Jistis pou Tousen Louvèti

0
31
Moniman Tousen Louvèti nan Fòdejou

Lè w kidnape m, ou koupe pye bwa libète a
Men l ap repouse paske rasin li yo anpil anpil…
Pawòl selèb Tousen

Mwen toujou sipliye moun yo angras pou yo sispann di Tousen mouri nan Fòdejou nan peyi Lafrans 7 avril 1803. Non non non paske se pa ni yon aksidan machin ki chavire avè l ki touye l. Se pa ni maladi pwennfèpa ki koupe souf li. Se pa avyon k te pote l la k sot tonbe k kraze plat miyèt moso ak li. Se pa bato k te pote l la ki ta kase dyòl li sou resif patannte ki ta fè l koule epi pou Tousen ta neye. Se wa Lafrans nan epòk la ki marinen gwo konplo pou sasinen Pye Mapou Libète a pou vale dènye gout san l.

Di dyab Lafrans yo bonjou y ap manje Tousen sou dan devan kanmenm. Pa di dyab Lafrans yo bonjou depi 7 avril 1803 yo te bwè dènye gout san Tousen nan twou chalimo mechanste ak vyolans rasis. Se te ak 2 ran dlo nan 2 grenn je Ayisyen te aprann move nouvèl ki te tonbe ki di Tousen Louvèti tonbe nan Fòdejou kote l te rive rann dènye gout souf li. Kòm nou sot di l la moun ki lonje pwent dwèt jouda l montre koulèv la se limenm ki sasinen l.

Enben pouki n bijo nan benyen toutouni pou n ta konprann nou kache twou lonbrik pou pesonn pa wè l ? En en, se pa vre. Depi w deside pou w benyen toutouni gwo lajounen, fòk tout lonbrik w ekspoze sou laplas piblik pou tout moun ka wè l. Sa a ta vle di 7 avril 2024 sa fè 221 lane depi Pye Mapou Libète a te rann dènye souf li Fòdejou apre l te fin pran plizyè kout rach mechanste nan epòk sa a.

Fòdejou sa a w tande se nan peyi Lafrans li ye. S ak pi grav la pou m pa di revòltan se menm blan èsklavajis chanpyon nan chanpyona jenosidè sa a yo ki pa menm wont vin pote Zezi bay pitit pitit Tousen yo. Wi se grav anpil pou 221 lane apre zak sasinay sa a se menm pitit kolon sanginè sa a yo ki gen baryè lib pou vin fware sèvo pitit pèp la nan fason yo rive pwograme nou nan lekòl kolonyal yo.

Nou sonje an 2004, 200 lane apre, se menm restan kolon kriminèl jenosidè yo ki te sasinen Tousen yo ki toujou reponn prezan kou dan devan nan demach pou te krache sou selebrasyon 200 lane libète. Sa k ka frennen lang yon moun pou ta anpeche l pike devan pou l di se wa Lafrans nan epòk la ki fè sasinen Tousen pou l te ka vale tout gout san l. Nan lokazyon 221 yèm anivèse lanmò pyebwa libète a ki se Tousen Louvèti li lè li tan pou n leve kanpe

Li lè li tan pou n gen kouray mande kareman pou jije memwa wa Lafrans nan epòk la ki te bay lòd mete nonm nan nan depo, nan frijidè sa a. Èske wa kriminèl sa a ak tout san kè san fyèl sa a ki te voye l al mouri nan Operasyon Bwa Kale nan kondisyon sa a ? Epoutan an 2024 se menm fransè sa a yo ki gen doktora nan operasyon kriminèl omajiskil sa a yo ki bay tèt yo meday lò kòm chanpyon nan chanpyona  respè dwa moun.

Kòm pwovèb la di l la mal chen ki te konn manje ze pou l kayèt depi l wè yon po ze fòk li santi l kan men. Yè fè 30 lane depi menm Lafrans sa a te kwaze bral kite Toutsi ak Outou yo  youn sasinen 1òt jis yo rive 1 milyon nan yo. Se depi kèk lane anvan Tousen te koumanse mennen gwo batay pou kase chenn lesklavaj la, men se misyon Zezi te bay blan èsklavajis yo yo se te kenbe n avi nan chenn lesklavaj.

Gwo avantaj Lafrans ak tout lòt peyi jenosidè yo genyen kraze Ayiti ak disparèt mas pòv yo se 2 pi gwo grenn misyon krèy dye Izrayèl yo ba yo. Alòs nan lokazyon 221 yèm lane depi blan fransè malfèktè te sasinen Tousen gwo jounen, nou menm Ayisyen ki pa gen rès chenn lèsklavaj la makònen sèvo n, nou mande jistis pou Tousen. Nou menm Ayisyen konsekan ki dakò n se bon jan rasin pye bwa libète a se yose n gwo deva memwa pou n mande jistis pou Tousen.

Mande epi rive jwenn jistis pou Tousen ki se Pye Mapou Libète a se yon bòn aksyon sivik ki gen pou de gwo objektif. Premye a se kontinye bay ochan pou memwa Tousen Louvèti ki se Pye Mapou Libète a ki merite piplis ke sa. Dezyèmman se di Lafrans nan boul figi l li manti kou chen l pa okenn defansè dwa moun. Okontrè l merite diplòm kòm pi gwo kadejakè sou dwa moun sitou sou pil zansèt nou yo l te sasinen nan chenn lesklavaj.

Lè tout pitit pitit Tousen yo gen kouray pou n gade Lafrans nan je pou n mande l jistis pou Pye Mapou Libète a se rive demaske kouch penti ipokrizi ak kagezon mechanste ki nan boul figi blan kolon jenosidè yo ki te konn plede mache fè kwè yo se defansè dwa kretyen vivan. Rive fè Pye Mapou Libète a jwenn jistis se yon fason pou mande Lafrans remèt tout milya yo te fè nan peze gòjèt nou pou te fè n peye pou lendepansans la.

Rive fè Pye Mapou Libète a jwenn jistis se mande reparasyon pou tout zak briganday zenglendo ak kriminèl Lafrans yo te fè nan peyi a epi rekonpanse Zansèt nou yo pou tout sakrifis yo te fè pou te pèmèt nou egziste kòm premye Pèp Nwa ki se manman ak papa Libète tout pèp nwa sou tout latè ak yon istwa ki san parèy. Se vre memwa tout zansèt nou yo merite bèl ochan paske yo te travay pou sa.

Pwofesi Pye Mapou Libète a dwe ateri jounen di a. 221 lane apre wa Lafrans te deside pase lòd pou bay Tousen Bwa Kale nou menm ki konsyan sou sa, nou kanpe sou de pye militè n pou n mande Jistis ak Reparasyon pou Pye Mapou Libète a. Jistis, Jistis, Jistis pou Tousen Louvèti. Jistis Jistis, Jistis pou Pye Mapou Libète a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here