
Pastè Moïse Joseph sibi anpil enjistis an Ayiti, espesyalman nan komin Fò libète kote li te jwenn arestasyon li depi nan mwa septanm 2025 pou swadizan patisipasyon li nan sasina avoka Albert Joseph nan Wanament.
Se te yon konkenn konplo ki te monte pou demantibile l, konsa antrepriz li genyen yo l ap vann yo oubyen l a pèdi yo. Se konsa sa ye ann Ayiti, malere ak malerez pa gen dwa ap fè jefò devlopman.
Depi nan kesyon kanal KPK a, pastè a te gen anpil pèsekisyon pou l te mete yon fren nan koze kanal la. Malgre pastè a pat koupab nan sasinay avoka, yo jwenn vrè moun lan, malgresa yo te kenbe pastè a nan prizon. Malgre tout mobilizasyon anpil moun fè, lenjistis pat wè, li pa tande. Konsa yo te kenbe sitwayen an nan prizon san rezon. Sitiyasyon sa a te denonse kòm yon vyolasyon dwa fondamantal pa plizyè òganizasyon relijye ak dwa moun.
Se konsa Jou lendi 9 fevriye 2026, lenjistis oblije bay legen , li libere pastè a apre anpil presyon ki fèt sou yo. Anoil anmi Pastè a tankou avoka
Se yon kokenn viktwa pou malere malerez ki t ap defann pastè a. Yo fòse lenjistis la fè bak sou desizyon malonèt, illegal yo te pran kont pastè Moise.








