Jistis pou Ronald Dufresne !

0
1415
Manifestasyon solidarite chofè motosiklèt zanmi/kanmarad Ronald yo

Aprè sasinay Ronald Dufresne, yon chofè taksi motosiklèt, nan Delmas 95 jou ki te 14 fevriye a pandan kokenn manifestasyon kont Jovenel Moise la, yon gwoup chofè motosiklèt parèy li te dakò jou lendi 22 fevriye 2021, rann li omaj kote yo mache nan lari yo pou yo pwoteste, mande jistis kòmsadwa pou Ronald. 

Se avèk foto viktim lan sou motosiklèt yo, chofè taksi motosiklèt yo desann Channmas anvan yo  al kanpe sou wout Delma a. Tout nan wout la y ap chante : yo ban nou kou a, kou a fè nou mal yo”. 

Sou Delma a, manifestan yo deklare : « Noumenm, chofè motosiklèt yo n ap kontinye batay la”, nou pwomèt Ronald yo sasinen an . Remake ti kantite motosiklèt taksi ki reponn pou patisipe nan mach la, youn nan manifestan yo te rele desepsyon li, li te bat: “jodi a, se noumenm chofè motosiklèt ki viktim, demen li ka oumenm.” K ap gade nou, e se nan moman sa ou pral mande moun yo pou yo kanpe ».

Epitou manifestan an te vle depoze nan Delma 95 lan yon kouwòn kote kamarad yo Ronald Dufresne te mouri anba bal epi apre yo boule kadav li.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here