voye madan Kingkong vin enpoze Ayiti rejim bandi Tèt Kale sou pouvwa a.

Sèlman 7 mwa apre Prezidan Aristid fin monte sou pouvwa a nan lane 1991 kote l te pote lamayòl nan chanpyona eleksyon 1990 yo, depi 29 ak 30 septanm nonm Jòj Bouch la (papa) a te estonmake anpil poutèt se pat tchoul li a Makak Baznen ki te bon. Konsa l te bay anbasadè Yannki Alvin Adanms alyas Bourik Chaje misyon pou l te mare konplo ak Rawoul Sedras koumandan lame panzouyis la a ak chèf lapolis kriminèl la Michèl Franswa pou yo te mitonnen yon panzou epi yo kanpe lame FRAP pou sasinen plizyè milye militan ki nan mouvman popilè yo.

Apre 3 lane men longè nan kanpe lwen pa pwoche, pou prezidan Aristid te ka retounen nan peyi l vin kontinye manda l se 22 mil militè sanguinè atoufè dechèpiyè san manman Bil Klintonn alyas Awousa KIRA (CIRH) te voye vin okabine sou Drapo n nan yon lòt fwa ankò. Oooo pa sezi non paske malgre sa kalvè Drapo n nan pa ko janm fini toujou….E depi 2011 ak bandi Tèt Kale yo sou do chwal pouvwa a chaplè kalamite Drapo n nan pa ko prèt pou jwenn yon bout.

Si n sonje byen nan lane 2004 Jòj Bouch (pitit) mare konplo ak lame asayan Gi Filip la ak pil matchòpwèl milat, mafya Arab ak Jwiferan GNB yo tankou Apèd Bekè Boulòs elatriye pou bay Titid yon lòt panzou pi rèd ankò. Fwa sa a ankò Yannki rasis yo te twò kontan manje tout vye tchaw yo jwenn nan poubèl 0 yo te ka vin okabine dyare Sida Kolera sou Drapo n nan toujou a gran lijyèn san gade dèyè. Detan yo mete kanpe yon kò lame bandi ak atache pou ka kontinye sasinen tout pitit lakay ki deside mennen gwo batay pou pwoteje epi kontiye defann respè ak diyite Drapo n nan.

Anplisdesa menm anpil lòt peyi ki gen doktora nan demokrasi pa gen pyès pwoblèm pou yo vin patisipe nan ekzèsis okabine sou Drapo n nan eskzanp Miniya, Mani, Minista, Minijis. Se sa tou ki esplike depi 2011 Obama te voye madan Kingkong vin enpoze Ayiti rejim bandi Tèt Kale sou pouvwa a. E se te pi gwo kalòt marasa Drapo n nan te ka pran nan tout lajè batwèl machwè l san gade dèyè pou jis jounen jodi a. Anplis jimnastik kontinye salopete Drapo a, gen pou pi piti 4.6 milya dola Petwo a ki fonn nan fon pòch tou won san fon awousa amelyore PHTKK a yo.

Epi, depi 2011 chak fwa Pèp Souvren an ki pa kapab ankò anba katachapika mizè kidnaping ensekirite lavichè grenn dola pou 110 pyas leve kanpe pou dechouke Jovnèl, menm kote a 4.6 milya kòn anpwazonnen 17 longè pouse nan fontenn Kanada, Lafrans, Langletè Depatman Leta pou yo defann epi kore rejim dechèpiyè PHTKK a ak matchòpwèl GNB dlo afè pa bon pote vini depi sou tan Benmbo vin pran piyay peze souse detan yo toujou mete yo nan pozisyon pou pèmèt tout malfini bèk fè yo vin pyafe sou po vant Drapo n nan gratis ti cheri.

Tout sa vle di chak 18 me se jou dèy Drapo n nan ki toujou dlo nan je. Men jou va jou vyen. Chen fè rèv li l ret nan kannkès kè l. Jou lavman jilèt la gen pou l rive. Jou sa a hmmmm…

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here